Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Daniel 12

“Alò, nan lè sa a, Micaël, gran prens ki te kanpe pou fis a pèp ou yo, va leve. Epi va gen 1yon tan gwo twoub 2jan sa pa t janm te konn fèt soti lè te gen yon nasyon jis rive nan lè sa a. Epi nan lè sa a, pèp ou a va vin delivre, tout moun ki gen non ekri nan liv la. 3Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, 4yon pati pou lavi etènèl, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini. Sila ki gen bon konprann yo va 5briye klè tankou ekla a tout syèl la. Epi sila ki 6mennen anpil moun vè ladwati yo, va brile tankou zetwal jis pou tout tan, e pou tout tan. Men ou menm, Daniel, kache pawòl sila yo, e 7sele liv la nèt, jis rive nan fen tan yo. 8Anpil moun va kouri fè ale vini, e konesans va ogmante.”

Epi mwen menm, Daniel te gade, e vwala, de lòt moun te kanpe, youn sou bò rivyè sa a, e lòt la sou lòtbò a. Konsa youn te di a mesye 9abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a: 10“Konbyen tan pou rive nan fen a bagay mèvèy sila yo?”

Mwen te tande nonm abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a, lè l te 11leve men dwat li ak men goch li vè syèl la. Li te jire pa li menm ki viv pou tout tan an, ke li va pou 12yon tan, tan yo, ak yon mwatye tan. Lè yo fin kraze pouvwa a pèp sen an, tout evenman sila yo va fini.

Konsa, mwen te tande, men mwen pa t ka konprann. Akoz sa, mwen te di: “Senyè mwen, kisa ki va fen a evenman sila yo?”

Li te di: “Ale, Daniel, paske pawòl sila yo kache e sele nèt, jiska moman lafen an. Anpil moun va pirifye tèt yo, e fè tèt yo blan pou vin rafine, men mechan yo va aji ak mechanste. Konsa okenn nan mechan yo p ap konprann, men sila ki gen sajès yo va konprann.

“Soti nan lè ke sakrifis nòmal la te vin aboli a 13abominasyon ak dezolasyon vin monte a, va genyen mil-de-san-katreven-dis (1,290) jou. Beni se sila ki va tann, e rive jis nan 14Mil-twa-san-trann-senk (1,335) jou yo.

“Men ou menm, kontinye fè wout ou, jis rive nan fen an. Paske ou va antre nan 15repo, e ou va kanpe ankò pou pòsyon eritaj pa ou a nan fen jou yo.”

Source notes (15)
  1. Cross-reference Rev 7:14
  2. Cross-reference Jr 30:7
  3. Cross-reference És 26:19
  4. Cross-reference Mat 25:46
  5. Cross-reference Jn 5:35
  6. Cross-reference És 53:11
  7. Cross-reference És 8:16
  8. Cross-reference És 11:9
  9. Cross-reference Éz 9:2
  10. Cross-reference Dan 8:13
  11. Cross-reference Éz 20:5
  12. Cross-reference Dan 7:25
  13. Cross-reference Dan 9:27
  14. Cross-reference Dan 8:14
  15. Cross-reference És 57:2

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.