Bib Sen An
Ésaïe 40
“Konsole, O konsole pèp Mwen an,”
pale Bondye ou an.
“Pale ak dousè ak Jérusalem.
Rele a li menm, ke 2konfli li fini an,
ke inikite li retire a,
ke li te resevwa nan men SENYÈ a
doub pou tout peche li yo.”
Yon vwa k ap rele fò,
“Debleye chemen an pou SENYÈ a nan dezè a!
Fè vin swa nan dezè a yon gran chemen pou Bondye nou an.
Kite tout vale yo vin leve wo,
e tout mòn ak kolin yo vin ba.
Kite move tèren an vin pla,
e tèren difisil yo vin yon vale ki swa. 3
Glwa a SENYÈ a va vin parèt,
e tout chè va wè sa ansanm;
paske bouch a SENYÈ a fin pale.”
Yon vwa pale: “Rele fò.”
Yon lòt reponn: “Kisa pou m rele?” 4
“Tout chè se zèb,
e tout bèlte li se tankou flè nan chan. 5
Zèb la fennen,
flè a pèdi koulè l,
depi souf SENYÈ a soufle sou li.
Anverite, pèp la se zèb.
Zèb la fennen,
flè a pèdi koulè l,
men 6pawòl Bondye nou an kanpe jis pou tout tan.”
Mete ou menm sou yon mòn ki wo,
O Sion, ki pote bòn nouvèl.
Leve vwa ou wo ak gwo pouvwa,
O Jérusalem, ki pote bòn nouvèl la!
Leve wo! Pa pè anyen!
Di a 7vil Juda yo: Men Bondye nou an!
Gade byen, Senyè BONDYE a, va vini 8ak pwisans.
Se bra L k ap kòmande pou Li.
Gade byen salè Li avè L,
e rekonpans li devan L.
Tankou yon bèje, Li va 9pran swen bann mouton Li.
Nan bra Li, Li va ranmase jenn mouton yo,
e pote yo sou lestonmak Li.
Ak dousè, Li va mennen manma a
ak ti mouton piti yo.
Se kilès ki te 10mezire dlo nan pla men L?
Kilès ki te etabli mezi syèl yo ak yon men louvri;
ki te fè kalkil pousyè latè pa mezi,
ki te peze mòn yo nan gwo balans,
e ki te peze kolin yo ak ti balans piti a?
Se 11kilès ki te dirije Lespri SENYÈ a,
oswa kòn enstwi Li pou l konseye L?
Ak kilès Li te konsilte,
e se kilès ki te 12bay Li bon konprann?
Epi kilès ki te montre Li chemen lajistis la,
ki te enstwi Li nan konesans,
e ki te fè L konnen chemen an pou L byen konprann?
Gade byen, 13nasyon yo se tankou yon gout dlo nan yon bokit;
yo parèt tankou yon grenn pousyè sou balans la.
Gade byen, li leve fè monte lil yo konsi se yon ti kras pousyè.
Menm Liban pa kont pou brile, ni 14bèt li yo
pa kont pou fè ofrann brile. 15
Tout nasyon yo se konsi yo pa anyen devan L,
Li gade yo tankou mwens ke anyen, kon vanite. 16
A kilès, alò, nou ta konpare Bondye?
Oswa avèk ki imaj nou ta fè L sanble?
Pou Zidòl la, se yon ouvriye ki fòme l,
ak òfèv ki 17kouvri l ak lò
e fè chenn li an ajan,
Sila ki twò pòv pou fè ofrann sa a,
pran yon pyebwa ki pa konn pouri;
li chache jwenn yon mèt atizan pou prepare
yon zidòl ki 18p ap deplase. 19
Èske nou pa konnen? Èske nou pa konn tande?
Èske sa pa t deklare a nou menm depi nan kòmansman?
Èske nou pa t konprann sa depi nan fondasyon latè yo?
Se Li menm ki chita anwo 20wonn tè a
ki veye nou ki rete ladann tankou krikèt volan;
ki lonje ouvri syèl yo tankou yon rido
e fè yo deplwaye tankou yon tant pou moun viv ladann.
Se Li menm ki redwi gwo chèf yo pou yo pa anyen,
ki 21fè jij latè yo vin san sans.
Apèn yo fin plante, apèn yo fin simen,
apèn stòk yo fin pran rasin nan tè a,
Li sèlman soufle sou yo,
e yo fennen pou22tanpèt la pote yo ale tankou pay.
“Alò, 23ak kilès ou va konpare Mwen,
pou M ta kapab vin egal avè l?”
pale Sila Ki Sen an. 24
Leve zye nou anlè,
e gade kilès ki te kreye zetwal sila yo;
Sila ki mennen lame selès yo sòti pa chif yo.
Li rele yo tout pa non yo.
Akoz grandè a pwisans Li
ak fòs pouvwa Li,
nanpwen youn nan yo ki manke.
Poukisa ou di, O Jacob, e pale O Israël:
“Chemen Mwen an kache de SENYÈ a
e 25jistis ke m merite a chape de atansyon Bondye M”?
Èske nou pa konnen?
Èske nou pa tande?
Ke 26Bondye Etènèl la, SENYÈ a,
Kreyatè a dènye pwent latè a,
pa konn fatige, ni bouke.
Konprann pa Li depase tout bon konprann.
Li bay fòs a sila ki 27fatige yo,
e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.
Malgre moun 28jenn yo febli e vin bouke,
e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;
sila ki tann SENYÈ yo va 29renouvle ak kouraj nèf;
yo va monte anwo ak zèl kon èg.
Yo va kouri, e yo p ap bouke;
yo va mache, e yo p ap fatige.
Source notes (29)
- Cross-reference És 12:1
- Cross-reference És 41:11-13
- Cross-reference És 6:3
- Cross-reference Job 14:2
- Cross-reference Sòm 90:5-6
- Cross-reference És 55:11
- Cross-reference És 44:26
- Cross-reference És 9:6-7
- Cross-reference Jr 31:10
- Cross-reference Job 38:8-11
- Cross-reference Wo 11:34
- Cross-reference Job 21:22
- Cross-reference Jr 10:10
- Cross-reference Sòm 50:9-11
- Cross-reference És 29:7
- Cross-reference Egz 8:10
- Cross-reference És 2:20
- Cross-reference I Sam 5:3-4
- Cross-reference Sòm 19:1
- Cross-reference Job 22:14
- Cross-reference És 5:21
- Cross-reference És 17:13
- Cross-reference És 40:18
- Cross-reference És 51:6
- Cross-reference Job 27:2
- Cross-reference Jen 21:33
- Cross-reference És 50:4
- Cross-reference Jr 6:11
- Cross-reference Job 17:9
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.