Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jérémie 23

“Malè a bèje k ap 1detwi e gaye mouton patiraj Mwen yo!” deklare SENYÈ a. Akoz sa, pale SENYÈ Bondye Israël la konsènan bèje k ap fè gadyen pèp Mwen yo: “Nou fin gaye bann mouton Mwen, chase yo ale, e nou pa t okipe yo. Gade byen, Mwen prèt pou 2regle nou pou mechanste a zak nou yo,” deklare SENYÈ a. “Epi konsa, Mwen va 3rasanble retay bann mouton Mwen an soti nan tout peyi ke m te pouse yo ale yo, e mennen yo retounen nan patiraj yo. Yo va vin bay fwi e peple anpil. Anplis, Mwen va leve bèje sou yo e yo va okipe yo. Konsa, yo 4p ap pè ankò, ni plen ak laperèz ni okenn moun p ap manke,” deklare SENYÈ a.

“Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a:

“lè Mwen va fè leve pou lakay David,

yon 5branch plen ladwati.

Li va renye kon wa, aji ak sajès e fè jistis ak ladwati nan peyi a.

Nan jou Li yo, Juda va sove,

e Israël va rete ansekirite.

Men 6non pa sila yo va rele Li a:

‘SENYÈ a, Ladwati Nou an.’” 7

“Akoz sa, gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè yo p ap di ankò: ‘Kon SENYÈ a viv ki te mennen fè monte fis Israël yo soti nan peyi Égypte;’ men: ‘Kon SENYÈ a viv, ki te 8mennen e fè retounen desandan lakay Israël yo soti nan peyi nò a e soti nan tout peyi kote mwen te chase yo ale yo.’ Konsa, yo va viv sou pwòp tèren pa yo.”

Epi pou pwofèt yo: 9

kè m fin kase anndan m.

Tout zo m yo tranble;

Mwen vin kon yon moun sou,

menm yon moun ki soumèt anba gwòg,

akoz SENYÈ a,

e akoz pawòl sen Li yo.

“Paske peyi a plen ak 10adiltè;

paske akoz madichon, peyi a ap kriye.

Patiraj nan savann yo fin seche.

Y ap kouri nan move chemen

e pwisans yo pa pou sa ki dwat. 11

Ni pwofèt ni prèt yo vin pouri nèt.

Menm anndan lakay Mwen an,

Mwen jwenn mechanste yo”,

deklare SENYÈ a.

Akoz sa, chemen pa yo va yon wout ki glise nan tenèb la;

yo va vin chase jis rive nan fènwa

e vin glise tonbe ladann;

paske Mwen va mennen gwo kalamite sou yo

nan ane règleman yo,” deklare SENYÈ a.

“Anplis, pami pwofèt Samarie yo,

Mwen te wè yon betiz.

Yo te 12pwofetize pa Baal

e yo te egare pèp Mwen an, Israël.

Osi, pami pwofèt Jérusalem yo, Mwen te wè yon move bagay:

Zak 13adiltè, e yo mache nan sa ki fo.

Yo ranfòse men a malfektè yo,

pou okenn moun pa vire kite mechanste li.

Yo tout vin pou Mwen tankou Sodome

e abitan li yo kon Gomorrhe.

Akoz sa, pale SENYÈ dèzame yo konsènan pwofèt yo:

“Gade byen, Mwen ap bay yo 14manje bwa lanmè

e fè yo bwè dlo anpwazone;

paske soti nan pwofèt Jérusalem yo,

tout kalite pouriti gaye nan tout peyi a.”

Konsa pale SENYÈ dèzame yo:

“Pa koute pawòl a pwofèt k ap fè pwofesi devan nou yo.

Y ap 15mennen nou nan bagay ki pou ryen.

Yo pale yon vizyon ki sòti nan pwòp imajinasyon pa yo,

men pa nan bouch SENYÈ a.

Yo kontinye di a sila k ap meprize Mwen yo,

‘SENYÈ a te di: 16“Nou va gen lapè”’”

e pou tout sila k ap mache nan pwòp tèt di yo, yo di:

“Malè p ap rive nou.”

Men se kilès ki te kanpe nan konsèy a SENYÈ a,

pou l ta wè e tande pawòl li?

Kilès ki te 17prete atansyon a pawòl Mwen, e te koute l?

Gade byen, 18tanpèt SENYÈ a deja sòti ak gwo kòlè li.

Tankou yon toubiyon k ap vire touwon,

li va vire desann sou tèt a mechan an. 19

Kòlè SENYÈ a p ap vire fè bak

jiskaske Li fin fèt

pou l acheve tout volonte a kè li yo.

Nan dènye jou yo, nou va konprann sa byen klè.

Mwen pa t voye 20pwofèt sila yo, men yo te kouri.

Mwen pa t pale ak yo, men yo te fè pwofesi.

Men si yo te konn 21kanpe nan konsèy Mwen an;

alò, yo t ap anonse pawòl Mwen yo a pèp Mwen an

pou fè yo vire fè bak kite wout mechan yo,

ak mechanste a zak pa yo.

“Èske Mwen se pa yon Bondye ki 22toupre?” deklare SENYÈ a:

“E ki pa yon Bondye ki lwen?

