Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 42

“Gade byen, men Sèvitè Mwen an, ke M ap soutni an; 1

sila ke M chwazi a, ki fè nanm Mwen plezi a.

Mwen te mete Lespri M sou Li.

Li va mennen fè lajistis vin parèt devan nasyon yo.

Li p ap kriye menm,

ni leve vwa l,

ni fè vwa l tande nan lari.

Yon wozo ki brize, Li p ap kase,

e yon fisèl bouji ki brile fèb,

Li p ap etenn.

Ak fidelite, Li va mennen 2lajistis

e fè l vin parèt.

Li p ap 3dekouraje oswa vin kraze

jiskaske Li etabli lajistis sou tout latè,

epi peyi kot yo va tann lalwa Li.”

Konsa pale Bondye SENYÈ a

ki te 4kreye syèl yo e ki tann yo,

ki te fè latè vin laj ak tout sa ki viv ladann,

ki bay souf a tout pèp ki vivan sou li,

e lespri lavi a tout moun ki mache ladann,

Mwen menm se SENYÈ a.

Mwen te 5rele Ou nan ladwati.

Anplis, Mwen va kenbe Ou nan men.

Mwen va pran swen Ou.

Mwen va chwazi Ou kon yon akò pou pèp la,

kon yon limyè pou nasyon yo,

pou 6ouvri zye avèg yo,

pou mennen prizonye yo sòti nan kacho a,

e fè sila ki viv nan tenèb yo sòti nan prizon an.

“Mwen se SENYÈ a.

Sa se non Mwen.

Mwen p ap bay 7glwa Mwen a yon lòt,

ni lwanj Mwen a imaj taye.

Gade byen, 8 ansyen bagay yo te fin akonpli;

koulye a, Mwen deklare bagay nèf yo.

Avan yo leve vin parèt, Mwen pwoklame yo a nou menm.”

Chante a SENYÈ a yon chan tounèf,

lwanj Li jis rive nan 9 dènye pwent latè!

Nou menm ki desann nan lanmè a, ak tout sa ki ladann,

nou menm lil yo ak sila ki viv sou yo.

Kite 10dezè a ak vil li yo leve vwa yo;

anplasman kote Kédar rete a.

Kite sila ki rete nan Sela a chante anlè;

kite yo chante ak kè kontan soti nan wotè mòn yo.

Kite yo 11bay glwa a SENYÈ a

e deklare lwanj Li nan peyi kot yo. 12

SENYÈ a va avanse tankou yon gèrye,

li va chofe zèl Li tankou yon nonm lagè.

Li va kriye fò, wi Li va leve yon kri lagè.

Li va enpoze Li sou lènmi Li yo. 13

Mwen te rete an silans depi lontan sa.

Mwen te rete kalm e te kontwole Mwen.

Koulye a, tankou yon fanm k ap fè pitit, Mwen va plenyen.

Mwen va rale gwo souf e respire fò.

Mwen va 14ravaje tout mòn yo ak kolin yo,

e zèb ak raje yo va vin fennen nèt.

Mwen va fè rivyè yo il, e seche letan.

Mwen va 15mennen avèg yo pa yon chemen yo pa konnen,

nan wout yo pa konnen, Mwen va gide yo.

Mwen va fè tenèb la vin limyè devan yo

e move kote yo va vin plat.

Se bagay sa yo Mwen va fè

e Mwen p ap kite yo pa fèt.

“Sila ki mete konfyans yo nan zidòl yo

e ki di a imaj fonn yo:

‘Se nou menm ki dye pa nou’,

va voye tounen pa dèyè e va 16vin wont nèt. 17

“Tande, nou menm ki soud!

Epi gade, nou menm ki avèg, pou nou ka wè.

Se kilès ki avèg sof ke 18sèvitè Mwen an,

oswa tèlman soud tankou mesaje ke Mwen voye a?

Se kilès ki avèg tankou sila ki anpè avè M,

oswa tèlman avèg tankou sèvitè a SENYÈ a? 19

Nou te wè anpil bagay, men nou pa swiv yo;

zòrèy nou louvri, men nanpwen moun ki tande.

SENYÈ a te kontan pou koz ladwati Li;

pou fè lalwa a 20gran e plen respè.

Men pèp sa a se yon pèp depouye e piyaje.

Yo tout 21kole nan kav yo oswa

kache nan prizon yo.

Yo devni viktim san okenn moun ki pou delivre yo;

yon piyaj san okenn moun ki pou di:

“Restore yo!”

Se kilès pami nou k ap prete zòrèy a sa a?

Kilès k ap okipe sa e kòmanse koute depi koulye a?

Se kilès ki te livre Jacob pou l depouye

e Israël a piyajè yo?

Èske se pa t SENYÈ a, kont sila nou te peche a?

Paske yo te refize mache nan chemen Li yo;

ni yo pa t swiv lalwa Li.

Pou sa, Li te vide sou li chalè kòlè Li

ak 22fòs kouraj batay la.

Sa te fè l pran flanm toupatou,

men li pa t rekonèt sa a.

Li t ap brile l, men li pa t okipe sa.”

Source notes (22)
  1. Cross-reference Luc 9:35
  2. Cross-reference Sòm 72:2-4
  3. Cross-reference És 40:28
  4. Cross-reference Sòm 102:25-26
  5. Cross-reference És 41:2
  6. Cross-reference És 29:18
  7. Cross-reference Egz 20:3-5
  8. Cross-reference És 48:3
  9. Cross-reference És 49:6
  10. Cross-reference És 32:16
  11. Cross-reference És 24:15
  12. Cross-reference Egz 15:3
  13. Cross-reference Sòm 50:21
  14. Cross-reference És 2:12-16
  15. Cross-reference És 29:18
  16. Cross-reference Sòm 97:7
  17. Cross-reference És 29:18
  18. Cross-reference És 41:8
  19. Cross-reference Wo 2:21
  20. Cross-reference És 42:4
  21. Cross-reference És 24:18
  22. Cross-reference És 5:25

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.