Bib Sen An
Luc 21
Alò, Li leve zye li e te wè moun rich yo ki t ap mete ofrann nan bwat kès nan tanp lan. Konsa, Li te wè yon sèten vèv pòv ki t ap mete 2de ti pyès monnen an kwiv. Li te di: “Anverite Mwen di nou, ke fanm pòv sila a te mete plis pase yo tout; paske yo te mete ofrann selon abondans yo; men li menm, nan povrete li, li te mete tout sa li te gen 3pou l viv.” 4
Alò, pandan kèk moun t ap pale de tanp lan, kijan li te byen dekore avèk bèl bijou, ak kado konsakre yo, Li te di: Pou bagay sa yo ke nou ap gade la a, jou a va vini lè 5p ap rete yon sèl wòch sou lòt ki p ap chire dekonble.
Yo te mande L: “Mèt, kilè bagay sa yo ap rive? Epi ki sign k ap demontre ke yo prèt pou rive?”
Li te di: “Veye byen pou nou pa twonpe; paske anpil moun ap vini nan non Mwen, e yo va di: 6‘Mwen se Li menm’, e, ‘Lè a toupre’. 7Pa kouri dèyè yo. Lè nou tande afè lagè, avèk boulvèsman, pa enkyete; paske fòk bagay sa yo rive avan, men lafen an poko ap rive.”
Ankò, Li te di yo: “Nasyon va leve kont nasyon, e wayòm kont wayòm. Va gen gran tranbleman detè, e nan plizyè andwa, epidemi avèk gwo grangou. Va gen gwo laperèz avèk gwo sign ki sòti nan syèl la. Men avan tout bagay sa yo, 8yo va mete men sou nou, yo va pèsekite nou, e yo va livre nou nan sinagòg avèk prizon yo. Yo va mennen nou devan wa ak gouvènè yo pou koz a non Mwen. 9Sa va ouvri yon chemen pou temwayaj nou. 10Pou sa, pran desizyon avan lè pou pa prepare defans nou. Paske 11Mwen va bannou pawòl avèk sajès pou okenn nan advèsè nou yo pa kapab reziste ni demanti. Men Nou va trayi menm pa paran nou, frè, manm fanmi nou avèk zanmi nou. Yo va mete kèk nan nou a lanmò. Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen. Men 12pa menm yon cheve nan tèt nou p ap peri. 13
Pa pèseverans nou, nou va reyisi genyen lavi nou.
Men lè nou wè Jérusalem 14antoure pa lame, nan moman sa a, rekonèt ke dezolasyon li toupre. Answit 15nan lè sa a, sila ki nan Juda yo va oblije sove pou ale nan mòn yo, sila ki nan mitan vil yo va oblije sòti, e sila ki andeyò yo p ap pou antre nan vil la. Paske jou sa yo se 16jou vanjans yo, pou tout bagay ki ekri yo kapab vin akonpli. Malè a sila yo k ap pote pitit, ak sila yo ki nouris nan jou sa yo, paske va gen gwo 17twoub sou tè a, e kòlè sou pèp sila a. Yo va tonbe pa lam nepe, e yo va mennen kòm kaptif pou antre nan tout nasyon yo. Jérusalem va 18foule anba pye pa payen yo jiskaske 19tan payen yo fin acheve.
Konsa, va gen sign nan solèy la, lalin ak zetwal yo, e sou latè, sezisman pami nasyon yo, ak gwo malantandi akoz laraj lanmè a ak lanm lanmè yo. Moun va pèdi kapasite akoz laperèz, avèk twòp refleksyon sou sa k ap rive nan mond lan. Paske pouvwa nan syèl yo ap vin ebranle. Answit yo va wè 20Fis a Lòm nan k ap vini nan yon nyaj avèk pouvwa, ak gran glwa. Men lè bagay sa yo kòmanse fèt, ranje kò nou, e leve tèt nou, 21paske delivrans nou ap toupre.
Answit Li te di yo yon parabòl: Veye byen pye figye frans lan, avèk tout pyebwa yo. Depi yo pouse fèy, nou va wè sa, e nou va22konnen pou kont nou ke gran sezon chalè a toupre kounye a. Menm jan an, nou menm tou, lè nou wè bagay sa yo ap fèt, rekonèt ke 23wayòm Bondye a toupre. Anverite Mwen di nou, ke jenerasyon sila a p ap pase avan tout bagay sa yo rive. 24Syèl la avèk tè a va pase, men pawòl Mwen yo p ap pase. 25
Veye nou, swa kè nou va vin lou nan banbòch ak bwason avèk enkyetid lavi yo, paske jou sa a va vini sou nou sibitman. Paske li va vini kon yon piyej sou tout sila yo ki rete sou fas tout tè a. Men 26rete vijilan tout tan avèk lapriyè pou nou kapab gen fòs pou chape de tout bagay sila yo ki prèt pou rive, e pou kanpe devan Fis a Lòm nan.”
Alò pandan jounen an, Li t ap 27enstwi nan tanp lan; men nan aswè, Li te konn ale deyò pou pase nwit lan sou 28mòn ki rele Olivye a. Epi tout pèp la te toujou leve granmmaten pou vin kote Li nan tanp lan pou koute Li.
Source notes (28)
- Cross-reference Mc 12:4-44
- Cross-reference Mc 12:42
- Cross-reference Mc 12:44
- Cross-reference Mat 24
- Cross-reference Luc 19:44
- Cross-reference Jn 8:24
- Cross-reference Luc 17:23
- Cross-reference Mat 10:19-22
- Cross-reference Phm 1:12
- Cross-reference Luc 12:11
- Cross-reference Luc 12:12
- Cross-reference Mat 10:30
- Cross-reference Mat 19:22
- Cross-reference Luc 19:43
- Cross-reference Luc 17:31
- Cross-reference És 63:4
- Cross-reference Dan 8:19
- Cross-reference Rev 11:2
- Cross-reference Wo 11:25
- Cross-reference Dan 7:13
- Cross-reference Luc 18:7
- Cross-reference Luc 12:57
- Cross-reference Mat 3:2
- Cross-reference Mat 5:18
- Cross-reference Mat 24:42-44
- Cross-reference Mc 13:33
- Cross-reference Mat 26:55
- Cross-reference Mat 21:1
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.