Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Matthieu 12

Nan lè sa a, Jésus te pase nan chan sereyal yo nan jou Saba a e disip Li yo te vin grangou. Yo te kòmanse keyi tèt grenn sereyal pou manje yo. Men lè Farizyen yo te wè sa, yo te di Li: “Gade, disip Ou yo fè sa ki 1pa pèmi nan yon jou Saba.”

Men Li te di yo: “Èske nou pa li sa ke David te fè lè li te vin grangou; li menm avèk lòt moun ki te avè l yo? Jan li te antre nan kay Bondye a, e 2te manje pen ki te konsakre ki pa t pèmi pou li ta manje, ni pou sa yo ki te avè l yo, men te sèlman pou prèt yo? Oubyen èske nou pa t li nan Lalwa a ke nan jou Saba a, prèt yo nan tanp lan te konn vyole Saba a men rete inosan? Men Mwen di nou ke yon choz 3pi gran pase tanp lan isit la. Men si nou te konnen kisa sa vle di: 4‘Mwen dezire mizerikòd olye sakrifis’, nou pa t ap kondane inosan yo. Paske 5Fis a Lòm nan se Senyè Saba a.”

Konsa, Li te 6kite la e te ale nan sinagòg yo. Epi vwala, te gen yon mesye avèk yon men ki sèch. Farizyen yo te mande L: 7“Èske li pèmi pou geri nan jou Saba a?” Yo te mande sa a pou yo ta kapab akize Li.

Li te reponn yo: 8“Ki moun nan sila ki pami nou yo, si li te gen yon mouton ki tonbe nan yon twou nan Saba a, pa t ap lonje pran l e fè l sòti nan twou a? 9Konbyen plis valè a yon moun pase yon mouton? Ebyen, li pèmi pou fè sa ki bon nan Saba a.” Konsa, Li di mesye a: “Lonje men ou!” 10Li te lonje li, e li te retounen nòmal tankou lòt la. Men Farizyen yo te soti deyò, pou 11fè konplo ansanm kont Li, sou kijan yo ta kapab detwi L.

Men Jésus te vin konnen tout sa, e Li te retire kò l.

Anpil moun te swiv Li, e 12Li te geri yo tout.

Epi Li te 13pase lòd pou yo pa fè pèsòn konnen ki moun Li te ye. Sa te fèt pou akonpli sa ki te pale pa pwofèt Ésaïe a lè li te di: 14

“Gade sèvitè Mwen ke Mwen te chwazi a; 15

byeneme Mwen ki fè nanm Mwen byen kontan an.

M ap mete lespri Mwen sou Li,

e Li va pwoklame jistis a payen yo. 16

Li p ap diskite, ni kriye;

ni pèsòn p ap tande vwa Li nan lari. 17

Yon wozo brize, Li p ap kase,

e yon fisèl bouji k ap toufe,

Li p ap tenyen,

jouk lè Li mennen jistis la rive nan viktwa a. 18

Nan Non Pa Li, payen yo ap gen espwa.” 19

Apre sa, yo te pote bay Li yon mesye ki te avèg e bèbè akoz yon move lespri. Li te geri li, e bèbè a te vin pale e li te vin wè. Tout foul la te etone, e te kòmanse di: “Èske se posib ke moun sa a kapab 20Fis a David?” Men lè Farizyen yo tande sa, yo te di: “Mesye sa ap 21chase move lespri sa yo pa Béelzébul ki mèt a tout move lespri yo.” 22

Li te konnen panse yo, e Li te di yo: “Nenpòt wayòm ki divize kont pwòp tèt li va gaye; e nenpòt vil oswa kay ki divize kont pwòp tèt li p ap kanpe. Si se 23Satan k ap jete Satan, li divize kont pwòp tèt li. Konsa kijan wayòm li va kanpe? Epi si Mwen menm 24pa fòs Béelzébul, chase move lespri yo, pa kilès fis nou yo ap jete yo? Pou rezon sa a, se yo menm k ap jije nou. Men 25si Mwen chase move lespri yo pa Lespri Bondye a, wayòm Bondye a gen tan vini sou nou. Oubyen kijan yon moun kapab antre nan kay a nonm fò, pou pran tout byen li, sof ke premyèman li mare nonm fò a? Lè l fini, l ap piyaje kay la. 26

“Sila ki pa pou Mwen an, kont Mwen; e sila ki pa ranmase avè M nan ap gaye. 27Pou sa, Mwen di nou, nenpòt peche, menm blasfèm kapab padone; men blasfèm kont Lespri Sen an p ap kapab padone. 28Nenpòt moun ki pale yon mo kont Fis a Lòm nan, l ap padone; men nenpòt moun ki pale yon mo kont Lespri Sen an, sa p ap padone, ni nan 29laj sila a ni nan laj k ap vini an.

