Bib Sen An
Esther 10
Alò Wa Assuérus te 1enpoze yon taks sou peyi a avèk 2 peyi kot lanmè yo. Epi tout sa li te acheve, otorite li avèk fòs li, ak listwa konplè ak 3wotè Mardochée te acheve nan sila wa a te fè l rive a, èske sila yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa Mèdes Avèk Perse yo? Paske Mardochée, Jwif la, te 4 sèl dezyèm a Wa Assuérus la, byen gran pami Jwif yo, e byen renmen pa gwo fanmi li, tankou 5yon moun ki te chache sa ki bon pou pèp li, e yon moun ki te pale lapè a tout desandan li yo.
Source notes (5)
- Cross-reference És 11:11
- Cross-reference És 11:11
- Cross-reference Est 8:15
- Cross-reference Jen 41:43-44
- Cross-reference Né 2:10
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.