Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jérémie 50

Pawòl ke SENYÈ a te pale konsènan 1Babylone, peyi Kaldeyen yo, pa Jérémie, pwofèt la:

“Deklare e pwoklame pami nasyon yo.

Pwoklame sa e leve yon drapo.

Pa kache sa, men di: 2 ‘Babylone te kaptire

Bèl gen tan plen regrè,

Merodac fin nan gwo twoub!

Imaj li yo fè wont, e zidòl li yo fin san zespwa.’

Paske yon nasyon gen tan monte kont li soti nan 3nò;

sa va fè peyi li vin yon objè degoutan

e p ap genyen moun ki rete ladann.

Ni moun, ni bèt fin egare ale; yo ale nèt!

“Nan jou sa yo ak nan lè sa a,” deklare SENYÈ a:

“Fis Israël yo va vini, ni yo menm, ni fis a Juda yo tou;

yo va avanse ap kriye 4pandan yo prale

e se SENYÈ a, Bondye ke yo va chache a.

Yo va 5mande pou chemen ki ale nan Sion an,

e vire figi yo vè direksyon li.

Yo va di ‘Vin mete tèt nou ak SENYÈ a,

nan yon akò k ap dire jis pou tout tan,

youn ki p ap janm bliye.’

Pèp Mwen an gen tan vin 6mouton ki pèdi.

Bèje yo te egare yo.

Yo te fè yo vire akote mòn yo.

Yo te avanse soti sou mòn pou rive sou kolin,

e yo te bliye plas repo yo.

Tout moun ki rive sou yo te devore yo;

epi advèsè yo te di: 7 ‘Nou pa koupab,

paske se yo ki te peche kont SENYÈ

ki se abitasyon ladwati a,

menm SENYÈ a, espwa a papa zansèt yo.’

“Detounen kite 8mitan Babylone!

Sòti nan peyi Kaldeyen yo.

Fè konsi se mal kabrit k ap mache nan tèt bann mouton an.

Paske gade byen, Mwen va 9leve fè parèt kont Babylone,

yon gwo foul nasyon pwisan soti nan peyi nò a.

Yo va rale lign batay yo kont li.

Depi la, yo va vin an kaptivite.

Flèch yo va tankou yon gèrye ekspè,

ki pa janm retounen men vid.

Chaldée va vin yon viktim;

tout moun ki piyaje li va jwenn kont yo,”

deklare SENYÈ a.

“Akoz nou kontan, akoz nou ap fete,

o nou menm ki te konn 10piyaje eritaj Mwen an;

akoz nou fè sote tankou yon jenn gazèl

k ap foule sereyal;

epi ki vin ranni kon jenn poulen, 11

manman nou va tèlman wont,

sila ki te bay nou nesans lan va imilye.

Gade byen, li va pi piti pami nasyon yo,

yon savann, yon peyi sèch, yon dezè.

Akoz endiyasyon SENYÈ a, li p ap abite,

men li va dezole nèt.

Tout moun ki pase kote Babylone va vin sezi.

E va sifle kon koulèv akoz tout dega li yo.

Monte lign batay ou kont Babylone tout kote,

nou tout ki konn koube banza.

Tire sou li.

Pa konsève flèch nou yo,

paske li te peche kont SENYÈ a.

Leve kriye batay la kont li tout kote!

Li te tonbe. Mi defans li yo fin tonbe,

miray li yo fin demoli.

Paske sa se 12vanjans SENYÈ a.

Pran vanjans sou li.

Jan li te konn fè a, fè l konsa.

Koupe retire 13kiltivatè Babylone nan;

ak sila ki voye kouto nan lè rekòlt la.

Akoz krent nepe opresè a,

yo chak va retounen vè pwòp pèp pa yo,

e yo chak va sove ale nan pwòp peyi yo.

“Israël se yon 14bann moun kap kouri devan lachas

lyon an te chase yo ale.

Premye ki te devore li a se te wa Assyrie a,

e dènye ki te kraze zo li yo se te Nebucadnetsar, wa Babylone nan.”

Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la:

“Gade byen, Mwen va pini wa Babylone nan ak peyi li a,

menm jan ke M 15te pini wa Assyrie a.

Epi Mwen va 16mennen Israël retounen nan patiraj li

e li va jwenn manje li sou Carmel ak sou Basan;

epi dezi li va satisfè nan peyi kolin Éphraïm ak Galaad yo.

Nan jou sa yo ak nan lè sa a”, deklare SENYÈ a:

“rechèch va fèt pou jwenn inikite Israël la,

men 17p ap genyen;

epi pou peche a Juda yo, men yo p ap jwenn;

paske Mwen va padone sila ke M kite kon retay yo.”

“Kont peyi Merathaïm nan monte;

kont li ak kont moun 18Pékod yo.

Touye yo e detwi yo nèt,” deklare SENYÈ a;

“epi fè selon tout sa ke M te kòmande nou yo.

Bri batay la nan peyi a

ak destriksyon an vin gran.

Gade kijan 19mato k ap frape tout latè a

fin koupe an mòso e kraze!

Gade kijan Babylone te vin yon objè degoutan pami nasyon yo!

Mwen te 20poze yon pèlen pou ou

e ou menm te kenbe tou, o Babylone.

Pandan ou pa t menm konnen,

ou tou te dekouvri, e te pran,

akoz ou te goumen kont SENYÈ a.”

SENYÈ a te ouvri depo zam Li.

Li te fè parèt 21zam endiyasyon Li yo,

paske Senyè BONDYE Dèzame yo

gen travay ki pou fèt nan peyi Kaldeyen yo.

Vin kote li soti nan lizyè ki pi lwen an.

Ouvri depo li yo.

Anpile li kon gwo pil. 22

Detwi li nèt.

Pa kite anyen rete pou li. 23

Mete tout jenn towo li yo a nepe.

Kite yo desann nan masak la!

Malè a yo menm, paske jou pa yo a rive,

lè pinisyon pa yo a.

Tande 24bri a sila k ap sove ale yo,

ak sila k ap pran flit kite tè Babylone nan,

pou deklare an Sion vanjans a SENYÈ Bondye nou an;

vanjans pou tanp Li an.

“Rele anpil kont Babylone,

tout sila ki konn koube banza yo.

Fè kan kont li tout kote,

pa bay li mwayen pou chape menm.

Rekonpanse li selon zèv li yo.

Selon tout sa li te fè yo, konsa fè li;

paske li te vin 25awogan kont SENYÈ a,

kont Sila Ki Sen an Israël la.

Pou sa, 26jennonm pa l yo va tonbe nan lari;

e tout mesye lagè li yo va tonbe an silans

nan jou sa a,” deklare SENYÈ a.

“Gade byen, 27Mwen kont ou,

O sila ki plen awogans lan”, deklare Senyè BONDYE dèzame yo,

“Paske jou pa ou a fin rive,

lè ke M va pini ou a. 28

Sila ki awogan an va glise tonbe, san pèsòn pou leve li;

epi Mwen va mete dife nan vil li yo

e li va devore tout andwa l yo.”

Konsa pale SENYÈ dèzame yo:

“Fis Israël yo vin oprime, ansanm ak fis a Juda yo. 29

Tout moun ki te pran yo an kaptivite yo

te kenbe yo di.

Yo te refize lage yo.

Redanmtè yo a fò.

SENYÈ dèzame yo se non Li;

Li va plede ka yo ak gwo fòs

pou L ka mennen lapè sou tè a,

ak gwo twoub sou sila ki rete Babylone yo.

“Yon nepe kont Kaldeyen yo”, deklare SENYÈ a:

“Kont moun ki rete Babylone yo,

kont 30ofisye li yo ak mesye saj li yo!

Yon nepe kont 31moun anfle yo;

yo va devni moun fou!

Yon nepe kont mesye pwisan li yo;

yo va twouble nèt!