Èske yon nonm ka kache kò l yon kote kachèt

pou M pa wè l?” deklare SENYÈ a? 23

“Èske Mwen pa ranpli syèl yo ak tè a?” deklare SENYÈ a?”

“Mwen te tande sa pwofèt ki fè 24fo pwofesi nan non Mwen yo te di. Y ap di: ‘Mwen te fè yon rèv, mwen te fè yon rèv!’ Pou konbyen de tan? Èske gen yon bagay nan kè pwofèt ki fè fo pwofesi yo, menm pwofèt sila ki 25twonpe pwòp kè yo? Yo gen entansyon 26fè pèp Mwen an bliye non Mwen ak rèv ke yo repete youn ak lòt yo, menm jan ke papa zansèt yo te bliye non M akoz Baal? Pwofèt ki fè rèv la, kite li repete rèv li a. Epi sila ki gen pawòl pa M, kite l pale pawòl pa M nan ak verite. 27Kisa gen nan pay ki sanble ak sereyal? Èske pawòl Mwen pa tankou yon dife?” deklare SENYÈ a: “Èske li pa tankou yon 28mato ki kraze fann wòch?”

Pou sa, gade byen, 29“Mwen kont pwofèt yo,” deklare SENYÈ a: “Ki vòlè pawòl Mwen yo soti nan youn lòt.” “Gade byen, Mwen kont pwofèt yo”, deklare SENYÈ a: “Ki sèvi lang yo pou deklare, ‘SENYÈ a deklare’. Gade byen, Mwen kont sila ki te fè pwofesi fo 30rèv” deklare SENYÈ a: “E ki te repete yo pou egare pèp Mwen yo ak manti yo, ak ògèy san kontwòl yo, malgre se pa Mwen ki te voye yo, ni kòmande yo. Ni yo pa founi okenn benefis pou pèp sa a,” deklare SENYÈ a.

“Alò, lè pèp sa a, pwofèt la oswa prèt la mande ou pou di: ‘Se kilès ki 31pòt pawòl SENYÈ a?’ Alò, ou va reponn yo: ‘Ki pòt pawòl sa a?’ “Mwen va retire jete nou” deklare SENYÈ a’. Epi pou pwofèt la, prèt la oswa pèp la ki di: 32 ‘Pòt pawòl SENYÈ a’, Mwen va mennen pinisyon sou moun sila a ak lakay li. Konsa nou chak va di a vwazen li, ak frè li: 33 ‘Se ki repons SENYÈ a te bay’, oswa ‘se ak kilès SENYÈ a te pale?’ Paske nou p ap sonje pwofesi SENYÈ a ankò, akoz pawòl a chak moun va devni pwòp mesaj li. Konsa nou fin 34tòde pawòl a SENYÈ dèzame yo, Bondye nou an. Pou sa a, nou va di a pwofèt sa a: ‘Ki repons SENYÈ a te bannou?’ epi ‘Kisa SENYÈ a te di’? Akoz nou di: ‘Pwofesi SENYÈ a,’ anverite, konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz nou sèvi pawòl sila a, “pwofesi SENYÈ a,” Mwen ap voye kote nou pou di: “Nou pa pou di ‘Pwofesi SENYÈ a!”’ Akoz sa, gade byen, 35Mwen va, anverite, bliye nou e jete nou lwen prezans Mwen, ansanm ak vil ke M te bannou ak papa zansèt nou yo. Mwen va fè poze yon 36repwòch ki p ap janm sòti sou nou, ak yon imilyasyon ki p ap janm bliye.”

Source notes (36)
  1. Cross-reference És 56:9-12
  2. Cross-reference Egz 32:34
  3. Cross-reference És 11:11-16
  4. Cross-reference Jr 30:10
  5. Cross-reference És 4:2
  6. Cross-reference És 7:14
  7. Cross-reference És 43:18-19
  8. Cross-reference És 43:5-6
  9. Cross-reference Jr 8:18
  10. Cross-reference Sòm 107:34
  11. Cross-reference Jr 6:13
  12. Cross-reference I Wa 18:18-21
  13. Cross-reference Jr 29:23
  14. Cross-reference Det 29:18
  15. Cross-reference Jr 27:9-10
  16. Cross-reference Jr 8:11
  17. Cross-reference Job 33:31
  18. Cross-reference Jr 25:32
  19. Cross-reference II Wa 23:26
  20. Cross-reference Jr 14:14
  21. Cross-reference Jr 9:12
  22. Cross-reference Sòm 139:1-10
  23. Cross-reference I Wa 8:27
  24. Cross-reference Jr 14:14
  25. Cross-reference I Tim 4:1-2
  26. Cross-reference Det 13:1-3
  27. Cross-reference I Kor 3:12-13
  28. Cross-reference II Kor 10:4-5
  29. Cross-reference Det 18:20
  30. Cross-reference Det 13:1-2
  31. Cross-reference És 13:1
  32. Cross-reference Lam 2:14
  33. Cross-reference Jr 33:3
  34. Cross-reference Gal 1:7-8
  35. Cross-reference Jr 7:14-15
  36. Cross-reference Jr 20:11

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.