Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ézéchiel 32

Nan 1douzyèm ane, nan douzyèm mwa, nan premye nan mwa a, “pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: ‘Fis a lòm, leve fè lamantasyon sou Farawon, wa Égypte la. Di li:

“Ou te konpare tèt ou ak yon jenn 2lyon nasyon yo;

sepandan, ou tankou yon gwo bèt sovaj lanmè a.

Ou pete vin parèt nan rivyè ou yo.

Ou te fè labou vin leve ak pye ou yo,

e te fè larivyè pa yo vin sal nèt.”

Konsa pale Senyè BONDYE a:

“Koulye a, Mwen va 3ouvri filè Mwen sou ou

avèk konpanyen a anpil moun,

e nan filè Mwen an, yo va fè ou leve.

Mwen va kite ou sou latè.

Mwen va jete ou sou chan ouvri,

epi Mwen va fè tout 4zwazo syèl yo poze sou ou.

Mwen va fè tout bèt sou latè yo vin satisfè sou ou.

Mwen va lage chè ou 5sou mòn yo,

e Mwen va plen vale yo ak kadav ou yo.

Anplis, Mwen va fè tè a bwè san ou.

L ap rive jis nan mòn yo. 6

Kous dlo yo va vin plen ak ou.

Konsa, lè M 7etenn ou, Mwen va kouvri syèl yo

e fè zetwal yo fènwa.

Mwen va kouvri solèy la ak yon nwaj,

e lalin nan p ap bay limyè.

Tout 8limyè k ap briye nan syèl la,

Mwen va fè yo vin nwa sou ou, e

va mete fènwa sou peyi ou a,”

deklare Senyè BONDYE a.

“Anplis, Mwen va twouble kè a anpil nasyon,

lè Mwen 9mennen destriksyon ou pami nasyon yo,

jis rive nan peyi ke ou pa t janm konnen.

Mwen va fè anpil pèp vin 10etone sezi de ou,

e wa yo va tèlman gen gwo laperèz pou ou,

lè M fè nepe M parèt devan yo akoz ou menm.

Yo va tranble tout tan,

chak moun pou pwòp lavi li,

nan jou ke ou tonbe a.”

Paske konsa pale Senyè BONDYE a:

“Nepe a wa Babylone nan va vini sou ou.

Pa nepe a pwisan yo,

Mwen va fè gwo foul lame ou yo tonbe.

Yo tout se 11chèf sovaj pami nasyon yo.

Yo va devaste ògèy Égypte la,

e tout gwo foul lame li yo va detwi.

Anplis, Mwen va detwi tout bèt

ki rete bò kote anpil dlo li yo.

Pye moun p ap gaye labou ankò,

ni zago a bèt p ap gaye labou ankò.

Konsa, Mwen va fè dlo yo vin kalm

e fè rivyè yo vin kouri kon lwil,”

deklare Senyè BONDYE a.

“Lè Mwen fè peyi Égypte vin yon 12dezolasyon,

e peyi a vin pèdi tout sa ki te fè l plen yo,

lè M frape tout sila ki rete ladann yo,

alò, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.

“‘“Sa se yon 13lamantasyon. Ak li menm, y ap fè dèy. Fi a nasyon yo va chante li. Sou Égypte ak sou tout gwo foul lame li yo, yo va chante li”, deklare Senyè BONDYE a.’”

Nan 14douzyèm ane, nan kenz nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: “Fis a lòm, rele anmwey pou gwo foul a Égypte yo. 15Desann yo menm ak fi a nasyon pwisan yo, jis rive nan pwofondè tè a, ansanm avèk sila ki desann nan twou fòs yo. ‘Se ki moun ou depase nan bèlte? Desann, fè kabann ou ak 16ensikonsi yo.’ Yo va tonbe nan mitan sila ki touye pa nepe yo. Fi a vin livre pou nepe a. Fè l 17rale soti ak tout gwo foul li yo. Pi gran pami pwisan yo va pale ak li nan mitan sejou mò yo ansanm ak sila ki t ap ede li yo. ‘Yo fin desann, yo kouche san fè mouvman, ensikonsi yo, touye pa nepe yo.’ 18

