Bib Sen An
Jenèz 5
Sa se liv jenerasyon Adan yo.
Nan jou ke Bondye te kreye lòm, Li te fè l 1nan imaj Bondye. Li te kreye yo 2mal avèk femèl. Li te beni yo, e Li te rele yo Lòm. Sa vle di “Adam” nan jou ke yo te kreye a.
Lè Adam te gen tan fin viv san-trant ane, li te vin papa a yon fis ki sanble nèt ak li, nan pwòp imaj pa l. Li te rele li Seth. Laj a Adam, lè l te fin fè Seth, se te uit-san ane, e li te gen lòt fis ak fi. Paske tout jou ke Adam te viv yo te nèf-san-trant ane. Konsa, li te vin mouri.
Seth te viv san-senkant ane, e li te vin papa Énosch. Alò, Seth te viv uit-san-sèt ane apre li te vin papa Énosch, e li te gen lòt fis ak fi. Paske tout jou a Seth yo te nèf-san-douz ane, e li te vin mouri.
Énosch te viv katre-ven-dis ane, e li te vin papa a Kénan. Epi Énosch te viv uit-san-kenz ane apre li te vin papa a Kénan, e li te fè lòt fis ak lòt fi. Alò, tout jou a Énosch yo te nèf-san-senk ane, e li te vin mouri.
Kénan te viv pandan swasann-dis ane, e li te vin papa a Mahalaléel. Epi Kénan te viv uit-san-karant ane lè li te fin fè Mahalaléel, e li te gen lòt fis ak lòt fi. Alò, tout jou a Kénan yo te nèf-san-dis ane, e li te mouri.
Mahalaléel te viv swasant senk ane, e li te vin papa Jred. Epi Mahalaléel te viv ui-san-trant ane apre li te vin papa Jred, e li te gen lòt fis ak fi. Alò, tout jou a Mahalaléel yo te ui-san-katre-ven-kenz ane, e li te vin mouri.
Jred te viv san-swasann-de ane, e li te vin papa Hénoc. Alò, Jred te viv ui-san ane apre li te vin papa Hénoc, e li te gen lòt fis ak lòt fi. Paske, tout jou a Jred yo te nèf-san-swasann-de ane, e li te vin mouri.
Hénoc te viv swasann-senk ane, e li te vin papa Methuschélah. Alò, Hénoc te 3mache ansanm avèk Bondye pandan twa san ane apre li te vin papa a Methuschélah, e li te gen lòt fis ak fi. Paske tout jou Hénoc yo te twa-san-swasant-senk ane. Hénoc te mache avèk Bondye; e li pa t la ankò, paske Bondye te 4pran l.
Methuschélah te viv pandan san-katre-ven-sèt ane, e li te vin papa a Lémec. Alò Methuschélah te viv sèt san katreven de ane apre li te vin papa a Lémec, e li te gen lòt fis ak fi. Jou Methuschélah yo te nèf-san-swasant nèf ane, e li te vin mouri.
Lémec te viv san-katre-ven-de ane, e li te vin papa a yon fis. Alò, li te rele non li Noé, e li te di: “Sila a va bannou repo sou travay di nou fè ak men nou ki leve sòti nan 5tè ke SENYÈ a te modi a.” Alò, Lémec te viv senk-san-katre-ven-kenz ane apre li te vin fè Noé, e li te gen lòt fis ak fi. Paske tout jou a Lémec yo te sèt-san-swasann-dis-sèt ane, e li te vin mouri.
Noé te gen laj 6senk-san ane, e li te vin papa a Sem, Cham, ak Japhet.
Source notes (6)
- Cross-reference Jen 1:26-27
- Cross-reference Mat 19:4
- Cross-reference Mi 6:8
- Cross-reference II Wa 2:10
- Cross-reference Jen 3:17-19
- Cross-reference Jen 7:6
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.