Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jérémie 46

Sa ki te rive selon pawòl SENYÈ a a Jérémie, pwofèt la, 1konsènan nasyon yo.

Pou Égypte: konsènan lame 2Farawon Neco, wa Égypte la, ki te akote rivyè Euphrate nan Carkemisch, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te bat nèt nan katriyèm ane Jojakim, fis a Josias, wa Juda a. 3

“Alinye pwotèj ak boukliye

e pwoche pre pou batay la.

Sele cheval, e monte sou do yo;

pran pozisyon nou ak kas nan tèt!

Netwaye tout lans yo,

e mete abiman an bwonz!

Poukisa mwen te wè sa?

Yo pè nèt, y ap 4rale fè bak,

mesye pwisan yo fin bat nèt,

e sèl abri yo sove ale san gade dèyè.

Se gwo laperèz tout kote!”

deklare SENYÈ a.

Pa kite 5sila ki pi rapid la sove ale,

ni moun pwisan an chape poul li.

Nan nò, akote rivyè Euphrate la,

yo te glise, chape tonbe.

Se kilès sa ki 6leve tankou rivyè Nil la,

tankou rivyè ki gen dlo k ap jayi toupatou yo?

Égypte leve tankou rivyè Nil la,

menm tankou rivyè ki gen dlo k ap jayi toupatou yo.

Li te di: “Mwen va 7leve kouvri peyi sa a;

anverite, Mwen va detwi vil la ak moun ki rete ladann yo.”

An avan, cheval yo!

Kouri tankou moun fou, cha lagè yo!

Kite moun pwisan yo mache devan:

Éthiopie ak Puth ki manevre boukliye a, 8

Lidyen ki manevre e koube banza a.

Paske jou sa a se pou Senyè BONDYE dèzame yo,

yon jou vanjans,

pou L kapab fè vanjans Li sou lènmi Li yo.

Nepe a va devore vin satisfè,

Li va bwè kont li nan san yo;

paske va genyen yon 9 sakrifis pou Senyè BONDYE dèzame yo,

nan peyi nò a, akote Larivyè Euphrate la. 10

Monte Galaad pou jwenn pomad gerizon an,

O fi vyèj Égypte la!

Anven nou te miltipliye remèd yo;

nanpwen gerizon pou nou.

Nasyon yo te tande de bagay 11wont ou an,

e tè a plen ak kri detrès ou;

paske yon gran gèrye tonbe sou gran gèrye,

e toulède tonbe atè ansanm.

Sa se mesaj ke SENYÈ a te pale a Jérémie, pwofèt la, konsènan avni a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, pou 12frape peyi Égypte la:

“Se pou nou deklare an Égypte

e pwoklame nan Migdol;

pwoklame tou nan Noph e nan 13Tachpanès;

Di: ‘Pran pozisyon nou e kanpe,

paske nepe fin devore sila ki antoure nou yo.’

Poukisa mesye pwisan nou yo vin pwostène?

Yo pa kanpe akoz SENYÈ a te 14pouse yo desann.

Li fè anpil 15tonbe;

anverite, yo tonbe youn kont lòt.

Yo te di: ‘Kanpe! Annou retounen kote

pwòp pèp pa nou, nan peyi natal nou,

lwen nepe a sila k ap oprime a.’

Yo te kriye la: ‘Farawon, wa Égypte la,

pa plis ke yon 16gwo bri;

li te kite tan deziye a fin pase!’

“Jan Mwen viv la,” deklare 17Wa a

ki gen kon non Li, SENYÈ dèzame yo,

“Anverite, youn ki parèt gran tankou Mòn Thabor pami mòn yo,

oswa tankou Carmel akote lanmè a;

se konsa lap vini.

Prepare valiz ou pou 18egzil,

O fi k ap demere an Égypte,

paske Noph va devni yon dezolasyon;

li va brile menm,

pou l rete vid san moun ladann.

“Égypte se yon gazèl byen bèl,

men yon gwo mouch ap vini 19soti nan nò.

Li fin rive.

Anplis, sòlda mèsenè etranje nan mitan li yo

tankou jenn bèf yo byen angrese,

paske yo menm tou te fin vire nèt;

yo te sove ale ansanm.

Yo pa t kanpe,

paske jou malè pa yo fin rive sou yo;

lè 20pinisyon pa yo.

Son li va soti kon yon sèpan;

paske tankou yon lame, yo vini,

yo rive kote li ak moun k ap pote rach.

“Yo va koupe forè li”, deklare SENYÈ a;

anverite, li p ap twouve ankò;

paske yo plis pase gwo lame krikèt volan.

Fòs kantite yo depase kontwòl.

Fi Égypte la ap fè gwo wont;

lap livre nan pouvwa moun nan nò yo.”

SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la di: “Gade byen, Mwen ap pini Amon ki rete 21Thebes la, Farawon e Égypte ansanm ak dye li yo ak wa li yo, menm Farawon ak sila ki mete konfyans nan li yo. Mwen va livre yo a sila k ap 22chache touye yo, menm nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan ak nan men chèf li yo. Malgre sa, apre, li va vin gen moun ki rete ladann jan li te ye nan tan pase a.” deklare SENYÈ a.

Men pou ou menm, O! Jacob, sèvitè Mwen an,

pa gen lakrent, ni pa twouble, O Israël!

Paske ou wè, Mwen va 23sove nou soti lwen,

e desandan nou yo soti nan peyi kaptivite yo.

Jacob va retounen pou rete san twoub,

ansekirite, san pèsòn ki pou fè l tranble.

O Jacob, sèvitè Mwen an, pa gen lakrent!” deklare SENYÈ a:

“paske, Mwen avèk ou.

Paske Mwen va fè fen a tout nasyon

kote Mwen te chase ou ale yo.

Sepandan, Mwen 24p ap fè fen a ou menm;

men Mwen va korije ou jan sa dwe fèt

e Mwen p ap kite ou san pinisyon.”

Source notes (24)
  1. Cross-reference Jr 1:10
  2. Cross-reference II Wa 18:21
  3. Cross-reference És 21:5
  4. Cross-reference És 42:17
  5. Cross-reference És 30:16
  6. Cross-reference Jr 47:2
  7. Cross-reference És 37:24
  8. Cross-reference Jr 47:3
  9. Cross-reference És 34:6
  10. Cross-reference Jr 8:22
  11. Cross-reference Jr 2:36
  12. Cross-reference És 19:1
  13. Cross-reference Jr 43:8
  14. Cross-reference Sòm 18:14-39
  15. Cross-reference Lev 26:36-37
  16. Cross-reference Egz 15:9-10
  17. Cross-reference Jr 48:15
  18. Cross-reference És 20:4
  19. Cross-reference Jr 1:14
  20. Cross-reference Jr 48:44
  21. Cross-reference Egz 30:14-16
  22. Cross-reference Jr 44:30
  23. Cross-reference És 11:11
  24. Cross-reference Jr 4:27

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.