Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Matthieu 13

Nan jou sa a, Jésus te sòti nan kay la e te chita 1bò kote lanmè a. Yon gran foul te rasanble bò kote L, epi 2Li te antre chita nan yon kannòt. Foul la te kanpe arebò lanmè a. Li te pale anpil bagay avèk yo an 3parabòl konsa: “Gade byen, yon moun ki t ap plante, te ale deyò pou simen grenn. Pandan li t ap simen, kèk grenn te tonbe akote wout la, e zwazo te vin manje yo. Gen lòt ki te tonbe kote ki plen wòch kote te manke tè, epi yo te leve byen vit pwiske tè a te manke pwofondè. Men lè solèy la vin leve, yo te vin sèch; akoz ke yo te manke rasin, yo te vin fennen. Lòt te tonbe pami pikan e pikan yo te leve toufe yo. Lòt te tonbe nan bon tè kote yo te bay yon bon rekòlt; kèk miltipliye 4san fwa, kèk swasant fwa, e kèk trant fwa. 5Sila ki gen zòrèy la, kite li tande.”

Disip Li yo te vin kote L e te mande: “Poukisa ou pale avèk yo an parabòl konsa?”

Li te reponn yo: 6“A nou menm, li pèmèt pou nou konnen sekrè a wayòm syèl la, men pou yo menm, sa poko pèmèt. 7Paske pou nenpòt moun ki genyen, l ap vin resevwa plis, e l ap gen an abondans; men pou nenpòt moun ki pa genyen, menm sa li genyen an ap retire nan men l. Se pou sa Mwen pale ak yo an parabòl; paske pandan y ap 8gade yo p ap wè, e pandan y ap tande yo p ap koute, ni yo p ap konprann. Se nan yo menm, ke pwofesi Ésaïe a ap akonpli lè l di: 9

‘Nou va kontinye tande, men nou p ap konprann;

nou va kontinye gade, men nap manke apèsi. 10

Paske kè a pèp sa a pa sansib ankò.

Avèk zòrèy yo manke tande e yo fèmen zye yo;

otreman yo ta wè avèk zye yo, tande avèk zòrèy yo,

konprann avèk kè yo, e retounen pou M ta kapab geri yo.’ 11

“Men beni se zye pa nou paske yo wè; e zòrèy nou paske yo tande. Anverite, Mwen di nou ke 12anpil pwofèt ak moun ladwati te vle wè sa ke nou menm wè a, men yo pa t janm wè; e pou tande sa ke nou tande a, men yo pa t tande l.

“Pou sa, 13tande parabòl moun ki t ap simen an. Lè nenpòt moun tande 14pawòl wayòm nan e li pa konprann li, mechan an (Satan) vini rache sa ki te plante nan kè li a. Sa se grenn ki te simen akote wout la. Sa ki te simen nan wòch yo se moun ki tande pawòl la e imedyatman li resevwa l avèk jwa; men li pa gen rasin pou kont li, e li dire sèlman pou yon moman. Lè gen afliksyon avèk pèsekisyon akoz pawòl la, byen vit 15 li chite. Epi sila ki te simen pami pikan yo se moun ki tande pawòl la, men tout pwoblèm mond sa a, avèk 16sediksyon richès yo toufe pawòl la, e li pa donnen fwi. Konsa, sila ki te gen grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la e ki konprann li. Li vrèman pote fwi ki pwodwi pafwa, 17san fwa, pafwa swasant fwa, e pafwa trant fwa sa li te simen an.”

Jésus te bay yo yon lòt parabòl. Li te di: 18“Wayòm syèl la se kon yon nonm ki simen bon semans nan chan li. Men pandan ouvriye li yo t ap dòmi, lènmi li yo te vin simen zèb pikan pami ble a, e ale. Men lè ble a te vin leve e fòme tèt grenn, zèb pikan yo te parèt tou. Epi esklav a mèt tè yo te vin di l: ‘Mèt, èske nou pa t simen bon semans nan chan ou an? Kijan konsa li vin plen avèk zèb pikan sa yo.’

“Epi Li te di yo: ‘Yon lènmi te fè sa!’ E esklav yo te di li: ‘Ou pa vle nou ale ranmase yo?’

“Men li te di yo: ‘Non, paske pandan nou ap ranmase zèb pikan yo, nou kab derasinen ble a tou. Kite toulède grandi ansanm jouk rekòlt la rive. Nan tan rekòlt la, mwen va di ouvriye yo, premyèman, ranmase zèb pikan yo, mare yo nan pake e brile yo. Men 19ranmase ble a pou mete li nan depo mwen.’”

Li te pale yon lòt parabòl a yo menm. Li te di: 20“Wayòm syèl la tankou yon grenn moutad ke yon nonm te pran pou simen nan jaden li. Malgre grenn sa a pi piti pase tout lòt grenn yo, lè li vin grandi, li pi gran pase tout lòt plant nan jaden an, e te vin fè yon pyebwa kote tout zwazo ki vole anlè vin 21fè nich nan branch li yo.”

Li pale yon lòt parabòl a yo menm konsa: 22“Wayòm syèl la tankou ledven ke yon fanm te pran pou sere nan twa mezi farin jiskaske tout vin leve.”

Tout bagay sa yo, Jésus te pale a foul la an parabòl, epi Li pa t pale avèk yo 23san parabòl. Se te pou akonpli sa ki te pale pa pwofèt yo lè yo te di: 24

“Mwen va ouvri bouch Mwen an parabòl;

Mwen va eksprime sekrè ki kache depi fondasyon mond sa a.”

