Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 39

1

Nan lè sa a Merodac-Baladan, fis a Baladan nan, wa Babylone nan, te voye lèt ak yon kado bay Ézéchias, paske li te tande ke li te malad, e li te refè. Ézéchias te 2kontan e te montre yo tout trezò lakay li yo; ajan ak lò a, epis ak lwil presye, tout zam li yo ak tout sa ki te la nan trezò a. Pa t gen anyen lakay li a ni nan tout wayòm li an ke Ézéchias pa t montre yo.

Alò, Ésaïe, pwofèt la, te vin kote Wa Ézéchias. Li te di l: “Se kisa mesye sa yo te di, e se kibò yo sòti pou vin kote nou la a?”

Ézéchias te di: “Yo vin kote m soti nan yon 3peyi lwen, Babylone.”

Li te di: “Se kisa yo te wè lakay ou a?”

Ézéchias te reponn: “Yo te wè tout sa ki lakay mwen an. Nanpwen anyen pami trezò mwen yo ke mwen pa t montre yo.”

Konsa, Ésaïe te di a Ézéchias: “Tande 4pawòl SENYÈ dèzame yo, ‘Gade byen, jou yo ap vini lè 5tout sa ki lakay ou ak tout sa ke papa ou yo te mete nan depo, jis rive nan jodi a, va pote ale Babylone. Anyen p ap rete’, pale SENYÈ a. ‘Va gen kèk nan fis ou yo ki sòti nan ou menm, ke ou va fè. Yo va 6 pote ale, e yo va vin fè ofisye nan palè a wa Babylone nan.’”

Ézéchias te di a Ésaïe: “Pawòl SENYÈ ke ou te pale a, bon.” Paske li te panse: “Ap gen lapè ak verite 7nan jou mwen yo.”

Source notes (7)
  1. Cross-reference II Wa 20:12-19
  2. Cross-reference II Kwo 32:25-31
  3. Cross-reference Det 28:49
  4. Cross-reference I Sam 13:13-14
  5. Cross-reference II Wa 24:13
  6. Cross-reference II Wa 24:10-16
  7. Cross-reference II Kwo 34:28

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.