Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Luc 18

Alò, Li t ap di yo yon parabòl pou montre ke nan tout tan yo te 1dwe priye, e pa 2dekouraje. Li t ap di: “Te gen nan yon sèten vil, yon jij ki pa t pè Bondye, ni pa t3respekte moun.

“Alò, Te gen yon vèv nan menm vil sa a, e li te toujou ap vin kote li pou di l: ‘Ban m pwoteksyon kont advèsè mwen an.’

“Nan kòmansman, li pa t dakò, men apre li te vin di tèt li: ‘Malgre ke m pa pè Bondye, ni4respekte moun, men5akoz ke vèv sa a anmède m, mwen va bay li pwoteksyon legal. Otreman li ap kontinye vin kote mwen tout tan, e l ap fatige m nèt.’”

Epi 6Senyè a te di: “Koute byen sa ke jij enjis la te vle di. Alò, èske Bondye p ap fè jistis pou7sila Li chwazi yo, ki kriye a Li lajounen kon lannwit, epi èske Li va8fè anpil reta sou yo?

“Mwen di nou ke Li va fè jistis pou yo byen vit. Sepandan lè Fis a Lòm nan vini, 9èske Li va twouve lafwa sou latè?”

Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te10 kwè nan tèt yo ke yo te jis, e11te gade lòt yo kòm piba. “De mesye12te monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.

“Farizyen an te13kanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwen14peye ladim sou tout sa mwen fè.’ Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, e15pa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men li16t ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.

“Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paske17nenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.” 18

Alò, yo t ap pote menm tibebe bay li pou Li ta kapab touche yo, men lè disip yo te wè sa, yo te kòmanse reprimande yo.

Men Jésus te rele yo, e te di: “Kite timoun yo vin kote Mwen, e pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila yo ki tankou yo menm.

“Anverite, Mwen di nou: 19‘Nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun, li p ap antre ladan l menm.’” 20

Konsa, yon sèten direktè te kesyone L e te di: “Bon mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?”

Jésus te mande l: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen pèsòn ki bon sof ke Bondye sèl. Ou konnen kòmandman yo. 21‘Pa fè adiltè, pa touye moun, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, onore papa ou avèk manman ou.’”

Li te di: “Tout bagay sa yo mwen fè yo depi nan jenès mwen”.

Lè Jésus te tande sa, Li te di li: “Yon sèl bagay ou manke toujou. 22Vann tout sa ke ou posede e separe yo bay malere. Konsa ou va gen richès nan syèl la, epi vin swiv Mwen.”

Men lè li te tande bagay sa yo, li te vin byen tris, paske li te gen anpil richès.

Lè l wè tristès li, Jésus te gade l, e te di: 23“Tèlman li difisil pou sila ki rich yo antre nan wayòm Bondye a! 24Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon egwi, pase pou yon nonm rich ta antre nan wayòm Bondye a.”

Sila yo ki te tande sa te di: “Alò, kilès ki kapab sove?”

Men Li te di: 25“Bagay ki pa posib avèk lòm posib avèk Bondye.”

Konsa, Pierre te di: “Gade byen, 26nou kite pwòp kay nou pou swiv Ou.”

Li te di yo: “Anverite Mwen di nou ke 27pa gen pèsòn ki te kite kay, oswa madanm, oswa paran, oswa zanfan yo, pou koz a wayòm syèl la, ki p ap resevwa bokou plis nan tan sila a, e 28nan laj k ap vini an, lavi etènèl.” 29

Answit Li te pran douz yo sou kote, e te di yo: “Veye byen, n ap monte Jérusalem, e tout bagay ki te ekri pa pwofèt yo konsènan Fis a Lòm nan va vin acheve. 30Paske Li va livre a etranje yo, e li va moke, maltrete, e y ap krache sou Li. Lè yo fin bat Li avèk fwèt, yo va touye Li. Epi nan twazyèm jou a, l ap leve ankò.”

Men 31disip yo pa t konprann anyen nan bagay sa yo. Pawòl sa te kache a yo menm, e yo pa t konprann bagay ki t ap pale yo. 32

Pandan Jésus t ap pwoche Jéricho, yon sèten mesye avèg te chita akote wout la pou mande charite.

Alò, li te tande foul la ki t ap pase, e te kòmanse mande kisa sa te ye. Yo te reponn Li ke Jésus de Nazareth t ap pase.

Konsa, li te kòmanse rele fò, e te di: “Jésus, 33Fis a David la, Fè m gras!”

Sila yo ki t ap dirije chemen an t ap pale sevèman avè l pou fè silans; men li te kriye pi fò, “Jésus, 34Fis a David la, Fè m gras!”

Jésus te kanpe, e te bay lòd pou yo voye l kote Li. Lè l te vin toupre, Li te kesyone l: “Kisa ou vle M fè pou ou?”

Epi Li te di: “Senyè, mwen vle vin wè ankò.”

Jésus te di li: “Resevwa vizyon ou; 35lafwa ou fè ou geri.”

Imedyatman, li te vin wè ankò. Konsa, li te kòmanse swiv Li e li t ap 36bay glwa a Bondye. Lè tout moun te wè sa, yo te bay lwanj a Bondye.

Source notes (36)
  1. Cross-reference Luc 11:5-10
  2. Cross-reference II Kor 4:1
  3. Cross-reference Luc 18:4
  4. Cross-reference Luc 18:2
  5. Cross-reference Luc 11:8
  6. Cross-reference Luc 7:13
  7. Cross-reference Mat 24:22
  8. Cross-reference II Pi 3:9
  9. Cross-reference Luc 17:26
  10. Cross-reference Luc 16:15
  11. Cross-reference Wo 14:3,10
  12. Cross-reference I Wa 10:5
  13. Cross-reference Mat 6:5
  14. Cross-reference Luc 11:42
  15. Cross-reference Esd 9:6
  16. Cross-reference Luc 23:48
  17. Cross-reference Mat 23:12
  18. Cross-reference Mat 19:13-15
  19. Cross-reference Mat 18:3
  20. Cross-reference Luc 10:25-28
  21. Cross-reference Egz 20:12-16
  22. Cross-reference Mat 19:21
  23. Cross-reference Mat 19:23
  24. Cross-reference Mat 19:24
  25. Cross-reference Mat 19:26
  26. Cross-reference Luc 5:11
  27. Cross-reference Mat 6:33
  28. Cross-reference Mat 12:32
  29. Cross-reference Mat 20:17-19
  30. Cross-reference Mat 16:21
  31. Cross-reference Mc 9:32
  32. Cross-reference Mat 20:20-34
  33. Cross-reference Luc 18:38; Mat 9:27
  34. Cross-reference Luc 18:38; Mat 9:27
  35. Cross-reference Mat 9:22
  36. Cross-reference Mat 9:8

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.