Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Egzòd 15

1

Alò Moïse avèk fis Israël yo te chante chan sila a a SENYÈ a. Yo te di:

“Mwen va chante a SENYÈ a paske viktwa Li etonan.

Cheval la avèk moun ki monte l la,

Li te voye yo nan lanmè. 2

“SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen

epi konsa, Li gen tan vin delivrans mwen.

Sa se Bondye pa m,

e mwen va louwe Li;

Bondye a papa m nan,

e mwen va 3leve Li wo.

SENYÈ a se yon gèrye;

Se SENYÈ yo rele L. 4 5

Cha Farawon yo avèk lame l lan,

Li te voye yo nan lanmè.

Pi bon pami chèf li yo te plonje

mouri nan Lanmè Wouj.

Fon yo kouvri yo. 6

Yo plonje ba nan fon yo tankou wòch.

Men dwat Ou, SENYÈ,

ranpli ak majeste avèk pwisans. 7

Men dwat Ou, O SENYÈ,

vin dechire lènmi an nèt.

Ak tout grandè Ou,

Ou te ranvoye tout sa yo

ki leve kont Ou.

Ou te voye lakolè ou deyò.

Li te brile yo nèt kon pay.

Avèk gwo souf ki sòti nan nen ou

kouran dlo yo vin kanpe fè gwo pil.

Dlo k ap koule a te 8vin kanpe tankou yon miray.

Fon yo te vin koule nan kè lanmè a. 9

Lènmi an te di: “Mwen va pouswiv yo; mwen va pran yo.

Mwen va divize richès yo.

Volonte m kont yo va satisfè.

Mwen va rale nepe mwen.

Se men m k ap detwi yo.”

Ou te soufle avèk van Ou.

Lanmè a te vin kouvri yo.

Yo te plonje tankou plon nan dlo pwisan yo10

Kilès ki tankou Ou pami dye yo, O SENYÈ?

Kilès ki tankou Ou?

Kilès ki tankou ou

nan majeste ak sentete,

etonan nan lwanj, 11

k ap fè mèvèy yo? 12

Ou te lonje men dwat Ou;

Lanmè a te vale yo.

Nan lanmou ak mizerikòd Ou,

Ou te 13mennen pèp ke Ou te 14ransone a.

Nan pwisans Ou an,

Ou te gide yo rive nan abitasyon sen pa Ou a. 15

Lòt nasyon pèp yo te tande.

Y ap tranble.

Gwo lakrent vin sezi abitan Philistine yo.

Epi chèf Édom yo vin sezi. 16

Gèrye nan Moab yo pran tranble. 17

Tout abitan Canaan yo te fonn e vin disparèt.

Sezisman avèk laperèz vin tonbe sou yo. 18

Pa pwisans bra Ou, yo vin san fòs tankou wòch;

jis lè pèp Ou a vin janbe, O SENYÈ,

Jis lè pèp ke Ou te 19ransone a vin janbe.

Ou va mennen yo antre,

e plante yo nan 20gwo mòn eritaj pa Ou a,

plas la, O SENYÈ, ke Ou te fè tankou abitasyon pa Ou a, 21

lye sen an, O SENYÈ, ke men Ou te etabli a.

SENYÈ a va renye pou tout tan, e pou tout tan.”

Paske cheval Farawon yo avèk cha li yo avèk mèt cheval li yo te antre nan lanmè a, e SENYÈ a te fè dlo lanmè a retounen sou yo. Men fis Israël yo te mache nan 22tè sèch nan mitan lanmè a. 23

Marie, pwofetès ak sè Aaron an te pran tanbouren an nan men l. Tout fanm yo te sòti dèyè li avèk tanbouren yo. Yo t ap danse. Marie te reponn yo: 24

“Chante a SENYÈ a, paske Li egzalte byen wo.

Cheval la avèk Mèt Cheval la Li te voye yo nan lanmè.”

Alò, Moïse te mennen Israël soti kite Lanmè Wouj la. Yo te ale nan 25dezè 26Schur a, epi yo te vwayaje twa jou nan dezè a. Men yo pa t jwenn dlo. Lè yo rive nan 27Mara, yo pa t kab bwè dlo Mara a, paske li te anmè. Se pou sa yo te rele l Mara. Alò, pèp la te 28plenyen kont Moïse. Yo te di: “Kisa n ap bwè?”

Konsa, li te kriye a SENYÈ a, epi SENYÈ a te montre li yon pyebwa. Lè li te jete li nan dlo a, e dlo a te vin dous.

La menm, Li te 29fè pou yo yon lòd avèk yon règleman, epi la, Li te fè yo 30pase a leprèv. Li te di: 31“Si nou okipe byen vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, si nou fè sa ki bon nan zye Li, si nou bay zòrèy nou a 32kòmandman Li yo, e kenbe lwa Li yo, Mwen p ap mete sou nou, okenn nan maladi ke M te mete sou Ejipsyen yo; paske se Mwen, SENYÈ ki geri nou an.”

Alò, yo te rive nan 33Élim kote ki te gen douz sous dlo ak swasann-dis palmye dat yo, e yo te fè kan akote dlo a.

Source notes (33)
  1. Cross-reference Sòm 106:12
  2. Cross-reference Hab 3:18
  3. Cross-reference És 25:1
  4. Cross-reference Egz 3:15
  5. Cross-reference Egz 14:6,7,17,28; Rev 19:11
  6. Cross-reference Egz 15:10
  7. Cross-reference Sòm 118:15,16
  8. Cross-reference Sòm 78:13
  9. Cross-reference Egz 14:5,8,9
  10. Cross-reference Egz 15:5
  11. Cross-reference Sòm 72:18
  12. Cross-reference Egz 15:6
  13. Cross-reference Sòm 77:20
  14. Cross-reference Egz 15:16
  15. Cross-reference Det 2:25
  16. Cross-reference Nonb 22:3,4
  17. Cross-reference Jos 2:9,11,24
  18. Cross-reference Egz 15:5,6
  19. Cross-reference Sòm 74:2
  20. Cross-reference Sòm 2:6
  21. Cross-reference Sòm 78:69
  22. Cross-reference Egz 14:22,29
  23. Cross-reference Egz 2:4
  24. Cross-reference Egz 15:1
  25. Cross-reference Nonb 33:8
  26. Cross-reference Jen 16:7
  27. Cross-reference Nonb 33:8
  28. Cross-reference Egz 14:11
  29. Cross-reference Jos 24:25
  30. Cross-reference Egz 16:4
  31. Cross-reference Det 7:12
  32. Cross-reference Egz 20:2-7
  33. Cross-reference Nonb 33:9

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.