Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jenèz 4

Alò, lòm nan te vin nan relasyon avèk madanm li, Ève. Li te vin ansent e li te vin kouche fè Cain. Konsa, li te di: “Mwen gen tan fè yon ti nonm avèk èd SENYÈ a:” Ankò, li te bay nesans a frè li, Abel. Epi 1Abel se te yon bèje bann mouton, men Cain t ap laboure tè a.

Li te vin rive pi devan ke Cain te pote yon ofrann bay SENYÈ a, ki sòti nan fwi rekòlt tè a. 2Abel, osi, sou pati pa l te pote nan premye pòtre twoupo, e nan pòsyon pi gra a nan yo.

Konsa, SENYÈ a te kontan pou Abel avèk ofrann pa l la, men pou 3Cain, avèk ofrann pa li a, Li pa t kontan. Alò, Cain te vin byen fache, e figi li te vin ba.

Alò, SENYÈ a te di a Cain: “4Poukisa ou fache konsa? Epi poukisa figi ou vin ba konsa? Si ou fè sa ki bon èske figi ou p ap leve ankò? 5Epi si ou pa fè sa ki bon, peche ap kouche devan papòt ou. Dezi li se pou ou, 6men ou oblije vin mèt li.”

Cain te di frè l la, Abel, “An ale nan chan.” Epi li te vin rive ke pandan yo te nan chan an, Cain te leve kont Abel, frè l la, e li te 7touye li.

Alò, SENYÈ a te di a Cain: “8Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. Èske mwen se gadyen frè m nan?”

Li te di: “Kisa ou te fè la a? 9Vwa san a frè ou a ap rele ban Mwen sòti nan tè a. Koulye a 10ou modi, soti nan tè a, ki te ouvri bouch li pou resevwa san Abel nan men ou an. Depi koulye a, 11lè ou kiltive tè a, li p ap bay ou fòs li ankò. Ou va vin yon vagabon k ap mache toupatou sou latè.”

Cain te di a SENYÈ a: “Pinisyon mwen an twò di pou m sipòte! Byen gade! Jodi a ou gen tan pouse m kite sifas tè a. Konsa, fas ou p ap wè m; 12mwen va vin yon vagabon k ap plede mache toupatou sou latè, e 13nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m.”

Alò, SENYÈ a te di li: “Pou sa, nenpòt moun ki touye Cain, vanjans va tonbe sou li 14sèt fwa plis.” Epi SENYÈ a te chwazi yon sign pou Cain, dekwa ke pèsòn ki jwenn li pa ta touye l. Konsa, Cain te sòti de prezans 15 SENYÈ a, e li te al rete sou tèren Nod nan pati lès Eden an.

Cain te antre an relasyon avèk madanm li. Li te vin ansent, e li te bay nesans a Hénoc; epi li te bati yon vil. Li te bay vil la non Hénoc, menm non ak fis li a. Alò, Hénoc te fè Irad, e Irad te devni papa a Mehujaël, Mehujaël te vin papa a Metuschaël, e Metuschaël te vin papa a Lémec.

Lémec te pran pou li 16de madanm: youn yo te rele Ada, e non a lòt la se te Tsilla. Ada te bay nesans a Jabal. Li te papa a tout sila ki te rete nan tant yo, e ki te okipe bèt yo. Frè li a te rele Jubal. Li te papa a tout sila ki te jwe ap avèk shaloumo yo. Epi pou Tsilla, li te bay nesans a Tubal-Cain, yon bòs fòjewon ki fè zouti avèk bwonz ak fè. Sè a Tubal Cain an se te Naama.

Lémec te di a madanm li yo:

“Ada avèk Tsilla, koute vwa m.

Nou menm ki madanm a Lémec yo;

byen okipe pawòl mwen. 17

Paske mwen te touye yon mesye

akoz ke li blese m;

e yon gason akoz li frape m.

Si Cain vanje 18sèt fwa,

alò Lémec swasann-dis-sèt fwa.”

Adam te antre an relasyon ankò avèk madanm li, epi li te bay nesans a yon fis. Li te rele li Seth, paske li te di “Bondye te chwazi ban mwen yon lòt fis nan plas Abel, 19paske Cain te touye li”. Pou Seth, li menm, li te bay nesans a 20yon fis, epi li te rele non li Énosch.

Nan lè sa a, lèzòm te kòmanse ap rele non SENYÈ a.

Source notes (20)
  1. Cross-reference Luc 11:50-51
  2. Cross-reference Eb 11:5
  3. Cross-reference I Sam 16:7
  4. Cross-reference Jn 4:4
  5. Cross-reference Nonb 32:23
  6. Cross-reference Job 11:14-15
  7. Cross-reference Mat 23:35
  8. Cross-reference Jen 3:9
  9. Cross-reference Nonb 35:33
  10. Cross-reference Jen 3:14
  11. Cross-reference Det 28:15-24
  12. Cross-reference Det 28:64-67
  13. Cross-reference Nonb 35:19
  14. Cross-reference Jen 4:24
  15. Cross-reference II Wa 24:20
  16. Cross-reference Jen 2:24
  17. Cross-reference Egz 20:13
  18. Cross-reference Jen 4:15
  19. Cross-reference Jen 4:8
  20. Cross-reference Jen 3:9; Luc 3:38

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.