Bib Sen An
Egzòd 11
Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Yon malè anplis Mwen va fè rive sou Farawon, ak sou Égypte; 1apre sa li va kite nou sòti isit la. Lè li kite nou ale, anverite li va pouse nou ale sòti isit la nèt. Pale koulye a pou tout moun tande, ke 2chak gason mande vwazin li, e chak fanm vwazen pa li pou kèk bagay fèt an ajan ak bagay ki fèt an lò.”
SENYÈ a te bay pèp la favè nan zye Ejipsyen yo. 3Anplis nonm nan, Moïse te byen estime nan peyi Égypte la, ni nan zye sèvitè a Farawon yo, ni nan zye a moun yo.
Moïse te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Vè 4minwit M ap prale nan mitan Égypte la. Epi 5tout nan premye ne nan peyi Égypte yo va mouri, soti nan premye ne Farawon ki chita sou twòn li an, jiska premye ne nan fi esklav ki dèyè wòch moulen yo; menm tout nan premye ne nan bèt yo tou. Anplis de sa, va gen yon gran 6kri lamantasyon jan li pa t genyen avan, ak jan li p ap janm genyen ankò. 7Men kont fis Israël yo, menm yon chen p ap jape, ni kont moun ni kont bèt, pou nou kapab konprann, jan SENYÈ a fè yon distenksyon antre Égypte avèk Israël. 8
“‘Tout sa yo, sèvitè pa w yo va vin bese ba devan m, e yo va di: ‘Ale deyò, ou menm avèk tout moun ki swiv ou yo, e apre sa, mwen va ale deyò.’” Epi li te sòti devan Farawon, ranpli avèk kòlè e byen cho.
Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Farawon p ap koute ou, 9pou mèvèy Mwen yo kapab vin miltipliye nan peyi Égypte la.” 10
Moïse avèk Aaron te fè tout mèvèy sa yo devan Farawon; malgre sa, SENYÈ a te fè kè l di, e li pa t kite fis Israël yo sòti deyò peyi li a.
Source notes (10)
- Cross-reference Egz 12:31,33,39
- Cross-reference Egz 3:22
- Cross-reference Det 34:10-12
- Cross-reference Egz 12:29
- Cross-reference Egz 12:12,29
- Cross-reference Egz 12:30
- Cross-reference Egz 8:22
- Cross-reference Egz 12:31-33
- Cross-reference Egz 7:3
- Cross-reference Egz 4:21; Egz 9:12
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.