Bib Sen An
Luc 23
Alò kon yon sèl kò, yo te leve pou 1mennen L devan Pilate. 2Yo te kòmanse akize L, e te di: “Nou te twouve mesye sa t ap egare nasyon nou an, e t ap anpeche yo peye kontribisyon yo bay César, e te di ke Li menm, Li se Kris la, yon Wa.”
Donk Pilate te mande Li: “Èske Ou se Wa a Jwif yo?” Epi Li te reponn li: 3 “Se sa ou di l la”.
Answit Pilate te di a chèf prèt yo avèk foul la: 4“Mwen pa twouve okenn koupabilite nan mesye sa a”.
Men yo te kontinye ensiste, e t ap di: “L ap boulvèse pèp la, e L ap enstwi yo toupatou nan Juda, 5kòmanse soti nan Galilée, pou menm rive nan plas sa a.”
Men lè Pilate te tande sa, li te mande si mesye sa a te yon Galileyen. Lè l te vin aprann ke Li te anba otorite Hérode, li te voye Li vè 6Hérode, ki te osi nan Jérusalem nan moman sa a.
Alò, Hérode te trè kontan lè l te wè Jésus; paske 7li te vle wè L depi lontan, akoz ke li t ap tande de Li, e te espere wè l fè kalite mirak ki te fèt pa Li. Li te kesyone Li anpil, men 8Li pa t reponn li menm. Chèf prèt yo avèk skrib yo te kanpe la, e t ap akize Li avèk vanjans. Epi lè Hérode avèk sòlda li yo, te fin trete L avèk ensolans, e moke L, yo te 9fè L abiye ak yon bèl manto, e te voye Li retounen bay Pilate. Alò nan menm jou sa a, 10Hérode avèk Pilate te vin zanmi youn avèk lòt men avan sa, yo te lènmi youn ak lòt.
Pilate te rasanble chèf prèt yo avèk 11ofisye yo avèk pèp la. Li te di yo: “Nou te mennen nonm sa a kote mwen tankou yon moun ki t ap 12pouse pèp la a rebelyon, e gade byen, selon egzamen ki fèt devan nou, mwen 13pa twouve okenn koupabilite nan Li, selon chaj ke nou fè kont Li yo. Non, ni 14Hérode pa twouve anyen, paske li te voye Li tounen bò kote nou; epi byen gade, anyen ki merite lanmò pa t fèt pa Li. Konsa, mwen va 15pini Li, epi lage Li.”
Alò li te oblije lage pou yo yon prizonye nan fèt la. Men yo te kriye fò tout ansanm, e te di: 16“Fè nonm sa ale! Libere pou nou Barabbas!” (Li te yon moun ki te jete nan prizon pou yon rebelyon ki te fèt nan vil la, ak pou touye moun.)
Pilate, ki te vle lage Jésus, te pale avèk yo ankò, men yo te kontinye kriye fò, e te di: “Krisifye! Krisifye Li!”
Li te di yo yon twazyèm fwa: “Poukisa? Ki mal mesye sa a fè? Mwen pa twouve nan Li okenn fot ki mande lanmò. Konsa, mwen va 17pini Li, epi lage Li.” Men yo te ensiste toujou, e t ap mande ak gwo vwa pou Li krisifye. Epi vwa pa yo te kòmanse vin genyen. Konsa, Pilate te pase lòd ofisyèl pou sede bay yo sa yo te mande a. Li te libere mesye ke yo t ap mande a, ki te jete nan prizon pou rebelyon ak touye moun nan, men li te livre Jésus kon volonte pa yo. 18
Lè yo te mennen L sòti, yo te mete men sou yon Simon de Cyrène ki t ap sòti andeyò, e te mete kwa a sou li pou l ta pote l dèyè Jésus. Yon gran foul nan pèp la t ap swiv Li, avèk fanm yo ki t ap 19kriye e fè lamantasyon pou Li. Men Jésus, te vin vire vè yo, e te di: “Fi Jérusalem yo, sispann kriye pou Mwen, men kriye pou nou menm, ak pou pitit nou yo. Paske, veye byen, jou yo ap vini lè yo va di: 20‘Beni se sila ki esteril yo, e vant ki pa t janm fè pitit yo, ak tete ki pa t janm bay timoun tete yo.’ Alò, yo va kòmanse di a mòn yo: 21‘Tonbe sou nou, e a ti kolin yo, kouvri nou.’ Paske si yo fè bagay sa yo avèk bwa ki vèt, kisa k ap rive lè l sèch.” 22
De lòt mesye ki te kriminèl yo t ap mennen sòti pou mete a lanmò avèk Li. 23Lè yo te rive nan plas yo rele Plas Tèt Mò a, yo te krisifye Li avèk kriminèl yo, youn sou bò dwat, e youn sou bò goch.
