Bib Sen An
Luc 22
Alò, fèt Pen San Ledven an ki rele Pak Jwif la, t ap pwoche. Konsa, Chèf prèt avèk skrib yo 2t ap chache kijan yo ta kapab mete L a lanmò; paske yo te pè pèp la. 3
Konsa, Satan te antre nan Judas ki te rele Iscariot, ki te konte pami douz yo. Li te sòti, e te diskite avèk chèf prèt avèk 4ofisye yo sou jan li ta kapab trayi Li a yo menm. Yo te kontan, e te vin dakò pou bay li lajan. Donk, li te antann li avèk yo, e te kòmanse chache yon bon okazyon pou livre Li bay yo kote pa t gen foul moun. 5
Alò, te rive premye jou Pen San Ledven an pandan lè yo te oblije fè sakrifis jenn mouton an. Li te voye 6Pierre avèk Jean e te di: “Ale prepare Pak la pou nou pou nou kab manje li.”
Yo te mande li: “Ki kote Ou vle nou prepare l?”
Li te di yo: “Gade, lè nou antre nan vil la, yon mesye k ap pote yon vaz dlo va vin rankontre nou. Swiv li pou antre nan kay kote li antre a.” Nou va di a mèt kay la: “Mèt la di nou, ‘Kote chanm vizitè a kote Mwen kapab manje Pak la avèk disip Mwen yo?’ Epi li va montre nou yon gwo chanm anlè, byen founi. Prepare li la.”
Yo te pati e te twouve tout bagay jan li te di yo a. Yo te prepare Pak la. 7
Lè lè a te rive, Li te repoze a tab, e apòt yo te avè L. Li te di yo: “Mwen te seryezman anvi manje Pak sa a avèk nou avan Mwen soufri; paske Mwen di nou, Mwen p ap janm manje li ankò, 8 jiskaske li vin akonpli nan wayòm Bondye a.” 9Lè l te fin pran yon tas, e te beni li, Li te di: “Pran sa a, e pataje li pami nou menm. Paske10 Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen an depi kounye a jiskaske wayòm Bondye a vini.”
Lè L te fin pran yon pen e te 11beni li, Li te kase l. Li te bay yo e te di: “Sa se kò M ki bay pou nou menm. Fè sa nan memwa a Mwen menm.” Menm jan an, Li te pran tas la lè yo te fin manje e te di: “Tas sa se 12 akò nèf de san Mwen an ki vide 13 nèt pou nou. 14 Men gade, men a sila ki trayi Mwen an; li la avè M sou tab la. Paske anverite, Fis a Lòm nan va ale 15jan sa te deja detèmine a. Men malè a moun ki trayi Li a!”
Konsa, yo te kòmanse diskite pami yo kilès nan yo ke li ta kapab ye pou ta fè bagay sa a.
Te leve osi yon diskisyon pami yo sou kilès nan yo ki te konsidere kòm pi gran. 16Men Li te di yo: “Wa a payen yo domine yo, e sila ki gen otorite sou yo, yo rele ‘byenfetè’. Men se pa konsa pou nou menm, 17men fòk sila a ki pi gran pami nou an vin tankou pi piti a, e direktè a tankou sèvitè a. Paske, kilès ki pi gran an, sila a ki repoze a tab la, oubyen sila k ap sèvi a? Se pa sila ki repoze a tab la? Men 18Mwen menm, mwen pami nou kòm sila k ap sèvi a.
Nou menm se sila yo ki te kanpe avè M nan tout19eprèv Mwen yo. Epi menm jan an ke Papa M ban Mwen 20yon wayòm, Mwen bannou li, pou nou kapab manje e bwè sou tab Mwen nan wayòm Mwen an. Konsa, 21nou va chita sou douz twòn yo pou jije douz tribi Israël yo.
