Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jenèz 39

Alò, yo te pran Joseph desann an Égypte. Epi Potiphar, yon ofisye Farawon, kòmandan nan gad yo, te achte li nan men 1Izmayelit yo, ki te fè l desann la. 2

SENYÈ a te avèk Joseph, e li te byen reyisi. Li te lakay mèt li, Ejipsyen an. Alò mèt li a te 3wè ke SENYÈ a te avèk li, e ke li te 4fè tout sa li te antreprann byen reyisi nan men l. Konsa, Joseph te 5twouve favè nan zye li, e li te devni sèvitè pèsonèl li. Li te fè li chèf an tèt tout lakay li, e 6tout sa ke li te posede, li te mete yo sou chaj li. Epi li te rive ke depi lè sa a li te fè li chèf lakay li, ak sou tout sa li te posede, ke SENYÈ a te 7beni lakay Ejipsyen an akoz Joseph. Benediksyon SENYÈ a te sou tout sa li te genyen, ni nan kay la, ni nan chan an. Li te kite tout sa li te gen sou chaj Joseph. Konsa, li pa t okipe tèt li avèk anyen sof ke manje ke li te manje. Alò, Joseph te yon 8bo gason, ni nan fòm li, ni nan aparans li.

Li te vin rive apre evènman sa yo, ke madanm Potiphar a, te gade Joseph avèk anvi. Konsa, li te di: “9Vin kouche avè m.”

Men 10Joseph te refize. Li te di a madanm mèt li a: “Mèt mwen pa menm okipe li pou anyen ki nan kay la, e li te mete tout sa li posede sou chaj mwen. 11Nanpwen pèsòn nan kay sa a ki pi gran ke mwen, e li pa refize m anyen, sof ke ou menm, paske ou se madanm li. Kijan konsa, mwen ta kapab fè gwo mal sa a, e peche kont Bondye menm?” Pandan li te pale avèk Joseph jou aprè jou, Joseph pa t koute l menm pou kesyon kouche avè l, oswa pou li ta rete avè l.

Alò li vin rive yon jou ke li te antre nan kay la pou fè travay li, e pa t gen lòt nan ouvriye lakay yo ki te andedan kay la. Konsa, Madanm nan te kenbe li pa vètman li. Li te di: “Kouche avè m!” Men li te kite vètman li nan men l, e te sove ale deyò.

Lè Madanm nan te vin wè ke li te kite vètman li nan men l, e li te kouri deyò, li te rele tout gason ouvriye lakay li yo, e li te di yo: “Ou wè sa, li pote bannou yon Ebre ki pou vin fè jwèt avèk nou. Li te vin antre sou mwen pou kouche avè m, men mwen te rele fò. Lè li tande ke m te leve vwa m pou rele fò, li te kite vètman li bò kote mwen, e li te sove ale kouri deyò.”

Konsa, li te kenbe vètman an kote li jiskaske mèt li te rive nan kay la. Alò, li te 12pale avèk li ak pawòl sa yo: “Esklav Ebre ke ou te mennen bannou an, te antre kote mwen pou fè spò avè m, men lè m te leve vwa m pou te rele fò, li te kite vètman li bò kote mwen pou te sove ale deyò.” Alò, lè mèt la te tande pawòl a madanm li yo, lè li te pale pou di: “Men sa esklav ou a te fè m nan,” 13li te vin brile avèk kòlè.

Konsa, mèt Joseph la te pran li e te 14mete li nan prizon, nan plas kote prizonye ki pou wa yo te ye. Epi li te la nan prizon an. Men SENYÈ a te avèk Joseph. Li te fè li gras, e Li te 15fè li vin gen favè nan zye a chèf prizon an.

Chèf Kasèl la te 16fè Joseph responsab tout prizonye yo ki te nan prizon an, jiskaske nenpòt sa ki te fèt ladann, li te vin responsab. Chèf Kasèl la pa t sipèvize anyen ki te anba direksyon Joseph, paske 17SENYÈ a te avèk li, paske nenpòt sa li te fè, SENYÈ a te fè l pwospere.

Source notes (17)
  1. Cross-reference Jen 37:25-28-36
  2. Cross-reference Jen 39:3-23
  3. Cross-reference Jen 21:22
  4. Cross-reference Sòm 1:3
  5. Cross-reference Jen 18:3
  6. Cross-reference Jen 24:2
  7. Cross-reference Jen 30:27
  8. Cross-reference Jen 29:17
  9. Cross-reference II Sam 13:11
  10. Cross-reference Pwov 6:23-24
  11. Cross-reference Jen 41:40
  12. Cross-reference Egz 23:1
  13. Cross-reference Pwov 6:34
  14. Cross-reference Jen 40:3
  15. Cross-reference Egz 3:21
  16. Cross-reference Jen 39:4
  17. Cross-reference Jen 39:21

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.