Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jérémie 49

Konsènan fis a 1Ammon yo. Konsa pale SENYÈ a:

“Èske Israël pa gen fis?

Oswa èske li pa gen eritye?

Alò poukisa Malcom te pran posesyon sou Gad,

e se pèp li ki vin rete nan vil pa yo?

Pou sa, gade byen, jou yo ap vini”,

deklare SENYÈ a:

“ke Mwen va fè yon twonpèt fè son lagè

kont Rabbath, fis a Ammon yo;

epi li va devni pil dezole, e 2vil li yo va limen ak dife.

Konsa, Israël va pran posesyon de sila ki posede l yo,”

pale SENYÈ a.

“Rele anmwey, O Hesbon! Paske Aï fin detwi!

Kriye fò, O fi a Rabbath yo! 3

Mare senti nou ak twal sak ak gwo kri

e kouri fè ale retou anndan miray yo;

paske Malcom va ale an egzil

ansanm ak prèt li yo ak prens yo.

Pouki sa ou ògeye pou vale yo! Vale yo kap koule,

O fi ki chite fè bak, ki plase konfyans li nan trezò li yo?

E k ap di: ‘Kilès ki va vini kont mwen?’

Gade byen, m ap fè gwo laperèz rive sou ou,”

deklare Senyè BONDYE dèzame yo:

“Soti nan tout kote ki antoure ou yo;

epi nou chak va chase sòti tèt devan,

san pèsòn ki pou rasanble sila ki gaye yo.

“Men apre, Mwen va restore fòtin a fis a Ammon yo,”

deklare SENYÈ a.

Konsènan Édom. Konsa pale SENYÈ dèzame yo:

“Èske pa gen sajès ankò nan 4Théman?

Èske tout konsèy a sila ki pridan yo fin pèdi?

Èske sajès yo vin pouri?

Chape poul ou, retounen, rete nan pwofondè yo,

O sila ki rete Dedan yo! Paske Mwen va mennen 5

dezas Ésaü a sou li nan lè M ap pini li a.

Si sila k ap ranmase rezen yo te vin kote ou,

èske yo pa t ap kite kèk grenn fwi tonbe atè?

Si yon 6vòlè te vini lannwit,

yo ta vole sèlman kont yo pou yo ta jwenn ase.

Men Mwen te retire rad sou Ésaü.

Mwen te dekouvri kote kache li yo

jiskaske li pa t ka kache menm.

Desandan li yo, moun fanmi li yo, vwazen li yo ak 7

li menm pa egziste menm ankò.

Kite òfelen ou yo dèyè; Mwen va konsève yo.

Kite 8vèv ou yo mete konfyans yo nan Mwen.”

Paske konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, sila ki pa t kondane pou bwè 9tas yo va, anverite, bwè l, e èske se ou sèl k ap epanye? Nou p ap epanye, men anverite, nou va bwè l. Paske Mwen te 10sèmante pa Mwen menm”, deklare SENYÈ a: “ke Botsra va devni yon objè degoutan, yon repwòch, yon pil mazi kraze ak yon malediksyon. Tout vil li yo va vin pil mazi.”

Mwen te tande yon mesaj soti nan SENYÈ a

e yon 11mesaje vin voye pami tout nasyon yo, t ap

di: “Rasanble nou ansanm.

Vin kont li!

Leve pou batay!”

“Paske gade byen, Mwen te fè nou piti pami nasyon yo,

meprize pami lòm.

Men pou laperèz a ou menm,

awogans a kè ou te twonpe ou;

ou menm ki rete nan twou wòch yo,

ki okipe wotè a kolin nan.

Malgre ou fè nich ou wo tankou èg,

M ap 12rale ou desann soti la,”

deklare SENYÈ a.

“Édom va devni yon 13objè degoutan;

chak moun ki pase bò kote li va etone,

e va sifle kon koulèv sou tout blesi li yo.

Tankou 14boulvèsman Sodome ak Gomorrhe

ak vwazen li yo”, di SENYÈ a:

“pèsòn p ap viv la, ni p ap gen youn nan

fis a lòm ki rete la.

“Gade byen, youn va monte kon yon lyon

ki soti nan rakbwa Jourdain an kont yon patiraj ki

tèlman byen wouze;

pou yon moman, mwen va fè l kouri kite li

e nenpòt moun ki 15deziye,

Mwen va bay li pouvwa sou li.

Paske se kilès ki tankou Mwen menm?

E se kilès k ap voye pwosè vèbal tribinal ban Mwen?

Alò, se kilès ki bèje ki ka kanpe devan Mwen?”

Pou sa, koute 16plan ke SENYÈ a fòme kont Édom

ak objektif ke Li te fòme kont moun ki rete Théman yo:

Anverite, yo va trennen yo deyò,

menm pi piti nan bann mouton an.

Anverite, Li va fè patiraj yo vin dezole akoz de yo menm. 17

Latè te souke akoz bri chit yo. Gen yon gwo kri anmwey!