Simon, Simon, veye byen. 22Satan mande pèmisyon pou23vannen ou tankou ble. Men Mwen te24priye pou ou, pou lafwa ou pa pèdi; e pou ou, nan lè ke ou retounen ankò, kab bay frè ou yo fòs.” 25
Men li te di Li: “Senyè, avèk Ou, mwen prepare pou m ale ni nan prizon, ni a lanmò!”
Li te reponn: “Mwen di ou, Pierre, ke kòk la p ap gen tan chante jodi a avan ou di twa fwa ke ou pa rekonèt Mwen.”
Li te di yo: 26 “Lè Mwen te voye nou deyò san bous, ni sak, ni sapat la, nou pa t manke anyen; se pa sa?” E yo te di: “Non, anyen”.
Li te di yo ankò: “Men koulye a, nenpòt moun ki gen yon bous, fòk li pran l avè l; menm jan an tou, yon sak. E nenpòt moun ki pa gen, fòk li vann manto li, pou achte yon nepe. Paske Mwen di nou ke sa ki ekri a oblije akonpli nan Mwen. 27 ‘E Li te konte pami malfektè yo.’ Paske28sa ki gen referans a Mwen menm nan gen pou akonpli.”
Yo te di: “Senyè, gade, men de 29nepe.” E Li te di yo: “Sa sifi.”
Li te sòti, e te kontinye 30kòm abitid Li, vè Mòn Olivye a. Disip Li yo osi te swiv Li. Lè L te rive la, Li te di yo: “Priye pou nou pa antre nan tantasyon.”31
Konsa, Li te kite yo pou rive vè distans ke yon moun kab voye yon wòch, e Li te mete L sou jenou pou priye. Li t ap di: “Papa, si se volonte Ou, retire tas sa a sou Mwen; 32malgre pa selon volonte M, men ke pa W la kapab fèt.”
Alò, yon 33zanj syèl la te parèt a Li menm pou bay Li fòs. 34Ak gwo toumant, Li t ap priye avèk entansite. Swè Li te vin tankou gwo gout san ki t ap tonbe atè.
Lè L te leve soti nan lapriyè, Li te vin kote disip yo e te twouve yo nan dòmi akoz tristès yo. Li te di yo: “Poukisa nou ap dòmi? Leve e 35priye pou nou pa antre nan tantasyon.” 36
Pandan Li te toujou ap pale, men yon foul te parèt avèk sila ki te rele Judas a, youn nan douz yo, ki t ap mennen yo. Li te pwoche Jésus pou bo L. Men Jésus te di li: “Judas, èske w ap trayi Fis a Lòm nan avèk yon bo?”
Lè sila ki te antoure Li yo te wè sa ki t ap fèt la, yo te di: “Senyè, èske n ap frape avèk 37nepe a”? Konsa, youn nan yo te frape esklav a wo prèt la, e te koupe zòrèy dwat li.
Men Jésus te reponn e te di: “Anmwens, kite m fè sa a” epi Li te touche zòrèy la, e te geri li. Jésus te di a chèf prèt avèk 38ofisye a tanp ki te vini kont Li yo: “Nou vini avèk nepe ak baton tankou nou t ap vini kont yon vòlè? Pandan ke Mwen te avèk nou chak jou nan tanp lan, nou pa t mete men sou Mwen; men lè sa a avèk pouvwa tenèb la se lè pa nou an.”
Lè yo te fin arete Li, yo te mennen L ale, e te fè L rive lakay wo prèt la. Men 39Pierre t ap swiv a yon distans. 40Apre yo te fin sanble dife nan mitan lakou tribinal la, e te chita ansanm, Pierre te chita pami yo. Alò, yon fi ki t ap sèvi, lè l te wè li nan limyè dife a, li te gade l toupre, e te di: “Mesye sa a te avè L tou, wi.”
Men Li te demanti sa, e te di: “Fanm, mwen pa konnen Li.”