Yon nepe kont 32cheval li yo,

kont cha lagè yo,

kont tout etranje ki rete nan mitan l yo

e yo va vin tankou fanm!

Yon nepe rete sou trezò li yo,

e yo va piyaje!

Yon sechrès sou dlo li yo,

e yo va vin sèch nèt!

Paske se yon peyi 33imaj taye,

e yo fou pou zidòl sa yo.

Akoz sa, 34bèt dezè yo va viv la,

ansanm ak chen mawon.

Anplis, otrich va viv ladann,

e li p ap janm gen moun ladann ankò,

ni moun k ap viv la de jenerasyon an jenerasyon.

“Tankou lè Bondye te boulvèse 35Sodome ak Gomorrhe

ak vwazen li yo,” deklare SENYÈ a:

“Nanpwen moun k ap viv la, ni fis a lòm k ap rete ladann.

“Gade byen, yon pèp ap vini 36soti nan nò,

Yon gwo nasyon ak anpil wa

va leve soti nan dènye pwent latè.

Yo sezi banza yo, ak lans yo;

yo mechan e yo san mizerikòd. 37

Vwa yo gwonde tankou lanmè.

Yo monte sou cheval yo,

chaken byen òdone tankou moun

pou fè batay kont ou, O fi a Babylone nan.

Wa Babylone nan te tande rapò de yo,

e men li pann san fòs. 38

Gwo dekourajman sezi li;

gwo doulè tankou yon fanm k ap pouse pitit.

Gade byen, youn va monte kon yon lyon

soti nan rakbwa Jourdain an,

rive nan yon abitasyon byen fò;

paske nan yon moman, Mwen va fè yo kouri kite li.

Epi nenpòt moun ki 39chwazi,

Mwen va dezinye l mete sou li.

Paske se kilès ki tankou Mwen?

E se kilès k ap fè m tann lè M?

Kilès ki bèje ki ka kanpe devan M?”

Pou sa, tande 40konsèy SENYÈ a,

ke li te fè kont Babylone;

plan ke Li deja fòme kont peyi Kaldeyen yo:

Anverite, yo va vin trennen deyò,

menm piti nan bann mouton yo.

Anverite, li va fè abitasyon yo dezole sou yo.

Latè vin souke ak gwo kri “Babylone te vin pran!”

E 41gwo kri sa a vin tande pami nasyon yo.

Source notes (41)
  1. Cross-reference Jen 10:10
  2. Cross-reference Jr 51:31
  3. Cross-reference És 13:7
  4. Cross-reference Éz 3:12-13
  5. Cross-reference És 35:8
  6. Cross-reference És 53:6
  7. Cross-reference Jr 2:3
  8. Cross-reference És 48:20
  9. Cross-reference Jr 51:1
  10. Cross-reference Jr 12:14
  11. Cross-reference Jr 15:9
  12. Cross-reference Sòm 137:8
  13. Cross-reference Jl 1:11
  14. Cross-reference Jl 3:2
  15. Cross-reference És 10:12
  16. Cross-reference És 65:10
  17. Cross-reference És 43:25
  18. Cross-reference Éz 23:23
  19. Cross-reference Jr 51:20-24
  20. Cross-reference Jr 48:43-44
  21. Cross-reference És 13:5
  22. Cross-reference És 14:23
  23. Cross-reference És 34:7
  24. Cross-reference És 48:20
  25. Cross-reference Egz 10:3
  26. Cross-reference És 13:17
  27. Cross-reference Jr 21:13
  28. Cross-reference És 10:12-15
  29. Cross-reference És 14:17
  30. Cross-reference Dan 5:1-8
  31. Cross-reference És 44:25
  32. Cross-reference Sòm 20:7
  33. Cross-reference És 46:1-7
  34. Cross-reference És 13:21
  35. Cross-reference Jen 19:24-25
  36. Cross-reference És 13:2-5
  37. Cross-reference És 5:30
  38. Cross-reference Jr 30:6
  39. Cross-reference Nonb 16:5
  40. Cross-reference Sòm 33:11
  41. Cross-reference És 5:7

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.