Bib Sen An
Jenèz 2
Se te konsa syèl yo avèk tè a te fin fèt, avèk tout 1lame yo.
Nan 2setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo. Konsa, Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo. Epi Bondye te beni setyèm jou a. Li te fè li sen, akoz nan li, Li te repoze de tout travay kreyasyon an, ke Li te fè a. 3
Sa se listwa syèl yo avèk tè a lè yo te kreye, nan jou ke SENYÈ Bondye a te fè tè a avèk syèl la. 4Alò potko gen ti bwa chan ki te parèt nan tè a, ni plant chan ki te boujonnen, paske Senyè Bondye a potko voye lapli sou tè a, e pa t gen moun pou kiltive tè a. Men yon vapè te konn leve sòti nan tè a pou wouze tout sifas li. Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan 5 pousyè tè a. Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e 6lòm te devni yon nanm vivan.
Senyè Bondye a te plante yon 7jaden nan pati lès Eden, e se la Li te mete lòm ke Li te fòme a. Soti nan tè a, SENYÈ Bondye a te fè grandi chak ab ki bèl pou gade e ki bon pou manje. Avèk yo nan mitan jaden a te gen 8ab lavi a, ak ab konesans a sa ki bon ak sa ki mal la.
Alò, yon 9rivyè te sòti nan Eden pou wouze jaden an. Epi soti la, li te divize ou fè kat rivyè. Premye rivyè a rele Pischon; li pase antoure tout peyi 10Havila, kote ki gen lò a. Lò peyi sa a bon; wòch bdelyèm avèk onyx konn twouve la. Dezyèm rivyè a rele Guihon; li kouri antoure peyi Cush la. Yo rele twazyèm rivyè 11Tigrès; li koule nan lès Assyrie. Epi katriyèm rivyè a se 12Euphrate.
Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan; Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li.
Senyè Bondye a te 13kòmande lòm nan. Li te di l: “Nan nenpòt sa nan jaden an, ou kapab manje, men sou ab konesans bon avèk mal la, ou pa pou manje li, paske nan jou ke ou manje li, 14ou va mouri.”
Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl. Mwen va 15fè yon asistan jan li dwe genyen”. 16
Sòti nan tè a, Senyè Bondye a te fòme chak bèt chan ak chak zwazo syèl la, e Li te mennen yo kote lòm pou wè kòman li ta rele yo. Nenpòt jan li te rele yon kreyati vivan, sa te vin non li. Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon 17asistan sanblab ak li.
Alò, Senyè Bondye a te fè yon 18Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi. Konsa, li te pran youn nan zo kòt li yo, e te fèmen chè a nan plas li. Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk 19kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.
Lòm nan te di: “20Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm. 21
“Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.” 22Epi lòm nan avèk fanm nan te toutouni, e yo pa t wont.
Source notes (22)
- Cross-reference Det 4:19
- Cross-reference Egz 20:8-11
- Cross-reference Job 38:4-11
- Cross-reference Jen 1:11
- Cross-reference Jen 3:19
- Cross-reference I Kor 15:45
- Cross-reference Jen 13:10
- Cross-reference Jen 3:22
- Cross-reference Sòm 46:4
- Cross-reference Jen 25:18
- Cross-reference Dan 10:4
- Cross-reference Jen 15:18
- Cross-reference Jen 3:2-3
- Cross-reference Det 30:15-20
- Cross-reference I Kor 11:9
- Cross-reference Jen 1:24
- Cross-reference Jen 2:18
- Cross-reference Jen 15:2
- Cross-reference I Kor 11:8-9
- Cross-reference Jen 29:14
- Cross-reference Mat 19:5
- Cross-reference Jen 3:7,10,11
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.