Bib Sen An
Jij Yo 11
Alò, 1Jephthé, Galaadit la, te yon gèrye plen kouraj. Li te fis a yon pwostitiye. Galaad se te papa a Jephté Madanm a Galaad te ba li fis yo; epi lè fis sa yo te vin grandi, yo te kouri dèyè Jephthé, mete li deyò e te di li: “Ou p ap fè eritaj lakay papa nou, paske ou se fis a yon lòt fanm.” Konsa, Jephthé te sove ale devan frè li yo, pou li te viv nan peyi 2Tob la. Sanzave yo te rasanble yo antoure Jephthé e yo te konn ale andeyò avèk li.
Li te vin rive apre yon tan ke 3fis Ammon yo te goumen kont Israël. Lè fis Ammon yo te goumen kont Israël, ansyen nan Galaad yo te ale jwenn Jephthé nan peyi Tob la. Konsa, yo te di a Jephthé: “Vin fè chèf sou nou pou nou kab goumen kont fis Ammon yo.”
Jephthé te reponn a ansyen Galaad yo: 4“Èske nou pa t rayi mwen e chase mwen lwen lakay papa m? Poukisa, koulye a, nou vin devan m lè nou nan pwoblèm nan?”
Ansyen Galaad yo te di a Jephthé: “Se pou rezon sa a ke nou gen tan retounen bò kote ou, pou ou kapab ale avèk nou, goumen avèk fis Ammon yo e 5vin chèf sou tout pèp Galaad la.”
Pou sa, Jephthé te di a ansyen Galaad yo: “Si nou reprann mwen pou m kab goumen kont fis Ammon yo, epi SENYÈ a livre yo nan men m, èske mwen va devni chèf an tèt nou?”
Ansyen a Galaad yo te di a Jephthé: 6“SENYÈ a se temwen antre nou. Anverite, nou va fè sa ou mande nou fè a.”
Konsa, Jephthé te ale avèk ansyen Galaad yo, e pèp la te fè li chèf sou yo. Konsa, Jephthé te pale tout pawòl li yo devan SENYÈ a nan 7Mitspa.
Jephthé te voye mesaje a wa a fis Ammon yo. Li te di: “Kisa ki gen antre ou menm avèk mwen menm, pou nou vin kote m pou goumen kont peyi mwen?”
Wa a fis Ammon yo te di a mesaje Jephthé yo: “Akoz Israël te 8pran peyi mwen lè yo te vin monte sòti an Egypte, jis soti nan Arnon pou rive 9Jabbok avèk Jourdain an. Konsa, remèt mwen yo koulye a, nan lapè.”
Men Jephthé te voye mesaje yo ankò vè wa a fis Ammon yo. Li te di li yo: “Konsa pale Jephthé: “Israël pa t pran peyi Moab, ni peyi fis Ammon yo. Paske, lè yo te monte sòti an Egypte, Israël te pase nan dezè a pou rive nan Lamè Wouj e te vin Kadès. Alò, Israël 10te voye mesaje yo vè wa Édom an, pou te di: ‘Souple, lese nou travèse peyi nou an,’ men wa a Édom an te refize koute. Ankò, yo te voye wa Moab la, men li pa t dakò. Konsa, Israël te rete Kadès. Epi yo te pase nan dezè a pou evite peyi Édom avèk Moab la. Yo te rive nan lizyè lès a Moab la e yo te fè kan an lòtbò Arnon an, men yo 11pa t antre nan tèren Moab la, paske Arnon an se te lizyè Moab. Konsa, Israël te voye 12mesaje a Sihon yo, wa Amoreyen yo, ak wa a Hesbon an. Israël te di li: “Souple, kite nou pase nan tèritwa pa ou a pou rive nan plas nou.” Men Sihon pa t mete konfyans an Israël pou pase nan tèritwa pa li a. Pou sa, Sihon te ranmase tout pèp li a, e te fè kan nan Jahats pou te goumen avèk Israël. SENYÈ a, Bondye a Israël la, te mete13Sihon avèk tout pèp li a nan men Israël, e yo te genyen yo. Konsa, Israël te vin posede tout tèren a Amoreyen yo, pèp a peyi sila yo. 14Epi yo te vin posede tout tèren a Amoreyen yo, soti nan Arnon an, jis rive nan Jabbok la, e soti nan dezè a jis rive nan Jourdain an. Depi alò, SENYÈ a te chase Amoreyen yo, Li te fè yo sòti nan tèren an devan pèp Israël la, èske koulye a, ou menm ap vin antre pou posede li? Èske nou pa posede deja sa ke 15Kemosch, dye pa nou an, te bannou pou posede a? Konsa nenpòt sa ke SENYÈ a te chase devan nou, nou va posede li. Alò, èske ou pi bon ke 16Balak, fis a Tsippor a, wa Moab la? Èske li te janm fè traka pou Israël, oswa èske li te janm goumen kont yo? 17Pandan Israël te rete Hesbon avèk bouk pa li yo, nan Aroër avèk bouk pa li yo ak nan vil ki arebò Arnon an, pandan twa-san ane, poukisa nou pa t rekouvri yo pandan tan sa a? Konsa, mwen pa t peche kont nou, men nou te fè m tò lè nou te fè lagè kont mwen. 18Ke SENYÈ a, Jij la, jije jodi a antre fis Israël yo ak fis a Ammon yo.”
