Bib Sen An
Ézéchiel 31
Nan 1onzyèm ane, nan twazyèm mwa, nan premye nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: “Fis a lòm, pale a Farawon, wa Égypte la, ak gwo foul lame li yo:
‘Ak kilès ou sanble nan grandè ou?
Gade byen, Assyrie te yon pye 2sèd nan Liban.
Branch li yo te bèl nan lonbraj forè a, e byen wo.
Tèt li te rive pami nwaj yo. 3
Dlo te fè l grandi, pwofondè te fè li wo.
Ak rivyè li yo, li te tout tan ap vin elaji lizyè li toupatou.
Li te voye kanal li yo nan tout pyebwa chan yo.
Akoz sa, 4wotè li te piwo ke tout pyebwa chan yo,
e branch li yo te vin anpil e byen long
akoz anpil dlo ki te fè l gaye yo.
Tout 5zwazo syèl yo te fè nich nan branch li yo.
Anba branch sila yo, tout bèt chan yo te vin fè pitit.
Tout gran nasyon yo te vin rete anba lonbraj li.
Konsa, li te bèl nan grandè li, nan longè branch li yo;
paske rasin li te lonje rive kote anpil dlo.
Pye sèd nan jaden 6Bondye yo pa t ka egal ak li.
Pye sipre yo pa t ka gen branch tankou l,
ni pa t gen lòt bwa ki konpare ak branch li yo.
Menm bwa pen an pa t gen branch kon li.
Pa t gen pyebwa nan jaden Bondye yo
ki ta ka parèy li nan bèlte.
Mwen te fè l bèl ak fòs kantite branch li yo,
e tout pyebwa 7Éden yo te jalou devan l.’
“Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz li byenwo nan wotè l, te mete tèt li rive pami nwaj yo, e 8kè l te awogan nan wotè li, pou sa, Mwen va livre li nan men a 9pi pwisan a nasyon yo. Li va regle sa nèt. Selon mechanste li, konsa Mwen te chase li. 10Etranje yo, pi pwisan a nasyon yo, te koupe li a tè e te kite li. Sou mòn yo e nan tout vale yo, branch li yo te vin tonbe, e gwo branch li yo te vin kase nan tout ravin peyi yo. Konsa, tout pèp sou latè yo te desann kite lonbraj li e te menm kite li. Nan gwo dega li yo, tout 11zwazo syèl yo va vin demere e tout bèt chan yo va sou branch pa l ki tonbe, pou tout pyebwa akote dlo yo pa ka vin leve tèt yo wo nan wotè yo. Pwisan pa yo p ap mete tèt yo pami nwaj yo, menm sa yo akote sous dlo yo pa ka kanpe dwat nan wotè yo. Paske yo tout te livre a lanmò, pou rive 12anba tè pami fis a lòm yo, ak sila ki desann nan twou fòs yo.’
“Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Nan jou ke li te desann nan sejou mò yo, Mwen te 13koze lamantasyon. Mwen te fèmen pwofondè a sou li epi te bouche rivyè li yo. Epi anpil dlo li yo Mwen te vin bouche nèt. Mwen te fè Liban kriye ak gwo doulè pou li e tout pyebwa nan chan yo te vin fennen akoz li. Mwen te fè tout nasyon yo 14tranble nan son a chit li a, lè M t ap fè l desann nan sejou mò yo ak sila ki desann nan twou fòs yo. Tout pyebwa byen wouze Liban yo, pi byen chwazi ak pi meyè a Liban yo, te vin rekonfòte anba tè. Yo menm tou 15te desann avè l nan sejou mò yo akote sila ki te touye pa nepe yo. Epi sila ki te fòs li yo, te rete anba lonbraj li pami nasyon yo.
“‘A kilès nan pyebwa Éden yo ou egal konsa nan glwa ak grandè? Malgre sa, ou va vin desann ak pyebwa Éden yo jis rive anba tè. Ou va vin kouche nan mitan ensikonsi yo, avèk sila ki te touye pa nepe yo. 16
“‘Se konsa Farawon va ye ak tout gwo foul lame li yo!” deklare Senyè BONDYE a.”
Source notes (16)
- Cross-reference Jr 52:5-6
- Cross-reference És 10:33-34
- Cross-reference Éz 17:5-8
- Cross-reference Dan 4:11
- Cross-reference Éz 17:23
- Cross-reference Jen 2:8-9
- Cross-reference Jen 2:8-9
- Cross-reference II Kwo 32:25
- Cross-reference Éz 30:10-11
- Cross-reference Éz 7:21
- Cross-reference És 18:6
- Cross-reference Nonb 16:30-33
- Cross-reference Éz 32:7
- Cross-reference Éz 26:15
- Cross-reference Sòm 9:17
- Cross-reference Sòm 52:7
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.