Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Esther 9

Alò, nan douzyèm mwa a (sa vle di mwa Adar la), sou trèzyèm jou a, 1lè lòd a wa a avèk dekrè li a te prèt pou acheve, nan jou lè lènmi a Jwif yo te gen espwa vin mèt sou yo a, li te vin vire tèt anba jiskaske Jwif yo menm te vin domine sou sila ki te rayi yo. Jwif yo te rasanble nan vil pa yo toupatou nan pwovens a Wa Assuérus yo pou mete men yo sou sila ki te chache fè yo mal yo. Konsa, pa t genyen moun ki te kab kanpe devan yo, 2paske perèz yo te vin tonbe sou tout moun nan pèp yo. Menm tout chèf pwovens yo, 3reprezantan a wa yo, gouvènè yo e sila ki t ap fè afè a wa yo te asiste Jwif yo akoz laperèz a Mardochée te vin tonbe sou yo. Anverite, Mardochée te gran lakay a wa a e repitasyon li te gaye toupatou nan pwovens yo, paske nonm nan, Mardochée, 4te vin pi gwo e pi gwo. Konsa, 5 Jwif yo te frape tout lènmi yo avèk nepe, te touye e detwi. Yo te fè sa yo te pito a sila ki te rayi yo. Nan sitadèl Suse la, Jwif yo te touye e detwi senk-san òm. Yo te touye Parchandatha, Dalphon, Aspatha, Poratha, Adalia, Aridatha, Parmaschtha, Arizaï, Aridaï avèk Vajezatha, dis fis a Haman yo, fis a Hammedatha yo, lènmi a Jwif yo. Men yo te refize touche piyaj la.

Nan menm jou sa a, fòs kantite a sila ki te touye nan sitadèl Suse la te rapòte a wa a. Wa a te di a rèn Esther: “Jwif yo te fin touye e detwi senk-san moun avèk fis a Haman yo nan sitadèl Suse la. Alò, konsa se kisa ke yo gen tan fè nan lòt pwovens a wa yo!” 6Koulye a, se ki petisyon ou? Menm li menm va bay a ou menm. Epi kisa ou mande anplis? Li menm tou va fèt.

Epi Esther te di: “Si sa se plezi a wa a, 7kite demen, anplis, vin bay a Jwif ki nan Suse yo, pou fè menm ak dekrè ki pou jodi a; epi kite dis fis a Haman yo vin pann sou wo etaj la.”

Pou sa, wa a te kòmande pou li ta fèt konsa. Yon dekrè te pibliye nan Suse e dis fis a Haman yo te pann. Jwif ki te nan Suse yo te rasanble, anplis, nan katòzyèm jou nan mwa Adar la e te touye twa-san moun nan Suse, men 8yo pa t mete men yo sou piyaj la.

Alò, tout lòt moun nan Jwif yo ki te nan pwovens yo te 9rasanble pou defann lavi yo, pou te retire lènmi yo pami yo e pou te touye swasann-kenz-mil nan sila ki te rayi yo; men yo pa t mete men yo sou piyaj la. Sa te fèt nan 10trèzyèm jou nan mwa Adar la e nan katòzyèm jou a, yo te repoze e te fè li yon jou gwo fèt avèk rejwisans.

Men 11Jwif ki te nan Suse yo te rasanble nan trèzyèm avèk katòzyèm jou nan menm mwa a. Men yo te repoze nan kenzyèm jou a, e te fè li yon jou gwo fèt avèk rejwisans. Pou sa, Jwif nan andwa andeyò yo, ki te rete nan 12lavil riral yo, fè katòzyèm jou nan mwa Adar la yon jou fèt pou rejwi, fè fèt ak voye pòsyon manje bay youn lòt.

Epi Mardochée te fè yon rapò de evènman sila yo, e li te voye lèt a tout Jwif ki te nan tout pwovens a Wa Assuérus yo, ni sila ki pre yo, ni sila ki te lwen yo, pou fè yo konprann se devwa yo pou selebre katòzyèm jou a mwa Adar la avèk kenzyèm jou nan menm mwa a chak ane, paske nan jou sa yo, Jwif yo retire lènmi yo e se te nan mwa sa a ke tristès la te 13vin vire an kè kontan e kite rele anmwey la pou rive fè yon jou fèt; ke yo ta dwe fè yon jou a gwo bankè ak rejwisans; epi pou 14voye manje bay youn lòt avèk kado pou pòv yo. Konsa, Jwif yo te acheve fè sa ke yo te kòmanse fè a e menm sa ke Mardochée te ekri yo. Paske Haman, fis a Hammedatha a, Agagit la, advèsè a tout Jwif yo, te manevre kont Jwif yo pou detwi yo, e 15te voye Pur, sa vle di osò, pou deranje yo ak detwi yo. Men lè li te rive nan atansyon a wa a, li te pase lòd pa lèt 16ke manèv mechan li an pou li te divize kont Jwif yo ta retounen sou pwòp tèt li, e ke li menm avèk fis li yo ta pann sou wo etaj la.

Pou sa, yo rele jou sila yo Purim menm non ak Pur. Epi 17akoz enstriksyon nan lèt sila yo, akoz sa yo te wè konsa ak sa ki te rive yo, 18Jwif yo te etabli e te fè kon koutim yo avèk desandan yo, pou tout sila ki te fè alyans avèk yo, pou yo pa ta manke selebre de jou sa yo selon règ e selon tan ki apwente chak ane. Pou sa, jou sa yo te gen pou sonje e selebre pandan tout jenerasyon, tout fanmi, tout pwovens ak tout vil; epi jou a Purim sila yo pa te janm dwe neglije pami Jwif yo, ni memwa yo vin pèdi fòs pami desandan yo.

Epi rèn Esther, 19fi a Abichaïl la, avèk Mardochée, Jwif la, te ekri avèk plen otorite pou konfime dezyèm lèt sa a konsènan Purim. Li te voye lèt yo a tout Jwif 20nan san-venn-sèt pwovens a wayòm Assuérus yo, avèk pawòl lapè ak verite, pou etabli jou a Purim sila yo nan tan ki apwente, jis jan ke Mardochée avèk rèn Esther te etabli a pou yo menm e pou desandan pa yo avèk enstriksyon 21pou tan jèn avèk lamantasyon yo. Se te lòd Esther a ki te etabli koutim sila yo pou 22Purim, e sa te ekri nan liv la.

Source notes (22)
  1. Cross-reference Est 3:13
  2. Cross-reference Est 8:17
  3. Cross-reference Esd 8:36
  4. Cross-reference II Sam 3:1
  5. Cross-reference Est 3:13
  6. Cross-reference Est 5:6
  7. Cross-reference Est 8:11
  8. Cross-reference Est 9:10
  9. Cross-reference Lev 26:7-8
  10. Cross-reference Est 9:1
  11. Cross-reference Est 8:11
  12. Cross-reference Det 3:5
  13. Cross-reference Sòm 30:11
  14. Cross-reference Né 8:12
  15. Cross-reference Est 3:7
  16. Cross-reference Est 3:6-15
  17. Cross-reference Est 9:20
  18. Cross-reference Est 9:20-21
  19. Cross-reference Est 2:15
  20. Cross-reference Est 1:1
  21. Cross-reference Est 4:3
  22. Cross-reference Est 9:26

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.