Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jenèz 38

Epi li te vin rive nan lè sa a ke Judas te kite frè l yo, pou te vizite yon sèten 1Adilamit ki te rele Hira. La, Juda te wè fi a yon sèten Kananeyen ki te rele 2Schua. Li te pran li e te antre an relasyon ak li. Konsa, li te vin ansent, li te fè yon fis, e li te nonmen li 3Er. Epi li te vin ansent ankò, li te bay yon fis, ki te nonmen 4Onan. Li te fè toujou yon lòt fis, e li te nonmen li 5Schéla. Li te nan Czib lè li te fè li.

Alò, Juda te pran yon madanm pou Er, premye ne li a, e non li te Tamar. Men 6Er, premye ne a Juda a te mechan nan zye a SENYÈ a e SENYÈ a te pran vi li.

Konsa, Juda te di a Onan: “7Antre an relasyon ak madanm a frè ou a; fè devwa ou kòm bòfrè li, e fè leve yon posterite pou frè ou.” Onan te konnen ke 8posterite sa yo pa t ap pou li. Konsa, li te jete jèm li an atè pou li pa fè pitit pou frè li. Men sa li te fè a pa t fè SENYÈ a plezi. Li te 9pran vi li tou.

Alò Juda te di a bofi li, Tamar: “10Rete kòm vèv lakay papa ou jiskaske fis mwen an, Schéla fin grandi.” Paske li te reflechi: “Mwen pè pou li menm tou pa ta kapab mouri menm jan ak frè li yo.” Epi Tamar te ale viv lakay papa li.

Alò, apre yon tan konsiderab, fi Schua a, madanm a Juda, te mouri. Epi lè tan tristès a lanmò a te fini, Juda te monte vè ouvriye ki t ap taye lenn mouton bò kote 11Thimna yo, li menm avèk zanmi li, Hira, Adilamit lan.

Konsa, yo te di a Tamar: “Veye byen, bòpè ou ap monte vè 12Thimna pou taye lenn mouton li yo.” Alò, li te retire vètman vèv li a, li te 13kouvri tèt li avèk yon vwal, li te vlope tèt li, e li te chita nan pòtay Énaïm nan, ki nan wout pou rive Thimna. Paske li te wè ke Shéla te fin grandi, e yo pa t vin prezante 14li devan li kòm madanm.

Lè Juda te wè l, li te panse ke li te yon pwostitiye, paske li te kouvri figi li. Konsa, li te vire bò kote li nan wout la, e li te di: “Alò, kite m antre an relasyon ak ou.” Paske li pa t konnen ke li te bèlfi li. Epi fi a te di: “Kisa w ap ban m pou ou ka antre an relasyon ak mwen?”

Li te di konsa: “Mwen va voye ba ou yon jèn kabrit ki sòti nan twoupo a.”

Men li te di: “Èske ou va ban m yon bagay kòm yon sèman pou jis lè ou voye l?”

Li te di: “Kisa pou m ta bay ou?” Epi li te di: “Ban m 15so, kòd avèk baton ki nan men ou an.” Konsa, li te bay yo a li menm. Li te antre an relasyon ak li, e vèv la te vin ansent pa li menm. Tamar te leve ale. Li te retire vwal la, e li te remete vètman a vèv yo.

Lè Juda te voye jèn kabrit la ak zanmi li, Adilamit lan, pou resevwa sa ke li te bay kòm sèman an, li pa t twouve li. Li te mande mesye yo kote a: “Kote jennès tanp lan ki te akote wout la nan Énaïm nan?” Men yo te di li: “Pa t gen jennès tanp isit la.”

Li te retounen a Juda, e te di: “Mwen pa t twouve li. Anplis de sa, mesye nan zòn di ke: ‘Pa t gen yon jennès tanp nan zòn sa a.’”

Juda te di l: “Kite li pran yo pou kont li, sinon n ap vin yon betiz devan tout moun. Anfen, mwen te voye jèn kabrit sa a, men ou pa t twouve li.”

Alò, li te anviwon twa mwa pita ke Juda te enfòme: “Bèlfi ou Tamar te jwe wòl jennès la. Gade byen, li vin ansent nan koze sa a.”

Konsa, Juda te di: “Mete li deyò e 16kite yo brile li.”

Epi pandan yo t ap mete li deyò, li te voye kote bòpè li pou di: “Mwen avèk pitit pa mesye ki se mèt a bagay sa yo.” Anplis, li te di: “17Souple, fè yon ankèt pou vin aprann pou kilès so siyal sila a ye, e pou kilès kòd avèk baton sila yo ye?”

Juda te rekonèt yo, e te di: “18Li pi jis pase mwen, paske 19mwen pa t bay li fis mwen an, Schéla.” Epi li pa t gen relasyon avèk li ankò.

Li te vin rive nan lè ke li t ap akouche a, gade byen, te gen 20jimo nan vant li. Anplis de sa, li te rive pandan li t ap akouche a ke youn te lonje yon men deyò, e fanm saj la te mare yon fisèl wouj sou men l. Li te di: “Se sila a ki sòti avan”. Men li te vin rive ke pandan li t ap rale men l tounen, frè l la te sòti avan. Epi li te di: “A la chemen ou gen tan fè pou kont ou!” Konsa, li te nonmen li 21Pérets. Apre, frè l la te vin sòti avèk fisèl wouj mare nan men l, e li te nonmen li 22Zerah.

Source notes (22)
  1. Cross-reference Jos 15:35
  2. Cross-reference I Kwo 2:3
  3. Cross-reference Jen 46:12
  4. Cross-reference Jen 46:12
  5. Cross-reference Nonb 26:20
  6. Cross-reference Jen 46:12
  7. Cross-reference Det 25:5-6
  8. Cross-reference Det 25:6
  9. Cross-reference Jen 46:12
  10. Cross-reference Rt 1:12,13
  11. Cross-reference Jos 15:10-57
  12. Cross-reference Jos 15:10-57
  13. Cross-reference Jen 24:65
  14. Cross-reference Jen 38:11-26
  15. Cross-reference Jen 38:25
  16. Cross-reference Lev 21:9
  17. Cross-reference Jen 37:32
  18. Cross-reference I Sam 24:17
  19. Cross-reference Jen 38:14
  20. Cross-reference Jen 25:24-26
  21. Cross-reference Jen 46:12
  22. Cross-reference I Kwo 2:4

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.