Bib Sen An
Levitik Yo 23
SENYÈ a te pale ankò avèk Moïse. Li te di: “Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Fèt chwazi SENYÈ a, ke nou va 1pwoklame kòm konvokasyon sen yo—fèt chwazi Mwen yo se sa yo. 2
“‘Pandan sis jou, travay kapab fèt, men sou setyèm jou a, va gen yon repo Saba konplè, yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay. Se yon Saba a SENYÈ a nan tout domisil nou yo.
“‘Sa yo se lè 3 fèt chwazi pou SENYÈ a, konvokasyon sen ke nou va pwoklame nan lè ki apwente pou yo. 4Nan premye mwa nan katòzyèm jou mwa a, avan l fènwa, se Pak SENYÈ a. Alò, nan kenzyèm jou nan menm mwa sa a, 5fèt Pen San Ledven pou SENYÈ a ap fèt. Pandan sèt jou, nou va manje pen san ledven. Nan premye jou a, nou va gen yon konvokasyon sen. Nou 6p ap fè okenn travay di. Men pandan sèt jou, nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Nan setyèm jou a, se yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di.’”
Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: “Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou antre nan peyi ke Mwen ap bannou pou 7fè rekòlt li a, alò, nou va pote premye pake a kòm premye fwi rekòlt la bay prèt la. Li va fè sign voye pake a anlè devan SENYÈ a pou nou, pou l kapab aksepte. Nan jou apre Saba a, prèt la va voye li anlè. Alò, nan jou lè nou voye pake a anlè a, nou va ofri yon jenn mouton ki gen laj ennan(1 an) ki san defo pou yon ofrann brile bay SENYÈ a. 8Ofrann sereyal li, alò, va 2 dizyèm yon efa farin melanje avèk lwil, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, yon bagay santi bon, avèk ofrann bwason li, yon ka in diven. Jis rive nan jou sa a, jiskaske nou pote ofrann Bondye nou an, 9nou pa pou manje ni pen, ni sereyal boukannen, ni nouvo tij vèt. Sa dwe rete yon règleman ki la pou tout tan pami tout jenerasyon nou yo, nan tout domisil nou yo. 10
“‘Nou va osi kontwole pou kont nou sèt jou Saba yo, soti nan jou ke nou te pote premye pake ofrann voye anlè a: va gen sèt Saba konplè. Nou va kontwole senkant jou jis rive nan jou apre setyèm Saba a, epi nou va prezante yon 11ofrann sereyal nèf bay SENYÈ a. Nou va pote soti nan domisil nou yo de (2) pen kòm yon ofrann voye anlè, ki fèt avèk de dizyèm yon efa. Yo va fèt avèk farin fen, kwit 12avèk ledven kòm premye fwi bay SENYÈ a. Ansanm avèk pen an, nou va prezante sèt jenn mouton nan laj 1 nan, mal san defo, ak yon towo twoupo avèk de belye. Yo dwe yon ofrann brile bay SENYÈ a, avèk ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason pa yo, yon ofrann pa dife ki dous e santi bon a SENYÈ a. Nou va osi ofri 13yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, ak de mal mouton ki gen laj 1 nan kòm yon sakrifis ofrann lapè. Konsa, prèt la va voye yo anlè avèk pen premye fwi yo kòm yon ofrann voye anlè avèk de jenn mouton yo devan SENYÈ a. Yo dwe sen a SENYÈ a pou prèt la. Nan menm jou sa a, nou va osi fè yon pwoklamasyon ke nou va gen yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn 14travay di. Se yon règleman pou tout tan nan tout domisil nou yo pandan tout jenerasyon nou yo. 15
“‘Lè nou fè rekòlt la nan peyi nou, anplis, nou pa pou rekòlte jis nan kwen chan nou yo, ni ranmase ti retay nan rekòlt la. Se pou nou kite yo pou malere avèk etranje yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”
Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: “Pale avèk fis Israël yo pou di: 16‘Nan setyèm mwa nan premye jou nan mwa a, nou va fè yon repo, yon 17tan pou sonje avèk son twonpèt yo, yon konvokasyon sen. Nou 18pa pou fè okenn travay di, men nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.’”
SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: Nan dizyèm jou nan setyèm mwa sa a, se 19jou ekspiyasyon an. Li va yon konvokasyon sen pou nou. Nou va imilye nanm nou pou prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Nou pa pou fè okenn travay nan menm jou sa a, paske li se yon jou ekspiyasyon, 20pou fè ekspiyasyon pou nou menm devan SENYÈ a, Bondye nou an. Si gen yon moun ki refize nye li menm nan jou sa a, 21li va koupe retire de pèp li a. Pou nenpòt moun ki fè yon travay nan menm jou sa a, moun sa a, Mwen va detwi li pami pèp li a. Nou pa pou travay menm. Se yon règleman k ap dire pandan tout jenerasyon nou yo nan tout kay nou yo. Fòk se yon repo Saba konplè pou nou, e nou va imilye nanm nou. Nan nevyèm jou mwa a nan aswè, nou va obsève Saba nou.
Ankò SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: “Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Nan kenzyèm jou nan mwa sa a ki se setyèm mwa a, se Fèt Ti Tonèl Yo pandan sèt jou anvè SENYÈ a.22 Nan premye jou a, se yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè 23okenn kalite travay ki di. 24Pandan sèt jou, nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Nan uityèm jou a, nou va fè yon konvokasyon sen e prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Se yon asanble solanèl. Nou pa pou fè okenn travay di.
“‘Sa yo se lè chwazi SENYÈ a ke nou va pwoklame kòm konvokasyon sen, pou prezante ofrann dife bay SENYÈ a—ofrann brile ak ofrann sereyal yo, sakrifis yo avèk ofrann bwason yo, 25zafè chak jou nan pwòp jou pa li— apati Saba sila ki pou SENYÈ yo, apati kado nou yo, apati tout ofrann ve avèk ofrann bòn volonte ke nou bay SENYÈ yo.
“‘Byen jis nan kenzyèm jou nan setyèm mwa a, 26lè nou gen tan antre rekòlt nan peyi a, nou va fete fèt ki pou SENYÈ a pandan sèt jou. Nou va fè yon repo solanèl nan premye jou a, e yon repo solanèl nan uityèm jou a. Alò, nan premye jou a, nou va pran pou nou menm fèy ki sòti nan pyebwa ki bèl yo, branch pal yo avèk branch nan pyebwa ki gen fèy yo, pyebwa ki pann sou kote rivyè a ak ti dlo yo, e nou va rejwi devan SENYÈ a Bondye nou an pandan sèt jou. Nou va selebre li konsa kòm yon fèt bay SENYÈ a pandan sèt jou nan ane a. Sa va yon règleman k ap dire nèt pandan tout jenerasyon nou yo. Nou va selebre li nan setyèm mwa a. Nou va viv 27nan tonèl yo pandan sèt jou. Tout natif Israël yo va viv nan tonèl yo, pou 28jenerasyon nou yo kapab vin konnen ke fis Israël yo te viv nan tonèl lè Mwen te mennen yo, fè yo sòti nan peyi Égypte la. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”
Se konsa Moïse te deklare a fis Israël yo 29 tout lè ki te deziye pa Bondye yo.
Source notes (29)
- Cross-reference Lev 23:21
- Cross-reference Lev 19:3
- Cross-reference Egz 23:14
- Cross-reference Det 16:1
- Cross-reference Egz 12:14-20
- Cross-reference Lev 23:8,21,25,35,36
- Cross-reference Egz 23:19
- Cross-reference Lev 6:20
- Cross-reference Egz 34:26
- Cross-reference Nonb 28:26-31
- Cross-reference Nonb 28:26
- Cross-reference Lev 2:12
- Cross-reference Lev 4:23
- Cross-reference Lev 23:7
- Cross-reference Det 24:19
- Cross-reference Nonb 29:1
- Cross-reference Nonb 10:9-10
- Cross-reference Lev 23:21
- Cross-reference Egz 30:10
- Cross-reference Lev 16:34
- Cross-reference Jen 17:14
- Cross-reference Nonb 29:12
- Cross-reference Lev 23:25
- Cross-reference Nonb 29:12-34
- Cross-reference Nonb 28:1-29
- Cross-reference Egz 23:16
- Cross-reference Lev 23:34
- Cross-reference Det 31:13
- Cross-reference Lev 23:37
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.