Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Matthieu 11

1

Lè Jésus te fin bay enstriksyon a douz disip Li yo, Li te kite kote sa a pou enstwi e preche nan vil pa yo. 2

Alò, lè Jean, depi nan prizon an, te tande tout zèv ke Kris la t ap fè yo. Konsa, li te voye yon mesaj pa disip Li yo. Li te mande L: “Èske Ou se 3Sila ke nou t ap tann nan, oubyen èske nou bezwen tann yon lòt?”

Jésus te reponn yo e te di: “Ale fè rapò a Jean selon tout sa nou tande e wè: 4Avèg yo vin wè, sila ki t ap bwate yo vin mache dwat, lepre yo vin pirifye, soud yo vin tande, mò yo vin resisite, e malere yo tande bòn nouvèl la. Beni se sila ki 5pa chite akoz Mwen menm nan.”

Pandan mesye sa yo, disip a Jean Baptiste yo t ap prale, Jésus te kòmanse pale avèk foul la konsènan Jean: “Kisa nou te 6ale wè nan savann nan? Yon wozo ki souke pa van? Men kisa nou te ale wè? Yon nonm abiye ak rad ki swa? Sila ki mete rad swa yo rete nan palè a wa yo. Men kisa nou te sòti pou wè? 7Yon pwofèt? Wi, Mwen di nou e se youn ki plis ke yon pwofèt. Se selon sila menm ke pwofèt yo te ekri: 8Gade byen! Mwen voye mesaje Mwen an devan fas nou, ki va prepare chemen an devan nou.” Anverite Mwen di nou, pami sila ki fèt pa fanm yo, pa janm leve youn ki pi gran ke Jean Baptiste; malgre sa, sila ki pi piti nan wayòm syèl la, pi gran pase li. 9Depi jou a Jean Baptiste yo jis rive kounye a, wayòm syèl la ap soufri vyolans, e lòm vyolan yo pran li pa lafòs. Paske tout pwofèt yo ansanm ak Lalwa a te pwofetize jiska Jean. Konsa, si nou kapab aksepte l, se li menm ki 10Elie, sila ki te genyen pou vini an. 11Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande.

“Men a kisa Mwen kapab konpare jenerasyon sila a? Li tankou timoun ki chita nan mache a, k ap rele lòt timoun pou di: ‘Nou te jwe flit pou nou, e nou pa t danse. Nou te chante yon antèman, e nou pa t kriye’. Paske Jean te vini san manje ni 12bwè, e yo di: 13 ‘Li gen yon move lespri’! Men Fis a Lòm nan te vini avèk manje e avèk bwè, e yo di: 14‘Gade, li manje twòp, li bwè twòp, e li fè zanmi avèk moun biwo kontribisyon an, ak pechè yo!’ Men sajès la toujou jistifye pa zanfan li yo.”

Li te kòmanse repwoche vil kote pi fò 15mirak yo te fèt yo, paske yo pa t repanti. 16Malè a ou menm, Chorazin! Malè a ou menm, Bethsaïda! Si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Tyr ak Sidon, yo t ap gen tan repanti lontan avèk rad sak ak sann. Malgre sa Mwen di nou, l ap pi tolerab pou Tir ak Sidon nan 17jou jijman an pase pou nou menm. Epi nou menm, 18Capernaüm; nou p ap monte nan syèl la! Nou konnen sa? Nou ap 19desann nan Lanfè. Paske si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Sodome; yo ta toujou la jodi a. Malgre sa, Mwen di nou ke 20li va pi tolerab pou peyi Sodome nan jou jijman an pase pou nou menm. 21

Nan lè sa a, Jésus te reponn. Li te di: “Mwen bay Ou glwa, O Papa, Senyè syèl la ak tè a, ke Ou kache bagay sa yo pou saj avèk entèlijan yo pa wè, e Ou te montre yo menm a zanfan yo. Wi 22Papa, konsa sa te fè plezi nan zye Ou. Papa M 23fin lonje ban Mwen tout bagay. Pèsòn pa konnen Fis la, sof Papa a; ni pèsòn pa konnen Papa a, sof ke Fis La, ak nenpòt moun ke Fis La vle revele Li menm. 24

“Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. Pran jouk mwen sou nou, e vin 25aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e 26 nou va jwenn repo pou nanm nou. Paske 27jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”

Source notes (27)
  1. Cross-reference Mat 7:28
  2. Cross-reference Mat 4:12
  3. Cross-reference Sòm 118:26
  4. Cross-reference És 35:5
  5. Cross-reference Mat 5:29
  6. Cross-reference Mat 3:1
  7. Cross-reference Mat 14:5
  8. Cross-reference Mal 3:1
  9. Cross-reference Luc 16:16
  10. Cross-reference Mal 4:5
  11. Cross-reference Mat 13:9,43
  12. Cross-reference Luc 1:15
  13. Cross-reference Mat 9:34
  14. Cross-reference Mat 9:11
  15. Cross-reference Luc 10:13-15
  16. Cross-reference Luc 10:13-15
  17. Cross-reference Mat 10:15
  18. Cross-reference Mat 4:13
  19. Cross-reference És 14:13-15
  20. Cross-reference Mat 10:15
  21. Cross-reference Luc 10:21
  22. Cross-reference Luc 22:42
  23. Cross-reference Mat 28:18
  24. Cross-reference Jr 31:25
  25. Cross-reference Jn 13:15
  26. Cross-reference Jr 6:16
  27. Cross-reference I Jn 5:3

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.