Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jenèz 3

Alò, 1sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: ‘Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’”

Fanm nan te di a sèpan an: “2Fwi ki sòti nan ab nan jaden yo, nou kapab manje yo; men nan fwi ki sòti nan ab ki nan mitan jaden an, Bondye te di: Nou pa pou manje nan li, ni touche li, sinon, nou va mouri.” 3

Sèpan an te di fanm nan: “Vrèman, nou p ap mouri!” Paske Bondye konnen ke nan jou nou manje nan li, zye nou va vin louvri, e 4nou va vin tankou Bondye, avèk konesans de sa ki bon ak sa ki mal. 5

Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje. Zye a toude te vin louvri, e yo te vin 6konnen ke yo te toutouni. Pou sa, yo te koud fèy pyebwa ansanm e yo te fè pou yo menm yon tabliye.

Yo te tande son a 7SENYÈ Bondye a ki t ap mache nan jaden an nan frechè jounen an, e lòm nan avèk fanm nan te kache tèt yo de prezans SENYÈ Bondye a pami bwa yo nan jaden an. Alò, Senyè Bondye a te rele lòm nan, e te di l: “8Kote ou ye?”

Adam te reponn: “9Mwen te tande son Ou menm nan jaden an, e mwen te pè paske mwen te toutouni; alò mwen te kache tèt mwen.”

Epi Li te di li, kilès ki te di ou ke ou te toutouni? Èske ou te manje nan pyebwa e M te di ou pa manje a? 10

Lòm nan te di: “Fanm ke Ou te ban mwen an, li te ban m ladann, e mwen te manje.” Alò, Bondye te di a fanm nan: “Kisa ou te fè la a?” Epi fanm nan te di: 11“Sèpan an te twonpe mwen, e mwen te manje l.”

SENYÈ Bondye a te di a sèpan an: “Akoz ke ou te fè sa, ou modi pase tout bèt domestik yo, e plis ke tout bèt sovaj nan chan an. Sou vant ou ou va mache, e se 12pousyè ke ou va manje tout jou nan vi ou. Mwen va mete 13rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.”

A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan 14fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.”

Alò a Adam Li te di: “Akoz ou te koute vwa a fanm ou an, ou te manje nan ab ke Mwen te kòmande e te di Ou pa manje ladann nan, 15tè a ap modi akoz ou menm. Nan redi ou va manje ladann pou tout jou lavi ou. Se pikan, se zepeng li va fè grandi pou ou; epi ou va manje plant chan an. Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou 16retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.”

Alò, lòm nan te rele fanm li an 17Eve, paske se li ki te manman a tout vivan yo.

SENYÈ Bondye a te fè rad avèk po bèt pou Adam avèk madanm li, e Li te abiye yo. Alò, SENYÈ Bondye a te di: “Gade byen, lòm nan gen tan vini tankou youn nan Nou, avèk konesans sa ki bon avèk sa ki mal. Koulye a, pou li pa lonje men l, pou pran osi nan 18ab lavi a, manje l e viv jis pou tout tan—” Pou sa, SENYÈ Bondye a te voye l deyò jaden Eden nan, pou kiltive tè a, nan sila li te sòti a.

Alò, Li te pouse lòm nan deyò; epi nan lès jaden Eden nan, Li te estasyone 19cheriben an avèk nepe ak flanm ki te vire nan tout direksyon pou veye chemen vè ab lavi a.

Source notes (19)
  1. Cross-reference II Kor 11:3
  2. Cross-reference Jen 2:16
  3. Cross-reference Jn 8:44
  4. Cross-reference És 14:4
  5. Cross-reference Wo 5:12-19
  6. Cross-reference És 47:3
  7. Cross-reference Lev 26:12
  8. Cross-reference Jen 4:9
  9. Cross-reference Egz 20:18-19
  10. Cross-reference Job 31:33
  11. Cross-reference II Kor 11:3
  12. Cross-reference És 65:25
  13. Cross-reference Rev 12:17
  14. Cross-reference Jn 16:21
  15. Cross-reference Jen 5:29
  16. Cross-reference Sòm 90:3
  17. Cross-reference II Kor 11:3
  18. Cross-reference Jen 2:9
  19. Cross-reference Egz 25:18-22

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.