Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Egzòd 7

SENYÈ a te di a Moïse: 1“Ou wè, Mwen fè ou vin tankou Bondye devan Farawon; epi frè ou a Aaron va pwofèt ou. Ou va pale tout sa ke mwen te kòmande ou yo. E frè ou a, 2Aaron va pale avèk Farawon pou li kite fis Israël yo ale sòti nan peyi li a.

“Mwen va fè kè Farawon vin di, e mwen va miltipliye sign ak mèvèy mwen yo nan peyi Égypte la. Men Farawon an 3 p ap koute ou, epi konsa Mwen va mete men M sou Égypte. Mwen va mennen lame Mwen yo, pèp Mwen an, fis Israël yo, pou soti deyò peyi Égypte la avèk gwo jijman yo.

“Ejipsyen yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a lè mwen 4lonje men M sou Égypte, e fè fis Israël yo sòti nan mitan yo.”

Alò, Moïse avèk Aaron te fè 5jan SENYÈ a te mande yo a; se te konsa yo te Fè l.

Moïse te gen 6katre-ven lane, e Aaron katre-ven-twa, lè yo te pale ak Farawon an.

Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron e te di: “Lè Farawon pale nou pou di: ‘Fè yon mirak,’ alò nou va di a Aaron: 7Pran baton nou an e jete li atè devan Farawon, pou li kapab vin fè yon sèpan.”

Alò, Moïse avèk Aaron te vin vè Farawon, epi konsa yo te fè jis jan ke SENYÈ a te kòmande yo a. Aaron te jete baton li an atè devan Farawon avèk sèvitè li yo, epi li te 8devni yon sèpan.

Farawon osi te rele nonm saj avèk sa ki fè maji yo. Konsa, yo menm te fè menm bagay la tou. 9Majisyen nan Égypte yo te fè menm bagay avèk metye sekrè ak wanga pa yo. Paske yo chak te jete baton yo atè, e chak te vin fè yon sèpan. Men baton Aaron an te vale lòt baton yo nèt.

Men 10kè Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.

SENYÈ a te di a Moïse: “Kè a Farawon di; li refize kite pèp la ale. Ale kote Farawon nan maten. Gade byen, 11l ap antre nan dlo. Plase ou menm pou rankontre li arebò lariviyè Nil lan. Ou va pran nan men ou baton ki te vin tounen sèpan an. Ou va di li: ‘SENYÈ a, Bondye a Ebre yo, te voye m kote ou. Li te di: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen nan dezè a. Men, gade byen, ou pa koute jiska prezan.’”

Konsa pale SENYÈ a: “Konsa ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a: gade byen, Mwen va frape dlo ki nan Nil lan avèk baton ki nan men m nan, e 12li va tounen san. 13Pwason ki nan Nil yo va mouri, Nil lan va vin santi move, e Ejipsyen yo 14va twouve ke li difisil pou bwè dlo Nil lan.”

Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Di Aaron: ‘Pran baton ou an, e 15lonje men ou sou dlo Égypte yo, sou rivyè yo, sou ti dlo ki koule yo, sou ti lak yo, sou rezèvwa pa yo, pou tout kapab vin tounen san. Va gen san toupatou nan tout peyi Égypte la, ni nan veso ki fèt an bwa, ak nan veso an wòch.’”

Moïse avèk Aaron te fè sa ke SENYÈ a te kòmande yo a. Li te leve baton an wo e li te frape dlo ki te nan Nil lan, devan zye a Farawon, devan zye a sèvitè li yo, e 16tout dlo ki te nan Nil lan te vin tounen san. Pwason ki te nan Nil yo te mouri, e Nil lan te vin pouri jiskaske Ejipsyen yo pa t kapab bwè dlo Nil lan. Konsa, san an te toupatou nan peyi Égypte la. 17

Men majisyen an Égypte yo te fè menm bagay la avèk metye maji pa yo. Pou sa a, kè a Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan Bondye te di a.

Alò, Farawon te vire antre lakay li. Li pa t pran sa akè. Tout Ejipsyen yo te fouye akote larivyè Nil lan pou jwenn dlo pou yo bwè, akoz ke yo pa t kab bwè dlo larivyè Nil lan.

Sèt Jou te pase apre SENYÈ a te frape Nil lan.

Source notes (17)
  1. Cross-reference Egz 4:16
  2. Cross-reference Egz 4:15
  3. Cross-reference Egz 3:19,20
  4. Cross-reference Egz 3:20
  5. Cross-reference Jen 6:22
  6. Cross-reference Det 29:5
  7. Cross-reference Egz 4:2,17
  8. Cross-reference Egz 4:3
  9. Cross-reference Dan 2:2
  10. Cross-reference Egz 4:21
  11. Cross-reference Egz 2:5
  12. Cross-reference Egz 4:9
  13. Cross-reference Egz 7:21
  14. Cross-reference Egz 7:24
  15. Cross-reference Egz 8:5,6,16
  16. Cross-reference Sòm 78:44
  17. Cross-reference Egz 7:11

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.