Bib Sen An
Jenèz 26
Alò, te gen yon 1gwo grangou nan peyi a, ki te fèt apre gwo grangou ki te fèt nan jou Abraham yo. Isaac te ale Guérar vè 2Abimélec, wa Filisten yo.
Senyè a te 3parèt a li menm e te di: “Pa desann an Égypte. Rete nan peyi ke Mwen va montre ou a. Rete pou yon tan nan peyi sa a, Mwen va avèk ou, e Mwen va beni ou, paske a ou menm ak desandan ou yo, Mwen va bay tout peyi sa yo, e Mwen va etabli 4sèman ke Mwen te sèmante a papa ou a, Abraham. 5
“Mwen va miltipliye desandan ou yo tankou zetwal nan syèl la, e va bay tout tè sa yo a desandan ou yo. E nan 6desandan ou yo, tout nasyon latè yo va beni, akoz Abraham te 7obeyi Mwen, e kenbe chaj Mwen, Kòmandman Mwen yo, règleman Mwen yo, avèk lwa Mwen yo.” Konsa, Isaac te viv Guérar.
Lè mesye yo nan plas la te mande li de madanm li, li te di: “8Li se sè mwen,” paske li te pè pou di “madanm mwen” akoz li te panse: “mesye yo nan zòn sa a ta kapab touye mwen pou Rebecca, paske li bèl.”
Li te rive lè li te rete la pandan anpil tan, ke Abimélec, wa Filisten yo t ap gade nan yon fenèt, e gade, li te wè Isaac ki t ap karese madanm li, Rebecca. Alò, Abimélec te rele Isaac e te di: “Gade sa, vrèman li se madanm ou! Kòman ou te fè di mwen: ‘Li se sè mwen’”?
Isaac te di li: “Akoz ke mwen te di: ‘Mwen ta kapab mouri akoz li.’” 9
Abimélec te di: “Kisa ke ou te fè nou la a? Yon moun nan pèp la ta kapab fasilman vin kouche avèk madanm ou, e ou t ap fè nou vin koupab pou peche sa a.”
Konsa, Abimélec te bay tout pèp la lòd, e te di: “Moun ki 10touche mesye sa a, oswa madanm li, asireman va mete a lanmò.”
Alò, Isaac te simen nan peyi sa a, e li te rekòlte nan menm ane a san fwa. 11Senyè a te beni li. Mesye a te 12vin rich e li te kontinye vin pi rich jiskaske li te vin ranmase anpil gwo richès. 13Li te posede anpil bann mouton, twoupo avèk anpil chan bèt, jiskaske Filisten yo te vin anvi li. Alò, 14tout pwi ke sèvitè a papa li yo te fouye nan jou Abraham yo, papa li, Filisten yo te bouche lè yo te ranpli yo avèk tè.
Alò, Abimélec te di a Isaac: “Kite nou, paske ou 15twò fò pou nou.”
Konsa, Isaac te pati la. Li te vin rete nan vale Guérar a, e li te fè anplasman la. Isaac te fouye pwi yo ankò, pwi ki te fouye nan jou papa li yo, Abraham, paske Filisten yo te bouche yo apre mò Abraham nan. Epi li te bay yo menm non ke papa li te bay yo.
Men lè sèvitè Isaac yo te fouye nan vale a, e te twouve la yon pwi dlo ki t ap boujonnen, bèje Guérar yo te 16goumen avèk bèje Isaac yo e te di: “Dlo a se pa nou!” Alò, li te nonmen pwi a Ések akoz ke yo te fè kont ak li. Yo te fouye yon lòt pwi, yo te goumen sou sila a tou e li te nonmen li Sitna. Li te deplase la, li te fouye yon lòt pwi, e yo pa t goumen sou li. Li te bay li non a Rehoboth, paske li te di: “Koulye a, Bondye vin bannou plas, e nou va 17rekòlte anpil fwi nan peyi a.”
Alò, li te kite la pou monte 18Beer-Schéba. SENYÈ a 19te parèt a li menm nan nwit lan, e te di: “Mwen se Bondye a papa ou, Abraham. Pa pè, paske Mwen avè w. Mwen va 20beni ou, e Mwen va fè desandan ou yo miltipliye pou koz a sèvitè Mwen an, Abraham.”
Konsa, li te bati yon 21lotèl la, li te rele non SENYÈ a, e te monte tant li la. La sèvitè Isaac yo te fouye yon pwi.
Alò, 22Abimélec te vin kote li soti Guérar, avèk konseye li, Ahuzath, avèk Picol, kòmandan lame a. Isaac te di yo: “23Poukisa nou vin kote m, kòmsi nou rayi mwen, e te pouse mwen lwen nou?”
Yo te di: “Nou wè byen klè 24ke SENYÈ a te avèk ou. Alò, nou te di: ‘Annou fè yon sèman antre nou menm, e kite nou fè yon akò avèk ou, ke ou p ap fè nou okenn mal, menm jan ke nou pa t touche ou, nou pa t fè ou anyen sof ke byen, e w ap voye nou ale anpè.’ Koulye a, ou se 25beni a SENYÈ a.”
Alò, 26li te fè yon gwo fèt manje pou yo, yo te manje e bwè.
Nan maten, yo te leve bonè. Yo 27te sèmante a youn lòt, epi Isaac te voye yo ale kite li anpè.
Li te vin rive nan menm jou a, ke sèvitè Isaac yo te antre e te avèti li de yon pwi ke yo te fouye. Yo te di li: “Nou gen tan twouve dlo.” Konsa, li te rele li Schiba, akoz sa yo rele vil la 28Beer-Schéba jis rive jodi a.
Lè Ésaü te gen karant ane, 29li te marye avèk Judith, fi Béeri a, Etyen an, e Basmath, fi a Elon an, Etyen an. 30Yo te mennen traka pou twouble Isaac avèk Rebecca.
Source notes (30)
- Cross-reference Jen 12:10
- Cross-reference Jen 20:1-2
- Cross-reference Jen 12:7
- Cross-reference Jen 22:16-18
- Cross-reference Jen 15:5
- Cross-reference Jen 22:18
- Cross-reference Jen 22:16
- Cross-reference Jen 12:13
- Cross-reference Jen 20:9
- Cross-reference Sòm 105:15
- Cross-reference Jen 24:1
- Cross-reference Pwov 10:22
- Cross-reference Jen 24:35
- Cross-reference Jen 21:25-30
- Cross-reference Egz 1:9
- Cross-reference Jen 21:25
- Cross-reference Jen 17:6
- Cross-reference Jen 22:19
- Cross-reference Jen 26:2
- Cross-reference Jen 22:17
- Cross-reference Jen 12:7-8
- Cross-reference Jen 21:22
- Cross-reference Jij 11:7
- Cross-reference Jen 21:22-23
- Cross-reference Jen 24:31
- Cross-reference Jen 19:3
- Cross-reference Jen 21:31
- Cross-reference Jen 21:31
- Cross-reference Jen 28:8
- Cross-reference Jen 27:46
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.