Bib Sen An
Luc 17
Li te di a disip Li yo: 1“Li nesesè ke wòch k ap fè moun chite yo vin parèt, men malè a sila a ke atravè l sa rive! 2Li ta miyò pou li si yon wòch moulen te pann nan kou li, e te jete nan mitan lanmè, pase ke li ta fè youn nan pitit sa yo vin tonbe.
“Fè atansyon! 3Si frè nou peche, reprimande l; e si li repanti, padone l. Epi si li peche kont nou4sèt fwa pa jou, e retounen vè nou sèt fwa pou di ‘Mwen repanti’, padone l.”
Alò, apòt yo te di: “Senyè, fè nou gen plis lafwa!”
Senyè a te di: “Si nou te gen lafwa tankou yon5grenn moutad, nou ta di a pye sikomò sila a, ‘Derasine ou e ale plante ou nan lanmè;’ konsa, li ta obeyi nou.
“Men kilès nan nou, ki te gen yon esklav ki t ap laboure tè a, oswa k ap okipe mouton, ki va di li lè li vini soti nan chan an, vini koulye a pou chita manje? Men èske li p ap di li: 6‘Prepare yon bagay pou m manje; mete rad pwòp sou ou, e sèvi m pandan mwen ap manje ak bwè? E aprè, ou va manje e bwè’? Li p ap remèsye esklav la paske li te fè bagay ki te kòmande yo. Èske se pa vre?
“Konsa, nou menm tou lè nou fè tout bagay ke yo kòmande nou fè, nou di: ‘Nou se esklav ki pa dign; nou fè sèlman sa ke nou dwe fè.’”
Pandan Li te nan wout vè Jérusalem, 7Li t ap pase antre Samarie ak Galilée.
Pandan Li t ap antre nan yon sèten vilaj, dis lepre ki te 8kanpe a yon distans te rankontre L. Yo te leve vwa yo e t ap di: “Jésus, 9Mèt, fè nou gras!”
Lè Li te wè yo, Li te di yo: 10“Ale montre nou menm a prèt yo.” Pandan yo t ap prale, yo te vin pirifye.
Men youn nan yo, lè l wè ke li te geri, te vire retounen e te 11bay glwa a Bondye avèk yon vwa byen fò. Li te tonbe sou figi li nan pye Jésus, e t ap bay Li remèsiman. Li te yon Samariten.
Jésus te reponn e te di: “Se pa dis ki te pirifye? Men nèf yo—-kote yo ye? Èske pa t gen youn ki te vire tounen pou12bay glwa a Bondye sof etranje sila a?” Epi Li te di li: “Leve al fè wout ou. 13Lafwa ou geri ou.”
Alò, lè L te kesyone pa Farizyen yo sou 14kilè wayòm a Bondye a t ap vini, Li te reponn yo e te di: “Wayòm syèl la p ap vini avèk sign ak mirak pou nou kab wè; ni yo p ap15di: ‘Men li isit la!’ Oubyen ‘men li la!’ Paske, veye byen, wayòm syèl la nan mitan nou.”
Ankò Li te di a disip yo: 16“Jou yo ap vini lè nou va anvi wè youn nan jou Fis a Lòm yo, e nou p ap wè l. 17Yo va di nou: ‘Gade la! Gade isit la!’ Pa ale, e pa kouri dèyè yo. 18
“Paske menm jan ak loray, lè l fè ekleraj nan yon pati nan syèl la briye jis rive nan lòt pati syèl la, se konsa Fis a Lòm nan va ye nan jou Li a. 19Men dabò, fòk li soufri anpil bagay e rejte pa jenerasyon sila a. 20
“Menm jan ke sa te rive nan tan Noé a, se konsa l ap ye nan jou Fis a Lòm yo. “Yo t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap marye e bay nan maryaj jis rive jou ke Noé te antre nan lach la; konsa, delij la te parèt e te detwi yo tout.
“Se te menm jan ke sa te rive nan21jou Lot yo; yo t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap achte, yo t ap vann, yo t ap plante, yo t ap bati.
“Men nan jou ke Lot te sòti nan Sodome nan, dife avèk souf te tonbe tankou lapli e te detwi yo tout.
“Li va menm jan nan jou ke Fis a Lòm nan22ap revele a. Nan jou sa a, sila a ki23sou twati kay, e ki gen byen nan kay la, pa pou desann pou pran yo. Menm jan an, sila ki nan chan an pa pou vire tounen. 24
“Sonje madanm a Lot. 25
“Nenpòt moun ki chache sove lavi li va pèdi li, e Nenpòt moun ki pèdi lavi li va konsève l.
“Mwen di nou ke nan nwit sa a, ap gen de moun nan yon sèl kabann; youn ap pran, e lòt la ap rete. Va gen de fanm k ap moulen nan menm kote a. Youn va pran, e lòt la va rete. De mesye va nan chan an. Youn ap pran, e lòt la va rete.”
Konsa yo te reponn: “Ki kote, Senyè?”
E Li te di yo: “Kote26kadav la ye, se la votou yo va rasanble.”
Source notes (26)
- Cross-reference Mat 18:7
- Cross-reference Mat 18:6
- Cross-reference Mat 18:15
- Cross-reference Mat 18:21
- Cross-reference Mat 13:31
- Cross-reference Luc 12:37
- Cross-reference Luc 9:52
- Cross-reference Lev 13:45
- Cross-reference Luc 5:5
- Cross-reference Lev 14:1-32
- Cross-reference Mat 9:8
- Cross-reference Mat 9:8
- Cross-reference Mat 9:22
- Cross-reference Luc 19:11
- Cross-reference Luc 17:23
- Cross-reference Mat 9:15
- Cross-reference Mat 24:23
- Cross-reference Mat 24:27
- Cross-reference Mat 16:21
- Cross-reference Mat 24:37-39
- Cross-reference Jen 19
- Cross-reference Mat 16:27
- Cross-reference Mat 24:17
- Cross-reference Jen 19:26
- Cross-reference Mat 10:39
- Cross-reference Mat 24:28
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.