Bib Sen An
Jérémie 47
Sa ki te vini kon pawòl SENYÈ a de Jérémie, pwofèt la, konsènan 1Filisten yo, avan Farawon te fin bat peyi Gaza.
Konsa pale SENYÈ a:
“Gade byen, dlo yo ap leve soti nan 2nò
e l ap vin fè yon gwo fòs inondasyon dlo k ap debòde
jis li vin kouvri latè ak tout kapasite l,
menm vil a sila ki rete ladann.
Mesye yo va kriye fò,
e tout moun ladann va rele anmwey.
Akoz bri zago cheval li k ap kouri rèd,
zen a cha li yo, ak gwonde a wou yo,
papa yo p ap retounen pran pitit yo,
men men yo va lage nèt ak sezisman.
Akoz jou k ap vini pou detwi tout Filisten yo,
pou koupe retire nèt de Tyr ak Sidon tout soutyen ki rete yo;
paske SENYÈ a ap detwi Filisten yo,
retay a kot Caphtor a.
Gaza vin chòv; 3
Askalon te fin detwi nèt.
O retay vale yo!
Pandan konbyen de tan
nou va blese pwòp chè nou?
“‘Ah 4nepe SENYÈ a!
Pandan konbyen de tan
ou va refize vin kalm?
Ralanti, rantre nan fouwo a;
repoze e rete trankil.’
“Kòman li ka kalm, lè SENYÈ a bay li lòd?
Kont Ashkalon, kont kot lanmè a;
Se la, Li te 5ranje pou l te fèt.”
Source notes (5)
- Cross-reference Jr 25:20
- Cross-reference És 14:31
- Cross-reference Jij 1:18
- Cross-reference Jij 7:20
- Cross-reference Mi 6:9
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.