Yon ti jan pita, 41yon lòt te wè l, e te di: “Ou menm se youn nan yo tou.” Men Pierre te di: “Mesye, se pa mwen!”
Apre anviwon yon èdtan te fin pase, yon lòt mesye te kòmanse ensiste, e te di: “Sètènman mesye sa a te avè l tou, 42paske li se yon Galileyen.”
Men Pierre te di: “Mesye, mwen pa konnen anyen de sa w ap pale a!” E lapoula, pandan li te toujou ap pale, yon kòk te chante. Senyè a te vire gade Pierre. E Pierre te sonje pawòl a Senyè a, jan li te di li a: 43 “Avan kòk la chante jodi a, ou va renye M twa fwa.” Li te sòti deyò, e te kriye byen amè.
Alò 44mesye ki te kenbe Jésus yo t ap moke Li, e bat Li, Konsa, yo te mare kouvri zye Li avèk yon twal, e te di L: 45 “Pwofetize non; se kilès ki frape Ou a?” Yo t ap di anpil lòt bagay kont Li, avèk46blasfèm. 47
Lè li te fè jou, Konsèy Ansyen a pèp la te reyini, ni chèf prèt avèk skrib yo. Yo te mennen Li nan chanm konsèy la, e t ap di: 48“Si Ou menm se Kris la, di nou sa a.” Men Li te di yo: “Si Mwen di nou, nou p ap kwè; epi si Mwen poze nou yon kesyon, nou p ap reponn, ni lage M ale. 49 Men depi koulye a, 50Fis a Lòm nan va chita sou men dwat a pwisans Bondye a.”
Konsa, yo tout te di: “Alò, Ou menm se Fis Bondye a?” Li te reponn yo: 51“Ou pale sa, paske, Mwen Se.”
Answit yo te di: “Kisa nou bezwen anplis kòm temwayaj? Paske nou tande sa nou menm nan pwòp bouch Li!”
Source notes (51)
- Cross-reference Egz 12:1-27
- Cross-reference Mat 12:14
- Cross-reference Mat 26:14-16
- Cross-reference I Kwo 9:11
- Cross-reference Mat 26:17-19
- Cross-reference Trav 3:1-11
- Cross-reference Mat 26:20
- Cross-reference Luc 14:15
- Cross-reference I Kor 10:16
- Cross-reference Mat 26:29
- Cross-reference Mat 14:9
- Cross-reference Mat 26:28
- Cross-reference Egz 24:8
- Cross-reference Sòm 41:9
- Cross-reference Trav 2:23
- Cross-reference Mat 20:25-28
- Cross-reference Mat 23:11
- Cross-reference Mat 20:28
- Cross-reference Eb 2:18
- Cross-reference Mat 5:3
- Cross-reference Mat 19:28
- Cross-reference Job 1:6
- Cross-reference Am 9:9
- Cross-reference Jn 17:9-15
- Cross-reference Mat 26:33-35
- Cross-reference Mat 10:9
- Cross-reference És 53:12
- Cross-reference Jn 17:4
- Cross-reference Luc 22:36-49
- Cross-reference Luc 21:37
- Cross-reference Mat 26:39; Mat 26:36-46
- Cross-reference Mat 26:39
- Cross-reference Mat 4:11
- Cross-reference Eb 5:7
- Cross-reference Luc 22:40
- Cross-reference Mat 26:47-56
- Cross-reference Luc 22:38
- Cross-reference Luc 22:4
- Cross-reference Mat 26:58
- Cross-reference Mat 26:69-75
- Cross-reference Jn 18:26
- Cross-reference Mat 26:73
- Cross-reference Luc 22:34
- Cross-reference Mat 26:67
- Cross-reference Mat 26:68
- Cross-reference Mat 27:39
- Cross-reference Mat 27:1
- Cross-reference Mat 26:63-66
- Cross-reference Mat 26:64
- Cross-reference Sòm 110:1
- Cross-reference Mat 26:64
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.