Bib Sen An
Ézéchiel 11
Anplis, 1Lespri a te leve m monte e te mennen mwen nan pòtay lès lakay SENYÈ a ki te anfas vè lès. Epi gade byen, venn-senk mesye nan antre pòtay la e pami yo, mwen te wè Jaazania, fis a Azzur la ak Pelathia, fis a Benaja a, chèf a pèp yo. Li te di mwen: “Fis a lòm, sila yo se mesye yo ki fè plan inikite e ki 2bay move konsèy nan vil sa a, k ap di: ‘Tan pou bati kay yo pa pwòch. 3Vil sa a se chodyè a e nou se chè a.’ Akoz sa, 4pwofetize kont yo, fis a lòm. Se pou ou pwofetize!”
Lespri SENYÈ a te tonbe sou mwen e Li te di mwen: “Pale konsa, ‘Konsa pale SENYÈ a: “Konsa ou reflechi, o lakay Israël, paske 5Mwen konnen panse nou yo. Nou te 6miltipliye moun ki touye yo nan vil sa a, e plen ri yo nèt avèk yo.”
“‘Pou sa, pale Senyè BONDYE a: 7“Moun touye nou yo ke nou te fè kouche nan mitan vil la, se chè a, e vil la se chodyè a; men nou va mennen sòti ladann. Nou te 8pè yon nepe. Pou sa, mwen va mennen yon nepe rive sou nou,” deklare Senyè BONDYE a. “Epi Mwen va mennen nou sòti nan mitan vil la. Mwen va delivre nou nan men a etranje yo, e 9egzekite jijman kont nou. Nou va 10tonbe pa nepe. Mwen va jije nou jis rive nan lizyè Israël la. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Vil la p ap yon 11chodyè pou nou, ni nou p ap chè nan mitan l. Men Mwen va jije nou jis rive nan lizyè Israël la. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, paske nou pa t mache nan règleman Mwen yo. Ni nou pa t 12swiv lalwa Mwen yo, men nou te aji selon lalwa a nasyon sila ki antoure nou yo.”’”
Alò, li te vin rive ke pandan mwen t ap pwofetize a, ke 13Pelathia, fis a Benaja a, te mouri. Epi mwen te tonbe sou figi mwen, mwen te kriye fò ak yon gwo vwa e mwen te di: “Anmwey, Senyè BONDYE! Èske Ou va mennen retay Israël la pou fin detwi nèt?” Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: “Fis a lòm, frè ou yo, fanmi ou yo, egzile parèy ou yo ak tout lakay Israël la, yo tout, se moun a sila abitan Jérusalem yo te di: ‘Ale lwen SENYÈ a; peyi sa a te bay a 14nou kon posesyon.’”
“Akoz sa, ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Byenke mwen te deplase yo byen lwen pami nasyon yo e byenke mwen te gaye yo pami peyi yo, malgre mwen va yon 15abri pou yo pou yon ti tan nan peyi kote yo rive yo.”’
“Akoz sa, ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va 16ranmase nou soti nan pèp yo, Mwen va rasanble nou sòti nan peyi pami sila nou te gaye yo, e Mwen va bannou peyi Israël la.”
“‘Lè yo vini la, yo va 17retire tout bagay abominab li yo ak tout abominasyon li yo sòti ladann. Konsa, Mwen va bay yo yon sèl kè e Mwen va mete yon lespri nèf anndan yo. Epi Mwen va retire 18kè wòch ki nan chè yo a, e Mwen va bay yo yon kè ki fèt ak chè, pou yo ka 19mache nan règleman Mwen yo e kenbe lalwa Mwen yo pou fè yo. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo. Men pou sila ak kè k ap swiv bagay abominab yo ak abominasyon yo, Mwen va 20mennen kondwit yo desann sou tèt yo,” deklare “Senyè BONDYE a.”
Epi cheriben yo te 21leve zèl yo ak wou akote yo e glwa a Bondye Israël la te vin pann sou yo. 22Glwa SENYÈ a te monte soti nan mitan vil la e te kanpe anwo mòn ki nan pati lès vil la. Epi Lespri a te fè m leve e te mennen mwen nan yon vizyon pa Lespri Bondye a, bò kote egzile Chaldée yo.
Se konsa vizyon mwen te wè a, te 23kite mwen. Epi mwen te 24di egzile yo tout bagay ke SENYÈ a te montre mwen.
Source notes (24)
- Cross-reference Éz 3:12-14
- Cross-reference Sòm 2:1
- Cross-reference Jr 1:13
- Cross-reference Éz 3:4-17
- Cross-reference Jr 11:20
- Cross-reference És 1:15
- Cross-reference Éz 24:3-13
- Cross-reference Pwov 10:24
- Cross-reference Éz 5:8
- Cross-reference Jr 52:9-10
- Cross-reference Éz 11:3-7
- Cross-reference Éz 18:8-9
- Cross-reference Éz 11:1
- Cross-reference Éz 33:24
- Cross-reference Sòm 31:20
- Cross-reference És 11:11-16
- Cross-reference Éz 37:23
- Cross-reference Za 7:12
- Cross-reference Sòm 105:45
- Cross-reference Éz 9:10
- Cross-reference Éz 10:19
- Cross-reference Éz 8:4
- Cross-reference Trav 10:16
- Cross-reference Éz 2:7
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.