“Assyrie, li la, ak tout konpanyen li yo. Tonbo li yo antoure li. Yo tout touye, tonbe pa nepe, 19tonbo a sila ki plase nan pati pi izole twou fòs la. Epi konpanyen li yo antoure tonbo li. Yo tout te touye, tonbe akoz nepe a; tout sila ki te fè gwo laperèz gaye nan peyi moun vivan yo. 20

“Élam la ak tout gwo foul li yo ki antoure tonbo li a. Yo tout mouri, tonbe pa nepe, e te desann ensikonsi nan pati piba latè yo; sila ki te kreye gwo laperèz nan tout peyi moun vivan yo, e te pote wont yo, ansanm avèk sila ki te desann nan twou fòs yo. Yo fè 21kabann Elam nan pami sila ki touye ak tout gwo foul li yo. Tonbo yo antoure li. Yo tout se ensikonsi, touye pa nepe. Paske se gwo laperèz yo te kreye nan peyi moun vivan yo, e konsa,yo te pote wont yo avèk sila ki desann nan twou fòs yo. Yo rive nan mitan sila ki te touye yo.

“Méschec 22Tubal, ak tout gwo foul yo la. Tonbo yo antoure yo. Yo tout se ensikonsi, touye pa nepe. Paske se gwo laperèz yo te kreye nan peyi moun vivan yo. 23Ni yo p ap kouche akote chèf pwisan a ensikonsi yo, sila ki te desann nan sejou mò yo ak zam lagè yo, ak nepe yo byen plase anba tèt yo. Men inikite yo te rete menm sou zo yo; sepandan, se pi pwisan yo te teworize nan peyi moun vivan yo.

“Men nan mitan ensikonsi a, ou va vin kraze, e kouche avèk sila ki te touye pa nepe yo.

“La tou, gen 24Édom, wa li ak tout prens li yo, ki malgre tout pwisans yo, vin kouche avèk sila ki te touye pa nepe yo. Yo va kouche avèk ensikonsi yo e avèk sila ki desann nan twou fòs yo.

“La tou, gen chèf 25nan nò yo, yo tout ak tout Sidonyen yo. Malgre tout gwo laperèz yo te kreye akoz pwisans yo, nan wont, yo te desann avèk sila ki te touye yo. Konsa, yo te kouche ensikonsi avèk sila ki te touye pa nepe yo, e te pote gwo wont yo avèk lòt yo ki desann nan twou fòs yo.

“Sa yo, Farawon va wè e li va twouve 26konsolasyon pou tout gwo foul li yo ki te touye pa nepe yo, menm Farawon ak tout lame li a,” deklare Senyè BONDYE a. Sepandan, Mwen te mete gwo laperèz li nan peyi moun vivan yo. Malgre sa, li va kouche ak ensikonsi yo, avèk sila ki te touye pa nepe yo, menm Farawon ak tout gwo lame li yo”, deklare Senyè BONDYE a.

Source notes (26)
  1. Cross-reference Éz 30:20
  2. Cross-reference Jr 4:7
  3. Cross-reference Éz 12:13
  4. Cross-reference És 18:6
  5. Cross-reference Éz 31:12
  6. Cross-reference Egz 7:17
  7. Cross-reference Job 18:5-6
  8. Cross-reference Jen 1:14
  9. Cross-reference Egz 15:14-16
  10. Cross-reference Éz 27:35
  11. Cross-reference Éz 28:7
  12. Cross-reference Sòm 107:33-34
  13. Cross-reference II Sam 1:17
  14. Cross-reference Éz 31:1
  15. Cross-reference Jr 1:10
  16. Cross-reference Jr 9:25-26
  17. Cross-reference Sòm 28:3
  18. Cross-reference Éz 27:23
  19. Cross-reference És 14:15
  20. Cross-reference Jen 10:22
  21. Cross-reference Sòm 139:8
  22. Cross-reference Jen 10:2
  23. Cross-reference És 14:18-19
  24. Cross-reference És 34:5-15
  25. Cross-reference Jr 1:15
  26. Cross-reference Éz 14:22

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.