Bib Sen An
Ésaïe 41
“Peyi kot lanmè yo, koute Mwen an silans
e kite pèp yo renouvle fòs yo.
Kite yo vin parèt pa devan,
konsa, kite yo pale.
Annou reyini ansanm pou fè jijman.
Kilès ki te fè leve youn k ap soti nan lès?
Kilès ki te rele li vin kanpe a pye nan ladwati a?
Li livre nasyon yo devan li e Li fè wa yo soumèt;
li fè yo tankou pousyè ak nepe li,
tankou pay k ap chase pa van devan banza li.
Li kouri dèyè yo, e Li pase san danje,
menm nan yon chemen kote li pa t konn pase ak pye li.
Se kilès ki te fè sa a e ki te acheve li;
ki te rele fè parèt tout jenerasyon yo soti nan kòmansman? 1
Mwen, SENYÈ a, se premye a ak dènye a. Mwen se Li.”
Peyi kot yo te wè e yo gen lakrent; 2
dènye pwent latè yo tranble.
Yo rapwoche; yo rive.
Chak moun ap ede vwazen li.
Yo di a frè yo: “Pran kouraj!”
Konsa, 3bòs atizan an ankouraje bòs fonn metal la.
Sila ki fè metal vin poli ak mato a
ankouraje sila k ap bat fè a.
Li di a sila k ap soude a: “Li bon”.
Li kloure li ak klou pou l rete nan plas li.
Men ou menm, O Israël, 4sèvitè Mwen an,
Jacob ke M te chwazi a,
desandan Abraham nan, zanmi Mwen an;
ou menm, ke M te 5pran soti nan tout ekstremite latè yo,
e te rele soti nan kote pi izole yo pou te di ou:
‘Ou se sèvitè Mwen. Mwen te chwazi ou
e Mwen pa t rejte ou.’
Pa 6pè, paske Mwen avèk ou.
Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.
Mwen va fòtifye ou.
Anverite Mwen va bay ou sekou.
Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,
men dwat Mwen.
Gade byen, 7tout sila ki fache ak ou yo
va vin wont e dezonore.
Sila k ap pran pòz kont ou yo va vin konsi
se pa anyen e yo va peri. 8
Ou va chache sila k ap fè pwoblèm ak ou yo,
men ou p ap jwenn yo.
Sila ki fè lagè ak ou yo va vin konsi
se pa anyen e yo p ap egziste ankò.
Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,
ki soutni men dwat Ou,
ki di ou, pa pè, Mwen va ba ou sekou.
“Pinga ou pè, ou menm, 9vètè Jacob la,
nou menm mesye Israël yo.
Mwen va ede nou”, deklare SENYÈ a.
“Redanmtè ou a se Sila Ki Sen an Israël la.
Gade byen, Mwen te fè ou vin yon zouti tounèf,
byen file tou de bò, pou kraze vannen rekòlt la. 10
Ou va vannen mòn yo, kraze yo fen,
e fè kolin yo vin tankou pay.
Ou va 11vannen yo;
van an va pote yo ale e tanpèt va gaye yo.
Men ou va rejwi nan SENYÈ a;
ou va fè lwanj Sila Ki Sen an Israël la.
Aflije yo ak malere yo ap chache dlo, men nanpwen;
lang yo sèch ak swaf la.
Mwen menm, SENYÈ a, 12va reponn yo.
Mwen, Bondye Israël la p ap abandone yo.
Mwen va ouvri rivyè yo sou wotè ki vid yo
ak sous nan mitan vale yo.
Mwen va fè 13dezè a vin yon letan dlo,
e tè sèch la yon fontèn dlo.
Mwen va plase pye sèd nan dezè a,
pye akasya, ak pye jasmen ak pye doliv.
Mwen va mete pye pichpen nan dezè a ansanm ak pye bwadòm;
pou yo ka wè, vin rekonèt,
reflechi e ranmase bon konprann ansanm,
ke 14men SENYÈ a te fè sa,
ke Sila Ki Sen an Israël te kreye li a.
“Prezante ka nou yo”, pale SENYÈ a.
“Pote gwo diskou nou yo”, pale Wa a Jacob la.
Mennen fè yo vin parèt
e deklare a nou menm sa ki va rive!
Epi pou 15evenman lontan yo, deklare kisa
yo te ye, pou nou ka konsidere yo,
e konnen kijan y ap sòti.
Oswa, anonse a nou menm sa k ap vini an.
Deklare bagay ki va vin rive apre yo,
pou nou ka konnen ke se dye nou ye.
Anverite, 16fè byen, oswa fè mal, pou nou ka
gade toupatou ansanm ak kè twouble.
Gade byen, nou pou ryen e zèv nou yo pa pou anyen.
Sila ki pito nou an se yon abominnasyon.
Mwen te fè leve 17yon moun soti nan nò e li vin parèt;
depi nan solèy leve a, li va rele non Mwen;
li va vini sou chèf yo, kon sou mòtye,
tankou bòs kanari mache sou ajil.
Se kilès ki te 18deklare sa depi nan kòmansman an,
pou nou ta ka konnen?
Oswa depi tan ansyen yo, pou nou ta kapab di: “Li se vrè”?
San dout, pa t gen moun ki te deklare sa;
san dout, pa t gen moun ki te pwoklame sa;
san dout, pa t gen moun ki te tande pawòl sila yo.
Mwen se premye pou di a Sion:
‘Men vwala, men yo la;’
epi a Jérusalem: ‘Mwen va voye yon 19mesaje bòn nouvèl’.
Men 20lè M gade, nanpwen pèsòn e pa gen konseye pami yo,
ki, si M te mande, ta kapab bay yon repons.
Gade byen, yo tout fo. Zèv yo san valè.
Imaj fonn yo se 21van ak konfizyon.
Source notes (21)
- Cross-reference És 43:10
- Cross-reference Jos 5:1
- Cross-reference És 44:12-13
- Cross-reference És 42:19
- Cross-reference És 11:11
- Cross-reference Det 20:1
- Cross-reference És 45:24
- Cross-reference Job 20:7-9
- Cross-reference Job 25:6
- Cross-reference Mi 4:13
- Cross-reference Jr 51:2
- Cross-reference És 30:19
- Cross-reference Sòm 107:35
- Cross-reference Job 12:9
- Cross-reference És 43:9
- Cross-reference Jr 10:5
- Cross-reference És 41:2
- Cross-reference És 41:22
- Cross-reference És 40:9
- Cross-reference És 50:2
- Cross-reference Jr 5:13
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.