Men wa a fis Ammon yo te refize koute mesaj ke Jephthé te voye ba li a. Alò, 19Lespri SENYÈ a te vini sou Jephthé. Li te pase travèse Galaad avèk Manassé, epi li te pase travèse Mitspé nan Galaad pou te rive vè fis Ammon yo.
Jephthé te fè yon ve bay SENYÈ a, e te di: “Si Ou va vrèman ban mwen fis Ammon yo nan men m, konsa, li va rive ke nenpòt sa ki sòti nan pòt lakay mwen pou rankontre mwen lè m retounen anpè soti nan fis Ammon yo, li va pou SENYÈ a. Epi mwen va ofri li kòm yon ofrann brile.”
Konsa, Jephthé te travèse vè fis Ammon yo pou goumen kont yo; epi SENYÈ a te mete yo nan men li. Li te frape yo avèk yon trè gran masak soti nan Aroër jis rive nan antre Minnith, ven vil e jis rive nan Abel-Keramim. Konsa, fis Ammon yo te jete ba devan fis Israël yo.
Lè Jephthé te rive vè kay li nan Mitspa, men vwala, fi li a te vin parèt pou rankontre li avèk 20tanbouren ak dans. Alò, li te sèl pitit li. Sof ke li menm, li pa t gen ni fis ni fi. Lè li te wè li, li te chire rad li e te di: “Anmwey, pitit mwen, ou mete m ba nèt e ou pami sila yo ki twouble m yo. Paske, mwen te bay pawòl mwen a SENYÈ a, e 21mwen p ap kab reprann li.”
Konsa li te di li: “Papa m, ou te bay pawòl ou a SENYÈ a. 22Fè avè m sa ou te di a, akoz SENYÈ a te fè vanjans sou lènmi ou yo, fis a Ammon yo.” Li te di a papa li: “Sèlman, kite bagay sa a fèt; lese mwen pou kont mwen pandan de mwa, pou mwen kapab ale nan mòn yo pou m kab kriye akoz ke m toujou 23vyèj, mwen menm avèk zanmi mwen yo.
Epi li te reponn: “Ale.” Konsa, li te voye li sòti pandan de mwa. Li te ale avèk zanmi li yo pou te kriye sou mòn yo akoz li te vyèj. Nan fen de mwa yo, li te retounen vè papa li ki te aji ak li selon ve ke li te fè a. Li pa t gen relasyon avèk gason. Konsa, sa te vin yon koutim an Israël, pou fi a Israël yo te ale chak ane pandan kat jou an memwa fi Jephthé la, Galaadit la.
Source notes (23)
- Cross-reference Eb 11:32
- Cross-reference II Sam 10:6-8
- Cross-reference Jij 10:9-17
- Cross-reference Jen 26:27
- Cross-reference Jij 10:18
- Cross-reference Jen 31:50
- Cross-reference Jij 10:17
- Cross-reference Nonb 21:24
- Cross-reference Jen 32:22
- Cross-reference Nonb 20:14-21
- Cross-reference Det 2:9-19
- Cross-reference Nonb 21:21-32
- Cross-reference Nonb 21:24
- Cross-reference Det 2:36-37
- Cross-reference Nonb 21:29
- Cross-reference Nonb 22:2
- Cross-reference Nonb 21:25-26
- Cross-reference Jen 16:5
- Cross-reference Jij 3:10
- Cross-reference Egz 15:20
- Cross-reference Nonb 30:2
- Cross-reference Nonb 30:2
- Cross-reference Jen 30:23
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.