Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Egzòd 8

Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Ale kote Farawon e di li: ‘Konsa pale SENYÈ a:1 Kite pèp Mwen an ale pou yo kab sèvi Mwen. Men si ou refize kite yo ale, m ap frape tout tèritwa ou a avèk krapo. Nil lan va 2fòmante avèk krapo ki vin monte antre lakay ou, nan chanm dòmi ou, sou kabann ou, nan kay a sèvitè ou, sou pèp ou a, nan fou ou yo, ak nan veso pou fè pen yo. Epi krapo yo va monte sou ou menm, avèk pèp ou a, avèk sèvitè ou yo.’”

Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Pale Aaron: ‘Lonje men ou avèk baton ou an sou rivyè yo, sou dlo k ap koule yo, sou ti lak yo, e fè krapo yo vin parèt sou peyi Égypte la.’”

Konsa, Aaron te lonje men l sou dlo Égypte yo, e 3krapo te vin kouvri peyi Égypte la. 4Majisyen yo te fè menm bagay la avèk metye sekrè pa yo, e te fè krapo yo monte sou peyi Égypte la.

Alò, Farawon te rele Moïse avèk Aaron e te di: “Soupliye SENYÈ a pou Li retire krapo yo sou mwen, ak pèp mwen an, epi mwen va kite pèp la ale pou yo kapab fè sakrifis a SENYÈ a.”

Moïse te di a Farawon: “Desizyon an se pa w: fè m konnen kilè ou ta vle m soupliye pou ou avèk sèvitè ou yo, avèk pèp ou a ke krapo sa yo vin detwi pami nou, ak lakay nou, pou yo kapab vin rete sèlman nan larivyè Nil lan.”

Alò li te reponn: “Demen”.

Moïse te di: “Selon mo pa w, pou ou kapab konnen ke 5nanpwen anyen ki tankou SENYÈ a, Bondye nou an, 6Krapo yo va pati kite nou, lakay nou yo ak sèvitè nou yo, ak pèp nou an'. Yo va vin rete sèlman nan larivyè Nil lan.”

Konsa, Moïse avèk Aaron te sòti devan Farawon, e 7Moïse te kriye a SENYÈ a, konsènan krapo yo avèk sila li te aflije Farawon yo. SENYÈ a te fè selon pawòl Moïse la. Krapo yo te mouri nan kay yo, nan lakou yo, ak nan chan yo. Yo te fè gwo pil avèk yo, e peyi a te vin santi pouriti. Men lè Farawon te vin wè sa te rezoud, li te fè kè di, e li 8pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.

Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pale Aaron: ‘Lonje baton ou an e frape pousyè tè a, pou li kapab devni ti mouch fen nan tout vale an Égypte yo.’”

Yo te fè sa; Aaron te lonje men l avèk baton li an, li te frape pousyè tè a, e te vin gen 9 ti mouch fen sou moun, ak sou bèt yo. Tout pousyè tè a te devni ti mouch nan tout peyi Égypte la. Majisyen yo te eseye avèk metye maji pa yo pou pwodwi ti mouch fen yo, 10men yo pa t kapab.

Te gen ti mouch yo ni sou moun, ni sou bèt.

Alò, majisyen yo te di a Farawon: 11 “Sa se dwat Bondye.” Men kè Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.

Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “12Leve granmmaten, e prezante ou devan Farawon, pandan l ap sòti nan dlo a, e di li: ‘Se konsa ke SENYÈ a pale: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.’” “Paske si ou pa kite pèp Mwen an ale, gade byen, Mwen va voye desann gwo mouch sou sèvitè ou yo, sou pèp ou a, ak anndan lakay ou yo. Kay Ejipsyen yo va vin ranpli avèk desant mouch, ak sou tè kote yo ap viv la. 13

“Nan jou sa a, Mwen va mete apa peyi Gosen, kote pèp Mwen an ap viv la, pou desant mouch yo pa rive la, pou ou ka konnen ke Mwen, SENYÈ a sou latè a. Mwen va mete yon divizyon antre pèp Mwen an ak pèp pa w la. Demen sign sa a va parèt.”

Alò SENYÈ a te fè sa. Te vini gran desant gwo mouch nan kay Farawon an ak kay sèvitè pa li yo, e peyi a te vin 14devaste akoz desant gwo mouch yo nan tout peyi Égypte la.

Farawon te rele Moïse avèk Aaron. Li te di: “15Ale fè sakrifis a Bondye nou an pa anndan peyi a.”

Men Moïse te di: “Li pa bon pou nou fè sa, paske nou va fè sakrifis a SENYÈ a ki se 16yon abominasyon pou Ejipsyen yo. Si nou fè sakrifis ki se yon abominasyon pou Ejipsyen yo, èske yo p ap lapide nou avèk kout wòch? Nou dwe fè yon vwayaj 17twa jou nan dezè a, pou fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an, jan Li kòmande nou an.”

Farawon te di: “M ap kite nou ale, pou nou kapab fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye pa w la nan dezè a; men nou p ap prale lwen. 18Priye pou Mwen.”

Alò, Moïse te di: “Gade byen, Mwen ap sòti devan ou, mwen va priye a SENYÈ a pou desant mouch yo sòti sou Farawon, sou sèvitè li yo, ak sou pèp li a demen; men pinga kite Farawon 19aji an desepsyon ankò pou refize kite pèp la ale pou fè sakrifis a SENYÈ a.”

Alò, 20Moïse te sòti devan Farawon, e li te priye a SENYÈ a. SENYÈ a te fè jan Moïse te mande a, Li te fè desant gwo mouch yo vin disparèt sou Farawon, sou sèvitè li yo, ak sou pèp li a. Pa t gen youn ki te rete. Men Farawon te andisi kè l fwa sa a ankò, e 21li pa t kite pèp la ale.

Source notes (21)
  1. Cross-reference Egz 3:18
  2. Cross-reference Sòm 105:30
  3. Cross-reference Sòm 78:45
  4. Cross-reference Egz 7:11,22
  5. Cross-reference Egz 9:14
  6. Cross-reference Egz 8:13
  7. Cross-reference Egz 8:30
  8. Cross-reference Egz 7:4
  9. Cross-reference Sòm 105:31
  10. Cross-reference Egz 7:11,12
  11. Cross-reference Sòm 8:3
  12. Cross-reference Egz 7:15
  13. Cross-reference Egz 9:4,6,24
  14. Cross-reference Sòm 78:45
  15. Cross-reference Egz 9:28
  16. Cross-reference Jen 43:32
  17. Cross-reference Egz 3:18
  18. Cross-reference Egz 8:8
  19. Cross-reference Egz 8:8,15
  20. Cross-reference Egz 8:12
  21. Cross-reference Egz 4:21

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.