Bib Sen An
Jenèz 1
Nan kòmansman an Bondye te 2kreye syèl yo ak tè a. Latè te san 3fòm e vid, epi 4tenèb la te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a.
Alò 5Bondye te di: “Ke li gen limyè”. Epi te gen limyè. Bondye te wè ke limyè a te bon. Bondye te 6separe limyè a avèk tenèb la. Bondye 7 te rele limyè a jou, e tenèb la, Li te rele li lannwit. Konsa, te gen aswè, ak maten, yon jou.
Alò Bondye te di: “Ke vin gen yon gran 8espas nan mitan dlo yo, e ke li separe dlo avèk dlo”. Bondye te fè gran espas la. Li te separe dlo ki te anba gran espas la, avèk dlo ki te 9anwo gran espas la. Se konsa sa te ye. Bondye te rele gran espas la syèl. Epi te gen aswè, e te gen maten, yon dezyèm jou.
Alò Bondye te di: “10Ke dlo anba syèl yo vin rasanble nan yon plas, e ke 11tè sèch la vin parèt”. Konsa, sa te vin fèt. Bondye te rele pati sèch la tè, ak dlo ki 12rasanble yo, lanmè. Epi Bondye te wè ke sa te bon.
Epi Bondye te di: “Ke latè a boujonnen avèk 13bagay vèt; plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak bwa k ap donnen fwi avèk grenn nan yo selon espès pa yo”. Konsa, sa te vin fèt. Latè te pwodwi bagay vèt, plant ki donnen grenn selon espès pa yo, ak pyebwa ki pwodwi fwi avèk grenn sou yo selon espès pa yo. Bondye te wè ke sa te bon. Te gen aswè, ak maten, yon twazyèm jou.
Alò Bondye te di: “Ke vin gen 14limyè nan gran espas syèl yo pou separe jou avèk nwit lan, e ke yo vin kòm sign pou sezon yo, pou jou avèk lane yo; ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Konsa, sa te vin fèt. Bondye te fè de gran limyè, pi 15gran an pou gouvène lajounen, e pi piti a pou gouvène lannwit. Anplis, Li te fè zetwal yo. Bondye te plase yo nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè, epi pou 16gouvène lajounen avèk lannwit, e pou separe limyè a avèk tenèb la. Bondye te wè ke sa te bon. Te gen aswè, e te gen maten, yon katriyèm jou.
Alò Bondye te di: “Ke dlo yo vin ranpli avèk anpil kreyati vivan, e ke zwazo yo vole anwo tè a nan gran espas syèl yo.” Bondye te kreye 17gwo bèt sovaj lanmè avèk tout kreyati vivan ki fè mouvman. Dlo yo te plen bèt selon espès pa yo, e chak zwazo selon espès pa l. Bondye te wè ke sa te bon. Bondye te beni yo. Li te di: “Fè pitit, e vin miltipliye. Ranpli dlo nan lanmè yo, e kite zwazo yo vin miltipliye sou tè a.” Te gen aswè ak maten, yon senkyèm jou. 18
Alò, Bondye te di, “Ke tè a vin pwodwi kreyati vivan dapre espès pa yo; bèt domestik, reptil, avèk bèt latè selon espès yo”. Se konsa li te fèt. Bondye te fè 19bèt latè yo selon espès yo, ak bèt gade yo dapre espès yo, tout bèt ki trennen atè dapre espès yo; epi Bondye te wè ke sa te bon.
Alò Bondye te di, 20“Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.
Bondye te kreye lòm, 21nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo. Bondye te beni yo; Li te di yo, 22“Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.
Alò Bondye te di, “Gade byen, 23Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou; Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl la, chak bagay k ap fè mouvman sou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa. 24
Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te 25trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.
Source notes (25)
- Cross-reference Sòm 102:25
- Cross-reference Job 38:4
- Cross-reference Jr 4:23
- Cross-reference Job 38:9
- Cross-reference Sòm 33:6-9
- Cross-reference És 45:7
- Cross-reference Sòm 74:16
- Cross-reference És 40:22
- Cross-reference Sòm 148:4
- Cross-reference Sòm 104:6-9
- Cross-reference 24:1-2
- Cross-reference Sòm 33:7
- Cross-reference Sòm 65:9-13
- Cross-reference Sòm 74:16
- Cross-reference Sòm 136:8-9
- Cross-reference Jr 31:35
- Cross-reference Sòm 104:25-28
- Cross-reference Jen 2:19
- Cross-reference Jen 7:21-22
- Cross-reference Sòm 8:6-8
- Cross-reference Jen 5:1
- Cross-reference Jen 9:1-7
- Cross-reference Sòm 104:14
- Cross-reference Sòm 145:15-16
- Cross-reference Sòm 104:24-28
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.