Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Egzòd 32

Alò, lè pèp la te wè ke Moïse te fè reta sòti nan mòn nan, pèp la te rasanble vè Aaron e yo te di li: “Vini, 1fè pou nou yon dye ki va ale devan nou; pwiske, 2Moïse sila a, nonm ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, nou pa konnen sa ki rive li.”

Aaron te di yo: 3“Chire retire zanno lò ki nan zòrèy a Madanm nou yo, fis nou yo, ak fi nou yo, e pote yo ban mwen.” Epi tout pèp la te chire zanno lò ki te nan zòrèy pa yo. Yo te pote yo bay Aaron. Li te pran yo nan men yo; li te fè desen li avèk yon zouti pou grave, e li te 4fonn li pou fè yon jèn towo. Konsa yo te di: “Sa se dye pa ou, O Israël, ki te mennen ou sòti nan peyi Égypte la.”

Alò, lè Aaron te wè sa, li te bati yon lotèl devan li. Epi Aaron te fè yon pwoklamasyon e te di: “Demen va yon fèt pou SENYÈ a.” Epi nan jou ki te vini an, yo te leve bonè. Yo te ofri ofrann brile a, 5e yo te pote ofrann lapè yo. Konsa, pèp la te chita pou manje, pou bwè, e yo te leve pou jwe.

Alò SENYÈ a te pale ak Moïse e te di: “Desann koulye a, paske pèp ou a, ke ou te mennen monte nan peyi Égypte la, gen tan vin 6konwonpi. Yo vire byen vit kite chemen ke Mwen te pase lòd ba yo a. 7Yo fè pou yo menm yon jèn towo fonn, yo adore li, yo fè sakrifis bay li, e yo di: 8‘Sa se dye pa ou, O Israël, ki te mennen ou monte kite peyi Égypte la!’”

SENYÈ a te di a Moïse: “Mwen wè pèp sa, e gade byen, se 9yon pèp tèt di. Koulye a alò, 10kite Mwen sèl, pou kòlè Mwen kapab briye kont yo, e pou M kapab detwi yo; epi 11Mwen va fè nan ou menm yon gran nasyon.”

Men 12Moïse te priye SENYÈ a Bondye li a, e te di: “O SENYÈ poukisa kòlè ou briye kont pèp Ou a, ke Ou te fè sòti nan peyi Égypte la avèk gran pouvwa e avèk yon men pwisan an? Poukisa 13Ejipsyen yo ta dwe pale pou di: ‘Avèk mechanste Li te fè yo sòti, pou touye yo nan mòn yo e pou detwi yo sou fas tè a?’”

“Vire kite kòlè Ou k ap briye a, e vire kite ide Ou sou entansyon Ou, pou fè pèp Ou mal la. Sonje Abraham, Isaac, ak Israël, sèvitè ou yo, ke Ou te 14sèmante pa Ou menm, pou di yo: ‘Mwen va 15miltipliye desandan nou yo tankou zetwal nan syèl yo, e tout peyi ke M te pale yo, Mwen va bay a desandan nou yo, e yo va eritye li jis pou tout tan.’” 16

Konsa, SENYÈ a te chanje ide li sou mal ke Li te di Li t ap fè a pèp Li a. 17

Alò, Moïse te vire desann mòn nan avèk de tablèt temwayaj yo nan Men l; 18tablèt ki te ekri nan toude fas yo. Tablèt yo se te zèv Bondye yo te ye. Ekriti a se te ekriti Bondye menm ki grave sou tablèt yo. Alò, lè Josué te tande bwi a pèp la pandan yo t ap rele fò, li te di Moïse: “Gen son lagè nan kan an”.

Men li te di yo: “Se pa son a yon kri viktwa, ni se pa son ke y ap pèdi batay; men se son chante ke m tande.” Li te vin rive ke depi Moïse te pwoche kan an, 19li te wè jèn towo a ak tout dans yo. Konsa, kòlè te briye nan Moïse. Li te jete tablèt ki te nan men li yo atè, e li te kraze yo nan baz mòn nan. 20Li te pran jèn towo ke yo te fè a; li te brile li avèk dife. Li te kraze l fè poud, e li te gaye li sou tout sifas dlo a. Konsa, li te fè fis Israël yo bwè li.

