Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Levitik Yo 21

Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: “Pale avèk prèt yo, fis Aaron yo. Di yo konsa: 1‘Pèsòn pa pou konwonpi kò l avèk yon moun mouri pami pèp li a, 2sof pou fanmi ki pi prè li yo, tankou manman l, papa l, fis li, fi li ak frè li, ak pou sè vyèj li, ki prè li, ki pa t gen mari. Pou sila a, li kapab konwonpi kò l. Li pa pou konwonpi kò l, akoz li se yon gwo chèf pami pèp li a, e konsa, pou vin degrade tèt li. 3

“‘Yo pa pou fè tèt yo kale, ni taye bab yo, ni fè okenn blese nan chè yo. Yo va rete sen a Bondye pa yo a, e yo 4p ap konwonpi non Bondye pa yo a, paske se yo ki prezante ofrann dife bay SENYÈ a, 5manje pou Bondye pa yo a. Alò, fòk yo sen. 6

“‘Yo pa pou pran yon fanm ki degrade kòm pwostitiye, ni yo pa pou pran yon fanm ki divòse avèk mari li; paske li sen a Bondye pa li a. Konsa, nou va konsakre li, paske li ofri ou 7manje Bondye nou an. Li va sen pou nou, paske Mwen, SENYÈ ki sanktifye nou an, Mwen sen. 8

“‘Fi a nenpòt prèt, si li degrade tèt li kòm pwostitiye, li degrade papa li. Li va brile nan dife.

“‘Prèt ki se wo prèt pami frè li yo, sou tèt sila lwil onksyon an te vide a, e sila ki te konsakre pou abiye avèk vètman yo, 9pa pou dekouvri tèt li, ni chire rad li. 10Li pa pou pwoche okenn moun mouri, ni konwonpi tèt li menm si se pou papa li oswa manman li. 11Li pa pou sòti nan sanktyè a, ni konwonpi sanktyè Bondye li a, paske konsekrasyon lwil sen an sou li. Mwen se SENYÈ a.

“‘Li va pran yon madanm ki vyèj. 12Yon vèv, oswa yon fanm divòse, oswa youn ki degrade kòm pwostitiye, sa yo, li pa kapab pran yo. Men okontrè, fòk li marye ak yon vyèj pami pwòp pèp pa li a. Li pa pou degrade desandan li yo pami pwòp pèp li a, paske Mwen se SENYÈ ki fè li sen an.’”

Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: “Pale avèk Aaron. Di l: ‘Okenn moun pami nou ki gen yon defo fizik p ap pwoche pou ofri 13manje bay Bondye li a. 14Paske nenpòt moun ki gen yon defo p ap pwoche: yon nonm avèg, yon bwate, yon nonm ki gen figi defòme, oswa okenn manm kò defòme, yon nonm pye kase oswa men kase, yon moun ki gen boul nan do oswa kata, oubyen yon moun ki gen defo nan zye li, oswa ekzema nan po, kal oswa boul grenn ki donmaje. Okenn moun nan ras Aaron, prèt ki gen defo pa pou pwoche pou fè ofrann SENYÈ a pa dife. Akoz li gen yon defo, li pa pou pwoche pou ofri 15pen ki pou Bondye li a. Li kapab manje 16pen Bondye li a, ni sa ki sen pase tout bagay yo, avèk sa ki sen an. Se sèlman, li pa pou antre anndan vwal la, ni toupre lotèl la akoz ke li gen yon defo, pou li pa konwonpi sanktyè Mwen yo. Paske Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an.’”

Alò, Moïse te pale avèk Aaron, a fis li yo, e a tout fis Israël yo.

Source notes (16)
  1. Cross-reference Lev 19:28
  2. Cross-reference Lev 21:11
  3. Cross-reference Det 14:1
  4. Cross-reference Lev 18:21
  5. Cross-reference Lev 3:11
  6. Cross-reference Lev 21:13-14
  7. Cross-reference Lev 21:6
  8. Cross-reference Jen 38:24
  9. Cross-reference Lev 10:6
  10. Cross-reference Lev 19:28
  11. Cross-reference Lev 10:7
  12. Cross-reference Lev 21:7
  13. Cross-reference Lev 2:16
  14. Cross-reference Lev 22:19-25
  15. Cross-reference Lev 21:6
  16. Cross-reference I Kor 9:13

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.