Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jérémie 24

Pawòl SENYÈ a te montre m, epi, gade byen, de panyen fig etranje ki te plase devan tanp SENYÈ a, lè 1Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fin retire Jeconia, fis a Jojakim nan, wa Juda a, dirijan a Juda yo ak gwo atizan ak bòs fòjewon Jérusalem yo pou te mennen yo Babylone. Yon panyen te gen bon fig etranje yo, tankou nan 2premye rekòlt yo, e lòt panyen an te gen move fig ki pa t ka manje akoz yo te pouri.

Konsa, SENYÈ a te di m: 3“Kisa ou wè, Jérémie?”

Mwen te reponn: “Fig etranje yo, bon fig etranje yo, byen bon, ak move fig etranje yo, byen move, ki pa ka manje akoz yo pouri.”

Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: “Konsa pale SENYÈ Israël a ‘Tankou bon fig etranje yo, konsa Mwen va konsidere 4kon bon, kaptif a Juda yo, ke m te voye sòti nan plas sa a pou antre nan peyi Kaldeyen yo. Paske Mwen va fikse zye M sou yo pou byen e Mwen va 5mennen yo ankò nan peyi sa a. Mwen va bati yo, e Mwen p ap rale fè yo desann. Mwen va plante yo e Mwen p ap rache yo. Mwen va bay yo yon 6kè pou rekonèt Mwen, ke se Mwen ki SENYÈ a. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo, paske yo va retounen kote Mwen ak tout kè yo.’”

“Men tankou move fig etranje ki pa ka manje akoz yo pouri yo—anverite, konsa”, pale SENYÈ a—“Konsa Mwen va abandone Sédécias, wa Juda a, dirijan li yo, 7retay Jérusalem ki rete nan peyi sa a, ak sila ki rete nan peyi Égypte yo. Mwen va fè yo vin yon gwo laperèz ak yon mal pou tout wayòm latè yo, kon repwòch, yon vye mo, yon rizib, e yon 8madichon tout kote ke M gaye yo. Mwen va voye 9nepe ak gwo grangou, maladi ak bèt pou ravaje chan yo jiskaske yo fin detwi soti nan peyi ke M te bay a yo menm nan ak papa zansèt yo.”

Source notes (9)
  1. Cross-reference II Wa 24:10-16
  2. Cross-reference Mi 7:1
  3. Cross-reference Jr 1:11-13
  4. Cross-reference Na 1:7
  5. Cross-reference Jr 12:15
  6. Cross-reference Jr 12:15
  7. Cross-reference Jr 39:9
  8. Cross-reference És 65:15
  9. Cross-reference És 51:19

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.