Moïse te di a Aaron: “Kisa pèp sa te fè ou la a, pou ou ta mennen yon si tèlman gwo peche sou yo?”

Aaron te di: “Pa kite kòlè a mèt mwen briye. Ou konnen pèp sa a ou menm, 21ke yo toujou panche vè lemal. Paske 22yo te di mwen: ‘Fè yon dye pou nou ki va ale devan nou. Paske Moïse sila a, mesye ki te mennen nou monte sòti nan peyi Égypte la, nou pa konnen sa ki rive li.’” “Mwen te di yo: ‘Nenpòt moun ki gen nenpòt lò, ke yo chire retire li.’ Alò, yo te ban mwen li, mwen te 23jete li nan dife a, e ti towo sa a te parèt.”

Alò, lè Moïse te wè ke pèp la te pèdi kontwòl nèt—paske Aaron te 24kite yo pèdi kontwòl pou yo te kapab devni yon rizib pami lènmi yo— Alò, Moïse te vin kanpe nan pòtay kan an, e li te di: “Nenpòt moun ki pou SENYÈ a vin kote mwen!” Epi tout fis Levi yo te rasanble kote li.

Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, chak moun nan nou mete nepe nou sou kwis nou. Ale tout kote pòtay sou pòtay nan kan an, e chak touye frè nou, chak zanmi nou, chak vwazen nou.”

Konsa, 25fis a Levi yo te fè sa ke Moïse te enstwi yo a, e anviwon twa-mil moun nan pèp la te tonbe nan jou sa a.

Alò Moïse te di: “Konsakre nou nan menm jou sa a bay SENYÈ a—paske chak moun te kont fis li, e kont frè li—pou Li kapab beni nou jodi a.”

Nan pwochen jou a, Moïse te di a pèp la: “Nou pou kont nou te komèt yon gwo peche. Koulye a mwen ap monte vè SENYÈ a. Petèt mwen kapab twouve padon pou peche nou yo.”

Alò, Moïse te retounen vè Bondye, e te di: “Elas, pèp sa a komèt yon gwo peche. Yo te gen tan fè yon 26dye an lò pou yo menm. Men koulye a, si Ou va padone, padone peche yo—e si non, souple efase mwen nan 27liv ke Ou te ekri a!”

SENYÈ a te di a Moïse: “Nenpòt moun ki te peche kont Mwen, 28Mwen va efase li nan liv Mwen an. Men ale koulye a, mennen pèp la 29kote Mwen te di ou a. Veye byen, 30zanj Mwen va ale devan ou. Malgre sa, nan jou ke Mwen va pini an, Mwen va pini yo pou peche yo a.” 31

Konsa, SENYÈ a te frape pèp la akoz sa yo te fè avèk jèn towo ke Aaron te fè a.

Source notes (31)
  1. Cross-reference Trav 7:40
  2. Cross-reference Egz 14:11
  3. Cross-reference Egz 35:22
  4. Cross-reference Sòm 106:19
  5. Cross-reference I Kor 10:7
  6. Cross-reference Jen 6:11
  7. Cross-reference Egz 20:3,4,23
  8. Cross-reference I Wa 12:28
  9. Cross-reference És 48:4
  10. Cross-reference Det 9:14
  11. Cross-reference Nonb 14:12
  12. Cross-reference Det 9:18,26
  13. Cross-reference Det 9:28
  14. Cross-reference Eb 6:13
  15. Cross-reference Jen 26:4
  16. Cross-reference Sòm 106:45
  17. Cross-reference Det 9:15
  18. Cross-reference Egz 31:18
  19. Cross-reference Egz 32:6
  20. Cross-reference Det 9:21
  21. Cross-reference Det 9:24
  22. Cross-reference Egz 32:1-4
  23. Cross-reference Egz 32:4
  24. Cross-reference I Wa 12:28
  25. Cross-reference Nonb 25:7-13
  26. Cross-reference Egz 20:23
  27. Cross-reference Dan 12:1
  28. Cross-reference Sòm 9:5
  29. Cross-reference Egz 3:17
  30. Cross-reference Egz 23:20
  31. Cross-reference Egz 32:28

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.