Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Egzòd 33

Alò SENYÈ a te pale ak Moïse: “Pati, ale monte soti isit la, ou menm avèk pèp ke ou te mennen monte sòti nan peyi Égypte la, vè yon peyi ke 1Mwen te sèmante a Abraham, Isaac, e a Jacob lè M te di yo: 2‘A desandan nou yo Mwen va bay li.’ Mwen va voye yon zanj devan ou, e Mwen va 3mete Kananeyen yo deyò, Amoreyen yo, Evetyen yo, Ferezyen yo, Etyen yo, ak Jebizyen yo. Monte vè yon peyi ki koule lèt ak siwo myèl; men Mwen p ap monte nan mitan nou, pwiske nou se yon 4pèp tèt di, e Mwen ta kapab petèt detwi nou nan chemen an.”

Lè pèp la te tande pawòl tris sa yo, yo te antre nan 5gwo doulè, e pèsòn pa t abiye avèk òneman yo. Paske SENYÈ a te di a Moïse: “Di a fis Israël yo: ‘Nou se 6yon pèp tèt di; si M ta monte nan mitan nou pandan yon moman, Mwen ta detwi nou. Koulye a, pou sa, retire òneman yo sou nou menm, pou M kapab konnen kisa ke M ta dwe fè avèk nou.’”

Konsa, soti Mòn Horeb pou rive pi lwen, fis Israël yo te retire tout òneman yo nèt sou yo menm.

Alò Moïse te abitye pran tant lan, li te monte li deyò kan an, yon bon distans a kan an, e li te rele li “Tant Reyinyon an”. Epi 7tout moun ki t ap chache SENYÈ a te konn ale nan tant reyinyon ki te deyò kan an.

Epi li te rive ke nenpòt lè ke Moïse te sòti deyò tant lan, ke tout pèp la ta leve kanpe, chak moun nan antre a tant pa yo a, e gade vè Moïse jiskaske li te vin retounen nan tant lan. Nenpòt lè Moïse te antre nan tant lan, 8pilye a nwaj la te konn desann e kanpe nan antre tant lan; 9epi SENYÈ a ta pale avèk Moïse.

Lè tout pèp la te wè pilye a nwaj la ki te kanpe nan antre tant lan, tout pèp la te leve adore, chak moun depi nan antre a tant pa li a. Konsa 10SENYÈ a te konn pale avèk Moïse fasafas, menm jan ke yon moun pale avèk zanmi li. Lè Moïse te retounen nan kan an, sèvitè li a, Josué, fis a Nun nan, yon jennonm, ta refize sòti nan mitan tant lan.

Alò, Moïse te di a SENYÈ a: “Ou wè, Ou di mwen, 11‘Monte avèk pèp sa a, men Ou menm ou pa kite m konnen kilès Ou va voye avèk mwen.’ 12Anplis, Ou te di m: ‘Mwen te konnen ou pa non Ou, e ou osi twouve favè nan zye M.’ Alò, pou sa, mwen priye Ou, si mwen twouve favè nan zye Ou, 13kite mwen konnen chemen pa Ou yo, pou m kapab konnen Ou, pou m kab jwenn favè nan zye Ou. Konsidere tou, ke nasyon sila a se pèp pa Ou.”

Konsa, Li te di: “14Prezans Mwen va ale avèk ou, e Mwen va bay ou repo.”

Epi Moïse te di Li: 15“Si prezans Ou p ap prale avèk nou, pa mennen nou monte isit la. Paske kijan pèp sa ka konnen ke mwen te twouve favè nan zye Ou, mwen avèk pèp Ou a? Èske se pa lè ou ale avèk nou, ke 16nou, mwen menm avèk pèp Ou a, kapab distenge pami tout lòt pèp ki rete sou fas tè a?”

SENYÈ a te di a Moïse: “Mwen va osi fè bagay sa ke ou te pale a; 17paske ou twouve favè nan zye M, e Mwen konnen ou pa non Ou.” 18

Konsa, Moïse te di: “Mwen priye Ou, montre m glwa Ou!”

Epi Li te reponn li: 19“Mwen menm va fè tout bonte Mwen pase devan ou, e Mwen va pwoklame non SENYÈ a devan ou. Konsa, 20Mwen va fè gras a sa ke M vle fè gras yo, e Mwen va montre mizerikòd a sa ke M vle montre mizerikòd yo.”

Men Li te di: “Ou p ap kapab wè figi Mwen, 21paske okenn moun pa ka wè M pou l viv!”

SENYÈ a te di: “Gade byen, gen yon plas bò kote Mwen. 22Ou va kanpe la sou wòch la. Epi li va rive ke pandan glwa Mwen ap pase, Mwen va mete ou nan twou wòch la. E Mwen va 23kouvri ou avèk men M pou jiskaske M fin pase. Alò, Mwen va retire men M, e ou va wè do Mwen, men 24figi M p ap vizib.”

Source notes (24)
  1. Cross-reference Egz 32:13
  2. Cross-reference Jen 12:7
  3. Cross-reference Egz 23:27-31
  4. Cross-reference Egz 32:9
  5. Cross-reference Nonb 14:1-39
  6. Cross-reference Egz 33:3
  7. Cross-reference Egz 29:42
  8. Cross-reference Egz 13:21
  9. Cross-reference Sòm 99:7
  10. Cross-reference Nonb 12:8
  11. Cross-reference Egz 3:10
  12. Cross-reference Egz 33:17
  13. Cross-reference Sòm 25:4
  14. Cross-reference Det 4:37
  15. Cross-reference Sòm 80:3,7,19
  16. Cross-reference Lev 20:24,26
  17. Cross-reference Egz 33:12
  18. Cross-reference Egz 33:20-23
  19. Cross-reference Egz 34:6,7
  20. Cross-reference Wo 9:15
  21. Cross-reference És 6:5
  22. Cross-reference Sòm 18:2,46
  23. Cross-reference Sòm 91:1,4
  24. Cross-reference Egz 33:20

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.