Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Matthieu 17

1

Sis jou pita, Jésus te pran 2Pierre, Jacques ak frè li, Jean pou kont yo, e te mennen yo sou yon mòn byen wo. Konsa, Li te transfòme la devan yo. Figi Li te klere tankou solèy la, e vètman li te vin blanch tankou limyè. Epi konsa, gade, yo te wè Moïse ak Elie ki t ap pale avèk Li.

Pierre te di a Jésus: “Senyè, se bon pou nou isit la. Si Ou vle, 3m ap fè twa tabènak isit la; youn pou Ou, youn pou Moïse, e youn pou Elie.”

Pandan Li t ap pale, vwala, yon nwaj byen briyan te kouvri yo. E konsa, 4yon vwa sòti nan nwaj la e te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an. Avèk Li, Mwen byen kontan. Koute Li!”

Lè disip Li yo te tande sa, yo te tonbe sou figi yo byen sezi avèk laperèz.

Jésus te vin kote yo. Li te touche yo, e te di: “Leve, e 5pa pè.”

Lè yo leve zye yo, yo pa t wè pèsòn sof ke Jésus ki te la pou kont Li. 6

Pandan yo t ap desann mòn nan, Jésus te kòmande yo: “Pa pale pèsòn afè vizyon sila a jiskaske Fis a Lòm nan fin 7leve soti nan lanmò.”

Epi disip Li yo te mande L: “E poukisa Skrib yo toujou di ke 8Elie oblije vini avan?”

Li te reponn yo: “Elie ap vini e l ap restore tout bagay. Men Mwen di nou ke Elie te vini deja, e yo pa t rekonèt li, men yo te fè avè l sa ke yo te pito. Menm jan an, 9Fis a Lòm nan ap soufri nan men yo.”

Konsa, disip yo te vin konprann ke Li t ap pale de Jean Baptiste. 10

Lè yo rive bò kote foul la, yon mesye te vin tonbe sou jenou devan Li. Li te di L: “Senyè, gen pitye pou fis mwen an. Li se yon 11epileptik; li byen malad. Souvan li tonbe nan dife a, e pafwa menm nan dlo. Mwen te pote li bay disip Ou yo, men yo pa t kapab geri li.”

Jésus te reponn. Li te di: “O jenerasyon enkredil e pèvès; pandan konbyen de tan M ap avèk nou? Pandan konbyen de tan M ap sipòte nou? Mennen li ban Mwen!” Jésus te reprimande lespri a. Dyab la te sòti sou li, epi jennonm nan te geri lapoula.

Konsa, disip yo te vin kote Jésus an prive. Yo te mande L: “Poukisa nou menm pa t kapab chase l?”

Li te di yo: “Paske lafwa nou tèlman piti. Paske konsa Mwen di nou: 12Si nou gen lafwa gwosè yon grenn moutad, nou ap di a mòn sa a: ‘Deplase ou isit la, ale la,’epi l ap prale. Nanpwen anyen k ap enposib pou nou. 13Men kalite sila a pa sòti sof ke pa lapriyè, avèk jèn.” 14

Pandan yo t ap rasanble Galilée, Jésus te di yo: “Fis a Lòm nan prèt pou livre nan men a lèzòm. 15Yo va touye Li, e Li va leve nan twazyèm jou a.” Yo te byen tris.

Lè yo te ale Capernaüm, sila ki te fè koleksyon taks 16drachma yo te vin Kote Pierre, Li te mande l: “Èske mèt ou a pa peye taks drachma?”

Li te reponn: “Wi”.

Lè Pierre te antre nan kay la, Jésus, akoz Li te konnen sa li t ap mande, te di: “Kisa ou panse, Simon? Nan men ki moun wa sou latè yo ranmase 17tarif ak enpo? Èske se nan men fis pa yo, oubyen èske se nan men moun yo pa rekonèt?”

Lè li reponn: “Moun yo pa rekonèt”, Jésus te di l: “Konsa, fis yo egzante. Sepandan, pou nou pa 18ofanse yo, ale bò kote lanmè a; voye yon filè ladann e rale premye pwason ki vini an. Lè nou ouvri bouch li nou va wè yon statère (yon kòb Women). Pran li pote bay yo pou ou ak Mwen.”

Source notes (18)
  1. Cross-reference Mc 9:2-8
  2. Cross-reference Mat 26:37
  3. Cross-reference Mc 9:5
  4. Cross-reference Mc 1:11
  5. Cross-reference Mat 14:27
  6. Cross-reference Mc 9:9-13
  7. Cross-reference Mat 16:21
  8. Cross-reference Mal 4:5
  9. Cross-reference Mat 8:20
  10. Cross-reference Mc 9:14-28
  11. Cross-reference Mat 4:24
  12. Cross-reference Mat 21:2
  13. Cross-reference Mc 9:29
  14. Cross-reference Mc 9:30-32
  15. Cross-reference Mat 16:21
  16. Cross-reference Egz 30:13
  17. Cross-reference Wo 13:7
  18. Cross-reference Mat 5:29-30

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.