Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jij Yo 10

Alò, apre Abimélec te fin mouri, Thola, fis a Puah a, fis a Dodo a, yon nonm Issacar, te 1 leve pou delivre Israël. Li te rete Schamir, nan peyi ti kolin Éphraïm yo. Li te jije Israël pandan venn-twazan. Li te mouri e te antere Schamir.

Apre li, Jaïr Galaadit la te leve pou te jije Israël pandan venn-dezan. Li te gen trant fis ki te monte sou trant bourik. Konsa, yo te gen trant vil nan peyi Galaad, ke yo 2 rele Havvoth-Jaïr jis rive jodi a. Epi Jaïr te mouri e te antere Kamon.

Alò, fis Israël yo te fè mal devan zye SENYÈ a, yo te 3sèvi Baal yo avèk Astarté yo, dye a Syrie yo, dye a Sidon yo, dye a Moab yo, dye a fis Ammon yo, ak dye a Filisten yo. Konsa, 4yo te abandone SENYÈ a e yo pa t sèvi li. Kòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te 5vann yo nan men a Filisten yo ak nan men a fis Ammon yo. Yo te aflije e te kraze fis Israël yo nan ane sa a. Pandan di-zuit ane, yo te aflije tout fis Israël ki te lòtbò Jourdain an nan Galaad nan peyi Amoreyen yo. Fis a Ammon yo te travèse Jourdain an pou yo te kab, osi, batay avèk Juda, Benjamin, avèk lakay Éphraïm. Sa te fè gwo pwoblèm pou Israël. Konsa, 6fis Israël yo te kriye fò bay SENYÈ a, e te di: “Nou te peche kont Ou, paske vrèman, nou te abandone Bondye nou an pou te sèvi Baal yo.”

SENYÈ a te di a fis Israël yo: “Èske Mwen pa t delivre nou 7soti nan men Ejipsyen yo, 8 Amoreyen yo, fis a Ammon yo, ak Filisten yo? Osi, lè Sidonyen yo, Amalekit yo avèk Maonit yo te 9oprime nou, nou te kriye fò ban Mwen, e Mwen te delivre nou soti nan men yo. Malgre sa, 10nou te abandone Mwen pou sèvi lòt dye yo. Pou sa, Mwen p ap delivre nou ankò. 11Ale e kriye fò a dye sila ke nou te chwazi yo. Kite yo menm delivre nou nan tan gwo twoub nou yo.”

Fis Israël yo te di a SENYÈ a: “Nou te peche. 12Fè ak nou sa ki sanble bon a Ou menm; sèlman souple delivre nou jodi a.” 13Konsa, yo te retire dye etranje sila ki te pami yo pou te sèvi SENYÈ a; epi 14Li pa t kab sipòte mizè Israël ankò.

Alò fis Ammon yo te rasanble; yo te fè kan Galaad. Epi fis a Israël yo te vin rasanble pou te fè kan an 15Mitspa. Pèp la, chèf a Galaad yo te di: “Ki moun ki va ouvri batay la kont fis Ammon yo? Li menm, li va chèf sou tout pèp Galaad la.”

Source notes (15)
  1. Cross-reference Jij 2:16
  2. Cross-reference Nonb 32:41
  3. Cross-reference Jij 2:13
  4. Cross-reference Det 31:16
  5. Cross-reference I Sam 12:9
  6. Cross-reference I Sam 12:10
  7. Cross-reference Jij 2:12
  8. Cross-reference Nonb 21:21-25
  9. Cross-reference Sòm 106:42
  10. Cross-reference Jr 2:13
  11. Cross-reference Det 32:37
  12. Cross-reference I Sam 3:18
  13. Cross-reference Jos 24:23
  14. Cross-reference Det 32:36
  15. Cross-reference Jij 11:29

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.