Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Egzòd 10

Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Ale vè Farawon, paske 1Mwen te fè kè l di, ak kè a sèvitè li yo, pou Mwen kapab fè sign sa yo selon Mwen menm pami yo, epi 2pou ou kapab rakonte nan zòrèy fis ou yo, ak fis a fis ou yo sa Mwen te fè Égypte, ak jan Mwen te fè sign Mwen yo pami yo, pou nou kapab konnen ke Mwen se SENYÈ a.”

Moïse avèk Aaron te ale vè Farawon, e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: ‘Jiska konbyen de tan ou va refize 3imilye ou devan Mwen? Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.

“‘Oswa, si ou refize kite pèp Mwen an ale, gade byen, demen Mwen va mennen krikèt nan tèritwa pa w la. Yo va kouvri tout sifas latè pou pèsòn pa kab wè tè a. 4Yo va anplis manje rès nan sa ki te chape yo—sa ki te rete pou ou aprè lagrèl la—e yo va manje chak bwa ki vin boujonnen pou ou nan chan an. Konsa, kay nou yo va vin ranpli, kay a tout sèvitè nou yo, e kay a tout Ejipsyen yo, yon bagay ke ni papa nou yo, ni papa a papa nou yo pa t janm wè, depi jou ke yo te vini sou tè a, jiska jodi a.’” Konsa, li te vire kite Farawon.

Sèvitè Farawon yo te di li: “Pou konbyen de tan mesye sila a ap rete tankou 5yon pèlen pou nou? Kite mesye yo ale pou yo kapab sèvi SENYÈ Bondye yo a. Èske ou pa wè ke Égypte gen tan fin detwi?”

Alò, yo te 6mennen Moïse avèk Aaron retounen vè Farawon. Li te di yo: “7Ale sèvi SENYÈ a, Bondye ou a! Kilès nan nou k ap prale yo?”

Moïse te di: 8 “Nou va ale avèk jenn nou yo, ak granmoun nou yo. Avèk fis nou yo ak fi nou yo, avèk bann mouton nou yo, ak twoupo nou yo. Nou va ale, paske nou oblije fè yon fèt pou onore SENYÈ a.”

Alò li te di yo: “Vrèman SENYÈ a avèk nou, si janmen ou wè mwen ta kite nou avèk pitit nou yo ale! Veye nou, paske se mechanste nou anvizaje nan tèt nou. Se pa konsa! Ale koulye a ak mesye ki pami nou yo, pou sèvi SENYÈ a, konsi se sa menm nou vle fè.” Konsa yo te 9chase yo ale kite prezans Farawon.

Alò SENYÈ a te di a Moïse: “10Lonje men ou sou peyi Égypte la pou krikèt yo, pou yo kapab vin monte sou peyi Égypte la, pou yo ka 11manje chak plan ki nan tè a, menm tout sa ke lagrèl la te kite yo.”

Alò, Moïse te lonje baton li sou peyi Égypte la, e SENYÈ a te dirije yon van lès sou latè pandan tout jounen an, ak tout nwit lan.

Epi lè li te vin maten, van lès la te pote 12krikèt yo. 13Krikèt yo te vini sou tout latè an Égypte. Yo te vin rete nan tout tèritwa Égypte la; yo te debòde l nèt. Pa t janm genyen fòs kantite krikèt egal a sa a, ni p ap janm genyen ankò. Paske yo te kouvri sifas tout tè a, jiskaske latè te vin tounwa, epi yo te 14manje chak plant peyi a ak tout fwi nan bwa ke lagrèl te kite yo. Konsa, anyen vèt pa t rete nan bwa yo ni plant chan yo nan tout peyi Égypte la.

Alò, Farawon te fè vit pou rele Moïse avèk Aaron, e li te di: “15Mwen te peche kont SENYÈ a Bondye nou an, e kont nou menm. Alò, pou sa, souple padone peche mwen yo sèlman pou fwa sa a, e 16fè lapriyè pou mwen bay SENYÈ a, Bondye nou an, pou Li ta sèlman retire lanmò sa a sou mwen.” 17

Li te sòti devan Farawon e li te fè lapriyè bay SENYÈ a. Alò, SENYÈ a te fè van an chanje an yon van lwès byen fò ki te leve pran tout krikèt yo, e te voye yo nan Lamè Wouj. Menm yon sèl krikèt pa t rete nan tout tèritwa Égypte la. Men 18SENYÈ a te fè kè Farawon an vin di, e li pa t kite fis Israël yo ale.

Alò SENYÈ a te di Moïse: “19Lonje men ou vè syèl la, pou kapab vin gen tenèb sou tout peyi Égypte la, menm yon tenèb tèlman lou ke yon moun ka santi l.”

Alò Moïse te lonje men l vè syèl la, e te vin gen yon 20pwofon tenèb nan tout peyi Égypte la pandan twa jou. Yo pa t kapab wè youn lòt ni pèsòn pa t leve kite kote yo ye a pandan twa jou. 21Men tout fis Israël yo te gen limyè nan andwa pa yo a.

Alò Farawon te rele Moïse. Li te di: “Ale, sèvi SENYÈ a, men kite bann mouton avèk twoupo yo dèyè. Menm 22pitit nou yo kapab ale avèk nou.”

Men Moïse te di: “Ou oblije osi kite nou fè sakrifis e brile ofrann, pou nou kapab fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an. 23Pou sa, bèt nou yo tou ap prale avèk nou. Pa menm yon zago p ap rete dèyè, paske nou va pran kèk nan yo pou sèvi SENYÈ a, Bondye nou an. Epi jiskaske nou rive la, nou menm pa konnen avèk kilès nan yo nou oblije sèvi SENYÈ a.”

Men 24SENYÈ a te fè kè a Farawon vin di, e li pa t dakò kite yo ale. Alò, Farawon te di li: “25Sòti sou mwen! Veye ou pou pa wè figi m ankò, paske nan jou ou wè figi m ou va mouri.”

Moïse te di: “Ou gen rezon; 26Mwen p ap janmen wè figi ou ankò!”

Source notes (26)
  1. Cross-reference Egz 4:21
  2. Cross-reference Egz 12:26,27
  3. Cross-reference I Wa 21:29
  4. Cross-reference Jl 1:4
  5. Cross-reference Egz 23:23
  6. Cross-reference Egz 8:8
  7. Cross-reference Egz 8:25
  8. Cross-reference Egz 12:37,38
  9. Cross-reference Egz 10:28
  10. Cross-reference Egz 7:19
  11. Cross-reference Egz 10:5-15
  12. Cross-reference Sòm 78:46
  13. Cross-reference Det 28:38
  14. Cross-reference Egz 10:5
  15. Cross-reference Egz 9:27
  16. Cross-reference Egz 8:8,28
  17. Cross-reference Egz 8:30
  18. Cross-reference Egz 4:21
  19. Cross-reference Egz 9:22
  20. Cross-reference Sòm 105:28
  21. Cross-reference Egz 8:22
  22. Cross-reference Egz 10:10
  23. Cross-reference Egz 10:9
  24. Cross-reference Egz 4:21
  25. Cross-reference Egz 10:11
  26. Cross-reference Egz 11:8

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.