Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Levitik Yo 22

Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: Di Aaron avèk fis li yo pou separe yo de bagay sen ki pou fis Israël yo, ke yo dedye kon sen de Mwen yo, epi pou yo pa derespekte non sen Mwen an. Mwen se SENYÈ a.

“Di yo ke: 1‘Si nenpòt moun pami tout jenerasyon nou yo vin pwoche de bagay sen yo, ke fis Israël yo te dedye bay SENYÈ a pandan li pa pwòp, moun sa a va koupe retire devan M. Mwen se SENYÈ a. 2

“‘P ap gen yon nonm pami desandan Aaron yo ki gen lalèp oswa yon ekoulman ki kapab manje nan bagay sen yo jiskaske li vin pwòp. Konsa, si youn vin touche nenpòt bagay ki fèt pa pwòp pa yon moun mouri, oswa si yon nonm vin fè yon ekoulman, oswa, 3si yon mesye vin touche nenpòt nan bèt ki trennen atè, oswa nenpòt moun ki fè l vin pa pwòp, nenpòt sa ki fè l pa pwòp; ke yon moun ki touche nenpòt kalite bagay konsa va pa pwòp jis rive nan aswè, e li p ap kab patisipe nan manje nan bagay sen yo sof ke li benyen kò l nan dlo. Men lè solèy la kouche, li va pwòp. Konsa, apre, li ka manje nan bagay sen yo, paske 4se manje li. Li pa pou manje 5yon bèt ki mouri oswa ki chire pa lòt bèt, pou fè l vin pa pwòp.

“‘Konsa, yo va kenbe 6lòd Mwen, pou yo pa pote peche akoz li, e mouri konsa si yo souye li. Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an. 7

“‘Okenn etranje pa pou manje kado sen an. Yon vwayajè k ap rete ak prèt la, oswa yon ouvriye pa pou manje nan kado sen an. 8Men si yon prèt achte yon esklav kòm pwòp byen pa li, avèk pwòp lajan pa li, sila a kapab manje nan li, e sila ki te ne nan kay li yo kapab manje manje li. Si fi a yon prèt vin marye avèk yon moun ki pa prèt, li pa pou manje nan kado ofrann yo. Men si fi a yon prèt vin vèv, oswa divòse, e pa gen pitit, si li vin retounen lakay papa li, tankou lè l te jèn, li va manje nan manje papa li; 9men moun deyò p ap kab manje li. 10

“‘Men si yon nonm manje yon kado sen san konnen, alò, li va mete sou fòs li yon senkyèm anplis valè li, e li va bay kado sen an bay prèt la. 11Yo pa pou degrade kado sen ki pou fis Israël yo, ke yo ofri bay SENYÈ a, epi konsa, fè yo 12pote pinisyon pou koupabilite akoz manje nan kado sen pa yo; paske Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an.’”

Alò SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: “Pale avèk Aaron, ak fis li yo, epi tout fis Israël yo. Di yo: 13‘Nenpòt moun nan kay Israël la oswa pami etranje yo nan Israël ki prezante ofrann li, sof ke se youn nan ofrann sèman yo oswa ofrann bòn volonte yo, ke yo prezante bay SENYÈ a kòm yon ofrann brile— 14pou nou ta aksepte li—li oblije ke se yon mal san defo ki sòti nan bèf, mouton, oswa kabrit. 15Nenpòt bèt ki gen defo, nou pa pou ofri li, paske li p ap akseptab pou nou. Lè yon moun ofri yon sakrifis lapè bay SENYÈ a 16pou ranpli yon ve espesifik, oswa yon ofrann bòn volonte ki sòti nan bann mouton oswa nan twoupo, fòk li bon nèt pou l kapab aksepte. Li pa pou gen defo menm nan li. Sila ki avèg yo, ki gen zo kase, oswa donmaje yo, sila ki gen maleng ekoulman, ekzema, oswa kal yo, nou pa pou ofri yo bay SENYÈ a, ni fè yon ofrann pa dife sou lotèl bay SENYÈ a. Pou yon bèf, oswa yon jenn ti mouton ki gen youn nan manm li ki pi gwo oswa pi piti ke lòt yo, nou kapab prezante li kòm yon ofrann bòn volonte, men kòm yon ofrann ve, li p ap aksepte. Osi, 17nenpòt nan yo avèk boul grenn li brize oswa kraze, chire oswa koupe, nou pa pou ofri li bay SENYÈ a, ni fè sakrifis avèk li nan peyi nou an. Ni nou p ap aksepte anyen ki konsa nan men a yon etranje kòm yon ofrann 18manje pou Bondye nou an, paske yo konwonpi. Yo gen defo. Yo pa pou aksepte pou nou.’”

Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse e te di: “Lè yon bèf oswa yon mouton, oswa yon kabrit vin fèt, li va rete 19pandan sèt jou avèk manman li. Men depi nan uityèm jou a, li va vin aksepte kòm yon sakrifis pou yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. 20Menm si se yon bèf, oswa yon mouton, nou pa pou touye li ansanm avèk pitit li nan yon sèl jou.

“Lè nou ofri yon 21sakrifis pou remèsiman bay SENYÈ a, nou va fè sakrifis la yon jan pou l aksepte. Li va manje nan menm jou a, nou pa pou kite anyen de li pou rive jis nan maten. Mwen se SENYÈ a. 22

“Konsa nou va kenbe kòmandman Mwen yo, e fè yo. Mwen se SENYÈ a. Nou pa pou degrade non sen Mwen an, men Mwen va sen pami fis Israël yo. Mwen se SENYÈ ki fè nou sen an, 23ki te fè nou sòti nan peyi Égypte la, pou vin Bondye nou. Mwen se SENYÈ a.”

Source notes (23)
  1. Cross-reference Lev 7:20-21
  2. Cross-reference Lev 14:1-32
  3. Cross-reference Lev 11:23-28
  4. Cross-reference Nonb 18:11
  5. Cross-reference Lev 7:24
  6. Cross-reference Lev 18:30
  7. Cross-reference Egz 29:33
  8. Cross-reference Jen 17:13
  9. Cross-reference Lev 22:10
  10. Cross-reference Lev 5:15-16
  11. Cross-reference Nonb 18:32
  12. Cross-reference Lev 10:17
  13. Cross-reference Nonb 15:4
  14. Cross-reference Lev 21:18-21
  15. Cross-reference Mal 1:8-14
  16. Cross-reference Nonb 15:3-8
  17. Cross-reference Lev 21:20
  18. Cross-reference Lev 21:22
  19. Cross-reference Egz 22:30
  20. Cross-reference Det 22:6-7
  21. Cross-reference Lev 7:12
  22. Cross-reference Lev 19:37
  23. Cross-reference Lev 11:45

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.