Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Osée 1

Pawòl SENYÈ a ki te vini a Osée, fis a Béeri a, pandan jou Ozias yo, Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa a Juda a, e nan tan Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la.

Lè SENYÈ a te pale an premye pa Osée, SENYÈ a te di a Osée: “Ale, pran pou ou menm, yon madanm pwostitiye, ak pitit enfidèl yo. Paske 1peyi a ap komèt gwo pwostitisyon. L ap abandone SENYÈ a.”

Konsa, li te ale pran Gomer, fi a Diblaïm nan. Li te vin ansent, e li te fè yon fis pou li.

Konsa, SENYÈ a te di li: “Bay li non 2Jizreel; paske deja nan yon ti tan 3mwen va vanje san a Jizreel sou lakay Jéhu. Epi sa va koze wayòm lakay Israël la fini. Nan jou sa a, Mwen va 4kraze banza Israël la nan 5vale Jizreel la.”

Konsa, li te vin ansent ankò, e li te bay nesans a yon fi. Epi SENYÈ a te di li: “Rele li Lo Ruchama, paske Mwen p ap 6fè konpasyon ankò pou lakay Israël, pou M ta janm padone yo. Men Mwen va genyen konpasyon pou lakay Juda. Yo va 7delivre pa SENYÈ Bondye yo, a e yo p ap delivre ni pa 8banza, ni pa nepe, ni pa batay, pa cheval, ni chevalye.”

Alò, lè li te fin sevre Lo Ruchama, li te vin ansent, e li te fè yon fis.

Epi SENYÈ a te di: “Rele li Lo Ammi, paske nou pa pèp Mwen, ni Mwen pa Bondye nou.” Malgre sa, fis Israël yo va tankou sab lanmè, ki p ap ka mezire, ni konte. Men 9nan plas kote sa te pale a yo menm nan, ‘Nou pa pèp Mwen an’, sa va pale a yo menm ‘Yo va rele fis a Bondye vivan an.’ Konsa, fis a Juda ak fis Israël yo va vin 10rasanble ansanm, epi yo va chwazi pou kont yo 11yon sèl chèf, epi yo va monte depi nan peyi a, paske jou a Jizreel la va vrèman gran.

Source notes (11)
  1. Cross-reference Det 31:16
  2. Cross-reference Os 2:22
  3. Cross-reference II Wa 10:11
  4. Cross-reference Jr 49:35
  5. Cross-reference Jos 17:16
  6. Cross-reference Os 2:4
  7. Cross-reference Jr 25:5,6
  8. Cross-reference Sòm 44:3-7
  9. Cross-reference Wo 9:26; És 65:1
  10. Cross-reference Jr 23:5,6
  11. Cross-reference Jr 30:21

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.