Apre sa, Li kite foul la e Li te ale nan 25kay la. Disip Li yo te vin kote l pou di: 26“Eksplike nou parabòl konsènan zèb pikan nan chan an.”

Li te di: “Sila a ki simen bon semans lan se 27Fis a Lòm nan. Chan an se lemonn, e bon semans lan, se sila yo ki 28fis a wayòm nan. Zèb pikan yo se sila yo ki 29fis a mechan an. Epi lènmi ki te simen move grenn nan se Satan. Rekòlt la se 30 fen tan yo, epi ouvriye yo se zanj yo. Pou sa, menm jan ke zèb pikan yo ranmase e brile avèk dife, konsa sa ap ye nan 31fen tan yo. 32Fis a Lòm nan ap voye zanj li yo pou ranmase fè sòti nan wayòm Li an, tout obstak ki fè moun tonbe, avèk tout sila k ap fè mechanste. 33L ap jete yo nan founo dife a e nan plas sa a, 34y ap kriye e y ap manje dan yo. 35Konsa, sila ki gen ladwati yo ap fè klè tankou solèy la nan wayòm Papa yo a. Sila ki gen zòrèy la, kite l tande.

“Wayòm syèl la tankou yon trezò ki te sere nan yon chan. Yon nonm te twouve li e te sere l ankò. Ranpli ak lajwa, li te kouri ale 36vann tout sa li te posede, e te achte chan sa a.

“Ankò, 37wayòm syèl la tankou yon machann k ap chèche bèl pèl. Lè li twouve youn ki gen gran valè, li te ale vann tout sa li te posede pou te achte l.

“Ankò, 38 wayòm syèl la se yon filè ki voye nan lanmè pou ranmase tout kalite pwason. Lè l fin ranpli, yo rale li atè. Yo te chita pou mete bon pwason nan yon veso, e te jete move yo. Konsa sa ap ye nan 39fen tan yo. Zanj yo ap tou parèt e y ap fè triyaj mechan yo pami jis yo. Epi 40y ap jete mechan yo nan founo dife a, kote y ap kriye e manje dan yo.

“Èske nou konprann tout bagay sa yo?”

Yo reponn Li: “Wi”.

Epi Jésus te di yo: “Konsa, chak skrib ki vini yon disip a wayòm nan se tankou yon mèt kay ki fè vin parèt nan trezò li sa ki nèf ak sa ki vye.” 41

Lè Jésus te fini avèk parabòl sa yo, li kite la. 42Li rive nan vil pa Li a, e Li te 43kòmanse preche nan sinagòg yo, jiskaske yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve sajès sila a ak pouvwa fè mirak sa yo? Se pa pitit a chapant lan? Èske yo pa rele 44manman L Marie, e frè li yo Jacques, Joseph, Simon ak Judas? Epi 45sè Li yo; èske yo tout pa avèk nou? Ebyen, kote nonm sa a twouve tout bagay sa yo?” Konsa, yo te 46pran ofans de Li.

Men Jésus te di yo: 47“Yon pwofèt p ap janm manke respè sof ke nan pwòp vil li, ak nan pwòp kay li.” Li pa t fè anpil mirak la akoz ke yo pa t kwè.

Source notes (47)
  1. Cross-reference Mc 2:13
  2. Cross-reference Luc 5:3
  3. Cross-reference Mat 13:10
  4. Cross-reference Jen 26:12
  5. Cross-reference Mat 11:15
  6. Cross-reference Mat 19:11
  7. Cross-reference Mat 25:29
  8. Cross-reference Det 29:4
  9. Cross-reference És 16:9
  10. Cross-reference És 6:10
  11. Cross-reference Mat 16:17
  12. Cross-reference Jn 8:56
  13. Cross-reference Mc 4:13-20
  14. Cross-reference Mat 4:23
  15. Cross-reference Mat 11:6
  16. Cross-reference Mat 19:23
  17. Cross-reference Mat 13:8
  18. Cross-reference Mat 13:31,33,45,47
  19. Cross-reference Mat 3:12
  20. Cross-reference Mat 13:24
  21. Cross-reference Éz 17:23
  22. Cross-reference Mat 13:24
  23. Cross-reference Mc 4:34
  24. Cross-reference Sòm 78:2
  25. Cross-reference Mat 13:1
  26. Cross-reference Mat 15:15
  27. Cross-reference Mat 8:20
  28. Cross-reference Mat 8:12
  29. Cross-reference Jn 8:44
  30. Cross-reference Mat 16:4
  31. Cross-reference Mat 12:32
  32. Cross-reference Mat 8:20
  33. Cross-reference Mat 13:50
  34. Cross-reference Mat 8:12
  35. Cross-reference Dan 12:3
  36. Cross-reference Mat 13:46
  37. Cross-reference Mat 13:24
  38. Cross-reference Mat 13:44
  39. Cross-reference Mat 13:39,40
  40. Cross-reference Mat 13:42
  41. Cross-reference Mat 7:28
  42. Cross-reference Mc 6:1-6
  43. Cross-reference Mat 4:23
  44. Cross-reference Mat 12:46
  45. Cross-reference Mc 6:3
  46. Cross-reference Mat 11:6
  47. Cross-reference Mc 6:4

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.