Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ézéchiel 10

Answit, mwen te gade e vwala, nan 1gran espas ouvri ki te sou tèt a cheriben yo, yon bagay tankou yon wòch safì ki pa aparans, te sanble yon twòn ki te parèt anlè yo. Li te pale ak nonm abiye an len an e te di: “Antre nan mitan 2wou k ap vire vit fè wonn anba cheriben an, plen men nou ak chabon tou limen ki antre cheriben yo e gaye yo toupatou nan vil la.”

Konsa, li te antre pou m te ka wè l. Alò, cheriben yo te kanpe bò dwat a tanp lan lè nonm nan te antre ladann nan e nwaj la te plen 3lakou enteryè a. Epi 4glwa a SENYÈ a te leve monte soti nan cheriben yo, jis rive nan papòt tanp lan. Tanp lan te plen ak nwaj la e lakou a te plen ak ekla a glwa SENYÈ a. Anplis, bri a zèl cheriben yo te vin tande jis rive nan lakou eksteyè a, tankou 5vwa SENYÈ Pwisan an lè L pale.

Li te vin rive lè Li te kòmande nonm abiye an len an e te di: “Pran dife soti nan mitan wou k ap vire vit fè wonn yo, soti antre cheriben yo”. Epi li te antre e te kanpe akote yon wou. Konsa, cheriben an te lonje men l soti antre cheriben kote dife ki te antre cheriben yo, pran ladann pou mete nan men a sila ki te abiye an len an, ki te pran l e te sòti deyò. Fòm men a yon moun te parèt isit nan cheriben ki anba zèl yo.

Alò, mwen te gade e vwala, 6kat wou akote cheriben yo, yon wou akote chak cheriben. Aparans a wou yo te tankou ekla a pyè krizolit. Selon aparans yo, toule kat te sanble menm jan, konsi se te yon wou ki te anndan yon lòt wou. Lè yo te deplase yo, yo te ale 7nan kat direksyon pa yo, san vire pandan yo t ap prale a. Yo te toujou swiv direksyon kote yo te fikse a, san vire pandan yo t ap prale a. Tout 8kò yo, do yo, men yo, zèl yo e wou yo te plen zye toutotou, wou ki t ap sèvi pou toule kat yo. Wou yo te rele nan zòrèy mwen, kon wou toubiyon. Yo chak te gen kat figi. Premye figi a te figi a yon cheriben, dezyèm figi a te figi a yon nonm, twazyèm figi a te figi yon lyon e katriyèm figi a te figi a yon èg.

Konsa, cheriben yo te leve monte. Yo se 9kreyati vivan ke m te wè akote rivyè Kebar a. Lè cheriben yo te deplase, wou yo ta ale bò kote yo; anplis, lè cheriben yo te leve zèl yo pou leve atè a, wou yo pa t vire pou kite bò kote yo. Lè cheriben yo te 10kanpe an plas, wou yo ta kanpe an plas. Lè yo te leve, wou yo ta leve avèk yo, paske lespri a kreyati vivan an te nan yo.

Epi glwa SENYÈ a te kite papòt tanp lan, e te kanpe 11anwo cheriben yo. Lè 12cheriben yo te pati, yo te leve zèl yo pou te monte leve kite tè a devan zye m avèk wou yo bò kote yo. Konsa, yo te kanpe dyanm nan antre a pòtay lès lakay SENYÈ a; e glwa a Bondye Israël la te tann sou yo.

Sa yo se 13kreyati vivan ke m te wè anba Bondye Israël la akote rivyè Kebar a; konsa, mwen te konnen ke se cheriben yo te ye. 14Chak te gen kat figi, chak te gen kat zèl, e anba zèl yo, se te fòm men moun. Selon sa figi yo te sanble, yo te gen menm figi yo aparans ke mwen te wè akote rivyè Kebar a. Yo chak te ale tou dwat devan.

Source notes (14)
  1. Cross-reference Éz 1:22-26
  2. Cross-reference Éz 1:15-21
  3. Cross-reference Éz 8:3-16
  4. Cross-reference Éz 9:3
  5. Cross-reference Job 40:9
  6. Cross-reference Éz 1:15-17
  7. Cross-reference Éz 1:17
  8. Cross-reference Rev 4:6-8
  9. Cross-reference Éz 1:3-5
  10. Cross-reference Éz 1:21
  11. Cross-reference Sòm 18:10
  12. Cross-reference Éz 11:22
  13. Cross-reference Éz 1:5-26
  14. Cross-reference Éz 1:6-8

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.