“Swa pyebwa a bon, e fwi li bon; oubyen pyebwa a pouri e fwi li pouri. 30Pyebwa a rekonèt pa fwi ke li bay. 31Nou menm nich vipè, jan nou mechan; kijan nou sipoze nou kapab pale sa ki bon? Se bouch la ki pale tout sa ki plen kè a. 32Bon moun nan fè sòti nan bon trezò li, sa ki bon; e move moun nan fè sòti nan move trezò li, sa ki mal. Epi Mwen di nou ke nan 33jou jijman an, moun ap rann kont pou chak ti mo ke yo pale anven. Paske pa pawòl nou, nou va jistifye; e pa pawòl nou, nou va kondane.”

Kèk nan Skrib ak Farizyen yo te reponn li konsa: 34“Mèt, nou vle wè yon sign de Ou menm”.

Men li te reponn yo konsa: 35“Yon jenerasyon mechan ak adiltè vle yon sign; men pa gen yon sign ke n ap bay sof ke sign ki pou pwofèt Jonas la. Menm jan ke 36Jonas te pase twa jou ak twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa Fis a Lòm nan ap pase 37twa jou ak twa nwit nan kè latè. Moun Niniv ap kanpe avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske 38yo te repanti lè Jonas te preche yo. Epi veye byen, yon bagay pi gran pase Jonas gen tan rive isit la. 39Rèn nan Sid la ap leve avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske li te sòti nan dènye ekstremite latè pou tande sajès Salomon; epi veye byen, yon choz pi gran pase Salomon gen tan rive isit la. 40

“Alò, lè yon move lespri kite yon nonm, li pase nan zòn sèk san dlo pou chache repo, men li pa jwenn. Konsa li di: M ap retounen lakay kote mwen te sòti a. Lè li vini li twouve li vid, bale e ranje nan lòd. Konsa l ale chache sèt lòt espri pi mal ke li. Yo antre la pou viv avè l, epi 41dènye eta a moun sa a pi mal pase premye a. Se konsa l ap ye avèk jenerasyon mechan sila a.” 42

Pandan Li te toujou ap pale avèk foul la, konsa, manman L avèk frè Li yo te vin parèt pa deyò akoz yo te vle pale avèk Li. Yon moun te di li: “Gade, manman Ou avèk frè Ou yo kanpe deyò a pou pale avèk ou!”

Men Li te reponn sila ki te pale avèk Li pou di l: “Kilès ki manman M? E kilès ki frè M?” Konsa, byen lonje men L vè disip Li yo, Li te di: “Gade manman M ak frè Mwen yo. Paske sila ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la, se li menm ki frè M, sè M, ak manman M.”

Source notes (42)
  1. Cross-reference Mat 12:10
  2. Cross-reference I Sam 2:16
  3. Cross-reference II Kwo 6:18
  4. Cross-reference I Sam 6:6
  5. Cross-reference Mat 8:20
  6. Cross-reference Mc 3:1-6
  7. Cross-reference Mat 12:2
  8. Cross-reference Luc 14:5
  9. Cross-reference Mat 10:31
  10. Cross-reference Mat 8:3
  11. Cross-reference Mat 26:4
  12. Cross-reference Mat 4:23
  13. Cross-reference Mat 8:4
  14. Cross-reference És 42:1
  15. Cross-reference Mat 3:17
  16. Cross-reference És 42:2
  17. Cross-reference És 42:3
  18. Cross-reference Wo 15:2
  19. Cross-reference Mat 9:32,34
  20. Cross-reference Mat 9:27
  21. Cross-reference Mat 9:34
  22. Cross-reference Mat 23:27
  23. Cross-reference Mat 4:10
  24. Cross-reference Trav 19:13
  25. Cross-reference I Jn 3:8
  26. Cross-reference Mc 9:40
  27. Cross-reference Luc 12:10
  28. Cross-reference Luc 12:10
  29. Cross-reference Mat 13:22,39
  30. Cross-reference Mat 7:16-18
  31. Cross-reference Mat 3:7
  32. Cross-reference Pwov 10:20,21
  33. Cross-reference Mat 10:15
  34. Cross-reference Mat 16:1
  35. Cross-reference Mat 16:4
  36. Cross-reference Jon 1:17
  37. Cross-reference Mat 16:21
  38. Cross-reference Jon 3:5
  39. Cross-reference I Wa 10:1
  40. Cross-reference Luc 11:24-26
  41. Cross-reference Mc 5:9
  42. Cross-reference Mc 3:31-35

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.