Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jenèz 25

Alò, Abraham te pran yon lòt madanm, ki te rele Ketura. 1Li te fè pou li Zimran, Jokschan, Madian, Jischbak, avèk Schuach. Jokschan te vin papa a Séba avèk Dedan. Epi fis Dedan yo te Aschurim, Letuschim, avèk Leummim. Epi fis a Madian yo te Épha, Epher, Hénoc, Abida, avèk Eldaa. Tout sa yo se te fis a Ketura yo. 2Alò Abraham te bay tout sa li te posede a Isaac; men a fis a fanm konkibin yo, li te bay yo kado pandan li te toujou ap viv la, e li te 3voye yo lwen fis li a vè lès, nan peyi lès la.

Sa yo se tout ane lavi ke Abraham te viv, 4san-swasann-kenz ane. Abraham te respire dènye souf li. Li te mouri yon granmoun byen mi, e li te byen satisfè avèk lavi. Konsa, li te vin 5ranmase vè pèp li. Fis li yo, Isaac avèk Ismaël te antere li nan 6kav Macpéla a, nan chan Ephron an, fis Tsochar, Etyen an, anfas Mamré, 7chan ke Abraham te achte nan men fis a Heth yo. La, Abraham te antere avèk madanm li, Sarah. Li te vin rive apre mò Abraham nan, ke 8Bondye te beni fis li a, Isaac, epi Isaac te viv toupre Lachaï-roi.

Alò, sa yo se achiv a desandan a jenerasyon 9Ismaël yo, fis Abraham nan, ke Agar, Ejipsyen an, sèvant a Sarah a, te fè ak Abraham; epi sa yo se non 10fis Ismaël yo, selon non yo, nan lòd nesans pa yo: Nebajoth, premye ne a Ismaël la, Kédar, Adbeel, Mibsam, Mischma, Duma, Massa, Hadad, Théma, Jethur, Naphisch avèk Kedma. Sila yo se fis Ismaël yo e sa se non yo, pa vil, e pa anplasman yo; 11douz prens yo selon tribi pa yo.

Sa yo se lane lavi Ismaël yo, 12san-trant-sèt ane. Li te respire dènye souf li, e li te mouri, epi yo te ranmase li vè pèp li. Yo te deplase soti nan 13Havila jis rive nan Schur ki nan kote lès Égypte lè yon moun ap pwoche Assyrie; li te rete la malgre sa te fè ènmi avèk tout paran li yo.

Alò, sa yo se achiv 14jenerasyon ki swiv Isaac yo, fis Abraham nan: Abraham te vin papa Isaac.

Lè Isaac te gen laj karant ane, li te pran Rebecca, 15fi Bethuel la, Araméen an nan kote Paddan-Aram, 16sè Laban an, Araméen an, pou vin madanm li. Isaac te priye a SENYÈ a anfavè madanm li, akoz li te esteril. Konsa, SENYÈ a te reponn li, e Rebecca, madanm li an te vin 17ansent.

Men pitit yo te an konfli anndan vant li. Li te di: “Si se sa, poukisa mwen viv?” Li te ale 18mande a SENYÈ a.

SENYÈ a te di li:

“19Gen de nasyon nan vant ou.

De pèp va vin separe sòti nan vant ou.

Yon pèp va pi pwisan ke lòt la.

Pi gran an va sèvi pi jèn nan.”

Lè jou li yo pou akouche te rive, gade, te gen jimo nan vant li. Premye a te vin parèt byen wouj. 20 Li te kouvri toupatou tankou yon rad ki plen plim sou li. Yo te nonmen li Ésaü. Apre, frè li a te vin parèt avèk 21men li ki t ap kenbe talon pye a Ésaü. Akoz sa 22yo te rele li Jacob. Isaac te gen swasant ane lè madanm li te bay nesans a yo.

Lè gason sa yo te grandi, Ésaü te vin fò nan lachas, yon nonm ki fèt pou chan an. Men Jacob te yon nonm byen trankil, ki te 23viv nan tant. Alò, Isaac te renmen Ésaü akoz ke li te gen yon 24gou pou vyann bèt sovaj, men Rebecca te renmen Jacob.

Lè Jacob te fin kwit yon 25soup, Ésaü te vin antre pandan li t ap kite chan an, e li te grangou anpil. Konsa, Ésaü te di Jacob: “Souple, ban m goute bagay wouj sa ki la a, paske mwen grangou anpil.” Se pou sa yo te rele non li Edom.

Men Jacob te di: “Premyeman vann mwen 26dwa nesans ou an.”

Ésaü te di: “Gade byen, mwen prèt pou mouri, e konsa pou ki bagay yon eritaj ap sèvi mwen?”

Jacob te di: “Premyeman, sèmante ban mwen.” Li te sèmante ba li. Li te 27vann dwa nesans li an bay Jacob.

Jacob te bay Ésaü pen avèk yon soup pwa. Li te manje e bwè, e li te leve al fè wout li.

Konsa Ésaü te vin rayi dwa nesans li an.

Source notes (27)
  1. Cross-reference I Kwo 1:32-33
  2. Cross-reference Jen 24:35-36
  3. Cross-reference Jen 21:14
  4. Cross-reference Jen 12:4
  5. Cross-reference Jen 25:17
  6. Cross-reference Jen 23:17-18
  7. Cross-reference Jen 23:3-16
  8. Cross-reference Jen 26:3
  9. Cross-reference Jen 16:5
  10. Cross-reference I Kwo 1:29
  11. Cross-reference Jen 17:20
  12. Cross-reference Jen 16:16
  13. Cross-reference I Sam 15:7
  14. Cross-reference Mat 1:2
  15. Cross-reference Jen 22:23
  16. Cross-reference Jen 24:29
  17. Cross-reference Wo 9:10
  18. Cross-reference I Sam 9:9
  19. Cross-reference Jen 17:4-16
  20. Cross-reference Jen 27:11
  21. Cross-reference Os 12:13
  22. Cross-reference Jen 27:36
  23. Cross-reference Eb 11:9
  24. Cross-reference Jen 27:19
  25. Cross-reference II Wa 4:38
  26. Cross-reference Det 21:16-17
  27. Cross-reference Eb 12:16

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.