Bri li te rive jis nan Lamè Wouj.

Gade byen, Li va monte, desann kon yon èg

e lonje zèl li kont Botsra. 18

Kè a moun pwisan yo va tankou

kè a yon fanm k ap pouse pitit.

Konsènan 19Damas.

“Hamath ak Arpad fè wont nèt,

paske yo te resevwa move nouvèl.

Yo dekouraje. Kouraj yo ba nèt.

Gen enkyetid bò lanmè a;

li pa ka kalme.

Damas vin enpwisan nèt;

li te vire sove ale, e gwo laperèz fin sezi li.

Gwo doulè ak sezisman pran l

tankou yon fanm k ap akouche.

Ki jan 20vil lwanj Mwen an pa vin dezète,

vil lajwa Mwen an!

Konsa, 21jennonm pa l yo va tonbe nan ri li yo

e tout mesye lagè yo va tonbe an silans nan jou sa a,”

deklare SENYÈ dèzame yo.

Mwen va mete dife nan miray Damas lan

e li va devore tou bèl palè Ben-hadad yo.

Konsènan Kédar ak wayòm a Hatsor yo,

ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pran nan batay.

Konsa pale SENYÈ a:

“Leve monte Kédar e detwi 22mesye nan lès yo.

Yo va pran tant yo ak bann mouton yo;

yo va pote pou kont yo tout rido tant yo,

tout byen yo ak tout 23chamo yo

e yo va rele a youn lòt: ‘Gwo laperèz tout kote!’

“Kouri, sove ale! Rete nan pwofondè yo, o pèp Hatsor a”,

deklare SENYÈ a:

“Paske 24Nebucadnetsar, wa Babylone nan,

te pran konsey kont nou,

e te fome yon plan kont nou.

Leve monte kont yon nasyon 25ki alèz, ki viv ansekirite,”

deklare SENYÈ a:

“Li pa gen pòtay, ni fè fòje;

yo rete pou kont yo.”

Chamo pa yo va devni piyaj,

gran kantite bèt yo va sèvi kon bagay sòlda pran,

Mwen va 26gaye bay tout van yo a sila ki

koupe kwen cheve yo;

e Mwen va mennen sou yo gwo dezas ki sòti tout kote,”

deklare SENYÈ a.

“Hatsor va vin yon kote pou chen mawon,

yon kote dezole jis pou tout tan.

P ap gen moun ki rete la,

ni yon grenn nan fis a lòm p ap rete ladann.”

Sa ki te sòti kon pawòl SENYÈ a konsènan Élam, nan kòmansman règn a Sédécias, wa Juda a, t ap di: “Konsa pale SENYÈ dèzame yo:

‘Gade byen, Mwen va 27kraze banza Élam nan,

pi fò nan pwisans pa yo.

Mwen va mennen sou Élam kat van

ki sòti nan kat pwent syèl yo,

e Mwen va 28gaye pèp yo a tout van sa yo.

P ap gen nasyon kote moun rejte a Élam yo pa prale.

Konsa, Mwen va kraze Élam devan lènmi yo

ak devan sila k ap chache lavi yo.

Mwen va 29mennen gwo kalamite sou yo,

menm kòlè sovaj Mwen’, deklare SENYÈ a.

‘Mwen va voye nepe kont yo

jiskaske Mwen fin manje yo nèt.

Epi Mwen va mete twòn pa Mwen nan Élam,

e Mwen va detwi wa pa yo ak ofisye pa yo,’ deklare SENYÈ a.

‘Men li va vin rive nan dènye jou yo,

ke Mwen va 30restore fòtin Élam yo’, deklare SENYÈ a.”

Source notes (30)
  1. Cross-reference Det 23:3-4
  2. Cross-reference Jos 17:11-16
  3. Cross-reference És 32:11
  4. Cross-reference Jen 36:11-34
  5. Cross-reference Jr 46:21
  6. Cross-reference Ab 5
  7. Cross-reference És 17:14
  8. Cross-reference Za 7:10
  9. Cross-reference Jr 25:15
  10. Cross-reference Jen 22:16
  11. Cross-reference És 18:2
  12. Cross-reference Am 9:2
  13. Cross-reference Jr 18:16
  14. Cross-reference Jen 19:24-25
  15. Cross-reference Nonb 16:5
  16. Cross-reference És 14:24-27
  17. Cross-reference Jr 50:46
  18. Cross-reference És 13:8
  19. Cross-reference Jen 14:15
  20. Cross-reference Jr 33:9
  21. Cross-reference Jr 11:22
  22. Cross-reference Job 1:3
  23. Cross-reference I Kwo 5:21
  24. Cross-reference Jr 25:9
  25. Cross-reference Jij 18:7
  26. Cross-reference Éz 5:10
  27. Cross-reference Sòm 46:9
  28. Cross-reference Jr 49:32
  29. Cross-reference Jr 6:19
  30. Cross-reference Jr 48:47

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.