Men Jésus t ap di: “Papa, padone yo; paske yo pa konnen kisa y ap fè.” Epi yo te 24tire osò pou divize vètman Li pami yo menm. Pèp la te kanpe akote, e t ap gade. Menm ofisye yo t ap moke L, e t ap di: “Li te sove lòt yo, 25kite Li sove pwòp tèt Li si se Kris a Bondye a, Sila Ke Li Chwazi a.”
Sòlda yo osi ki t ap moke Li, te vin kote L, pou 26ofri Li diven si. Yo t ap di: 27“Si Ou se Wa a Jwif yo, sove tèt Ou!”
Alò te gen yon enskripsyon anwo Li: 28“Sa Se Wa a Jwif Yo”. 29
Youn nan kriminèl ki te pann yo t ap voye pawòl abizif vè Li; li t ap di: “Èske se pa Kris la Ou ye? Sove tèt Ou, avèk nou!”
Men lòt la te reponn ak repwòch e te di: “Èske ou pa menm pè Bondye, paske ou anba menm lòd kondanasyon an? Epi nou menm avèk jistis, paske nou ap resevwa sa ke nou merite pou zèv nou yo; men mesye sila a pa fè okenn mal.” Konsa li te di: “Jésus, sonje mwen lè Ou antre nan wayòm Ou an!”
Li te reponn li: “Anverite Mwen di ou, jodi a, ou va avè M nan 30 Paradi.” 31
Alò se te anviwon sizyèm lè, e tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè. Solèy la te kache nèt, e 32vwal tanp lan te chire an de bout. Jésus te kriye avèk yon gwo vwa, e te di: “Papa, 33nan men Ou Mwen remèt lespri Mwen.” Lè L fin di sa, Li te respire dènye souf Li. 34
Alò, lè santenye a te wè sa ki te rive a, li te kòmanse bay lwanj a Bondye, e te di: “Anverite, mesye sa a te inosan.” Alò tout foul la ki te vini ansanm pou espektak sila a, lè yo te wè sa ki te rive a, yo te retounen e t ap 35bat lestomak yo. 36Epi tout sila ki te rekonèt Li yo, ak fanm Galilée ki te akonpanye Li yo, te kanpe a yon distans e t ap gade tout bagay sa yo. 37
Yon mesye ki te rele Joseph, yon manm Konsèy la, te yon nonm ki te bon e jis. Li pa t dakò avèk plan yo a. Se te yon mesye ki te soti Arimathée, yon vil a Jwif yo, e li 38t ap tann vini wayòm Bondye a. Mesye sila a te ale kote Pilate, e te mande kò Jésus. Konsa, li te desann kò li, li te vlope li nan yon twal lèn, e li te depoze li nan yon tonbo ki te fouye nan wòch, kote pèsòn pa t janm te depoze. Se te 39Jou Preparasyon an, e Saba te prèt pou kòmanse. Alò 40fanm ki te vini avèk Li yo depi Galilée te swiv, e te wè tonm nan ak jan kò L te depoze a. Answit yo te retounen pou 41prepare epis avèk pafen. Epi nan Saba a, yo te repoze selon Lalwa a.
Source notes (41)
- Cross-reference Mat 27:2
- Cross-reference Mat 27:11-14
- Cross-reference Luc 22:70
- Cross-reference Mat 27:23
- Cross-reference Mat 4:12
- Cross-reference Mat 14:1
- Cross-reference Luc 9:9
- Cross-reference Mat 27:12,14
- Cross-reference Mat 27:28
- Cross-reference Trav 4:27
- Cross-reference Luc 23:35
- Cross-reference Luc 23:2
- Cross-reference Luc 23:4
- Cross-reference Luc 9:9
- Cross-reference Mat 27:26
- Cross-reference Jn 18:39
- Cross-reference Luc 23:16
- Cross-reference Jn 19:17
- Cross-reference Luc 8:52
- Cross-reference Mat 24:19
- Cross-reference Os 10:8
- Cross-reference Mat 27:38
- Cross-reference Mat 27:33-44
- Cross-reference Sòm 22:18
- Cross-reference Mat 27:43
- Cross-reference Mat 27:48
- Cross-reference Mat 27:43
- Cross-reference Mat 27:37
- Cross-reference Mat 27:44
- Cross-reference II Kwo 12:4
- Cross-reference Mat 27:45-56
- Cross-reference Egz 26:31-33
- Cross-reference Sòm 31:5
- Cross-reference Mat 27:54
- Cross-reference Luc 8:52
- Cross-reference Mat 27:55
- Cross-reference Mat 27:57-61
- Cross-reference Mc 15:43
- Cross-reference Mat 27:62
- Cross-reference Luc 23:49
- Cross-reference Mc 16:1
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.