Bib Sen An
Esther 6
Pandan nwit lan, wa a 1pa t kab dòmi. Pou sa, li te pase lòd pou mennen liv achiv kwonik yo pou yo te li li devan wa a. Li te twouve ekri ladann sa ke 2Mardochée te rapòte konsènan Bigthan avèk Théresch la, de nan enik wa ki te gadyen pòtay yo, ki te chache pou mete men yo sou wa Assuérus la. Wa a te mande: “Ki distenksyon oswa onè yo te bay a Mardochée pou sèvis sa a?”
Sèvitè a wa yo te di: “Anyen pa t fèt pou li.”
Pou sa, wa a te di: “Kilès ki nan lakou a?” Alò, Haman te fenk antre nan lakou deyò a palè wa a pou l ta kab pale avèk wa a konsènan afè 3pann Mardochée sou etaj ki te bati pou li a.
Sèvitè a wa a te di li: “Men gade byen, Haman kanpe nan lakou a.” Epi wa a te di li: “Kite li antre.” Pou sa, Haman te antre anndan e wa a te di li: “Kisa ki ta dwe fèt pou nonm nan4ke wa a dezire onore a?” Epi Haman te di nan tèt li: “Se kilès wa a ta vle onore plis ke mwen menm nan?” Epi Haman te di a wa a: “Pou nonm ke wa a vle onore a, kite yo mennen yon vètman wayal ke wa a te konn mete, avèk 5cheval ke wa a te konn monte e sou tèt a sila, yon kouwòn wa a te fin mete. Epi, konsa, kite vètman avèk cheval la remèt a youn nan chèf a wa ki pi onore a e kite yo abiye moun ke wa a vle onore a, mennen li sou do cheval la toupatou nan plas lavil la 6e pwoklame devan li, ‘Se konsa pou l ta fèt a moun nan ke wa a vle onore a.’”
Epi wa a te di a Haman: “Byen vit pran vètman avèk cheval la kon ou te pale a e fè sa pou Mardochée, Jwif la, ki chita nan pòtay wa a. Pa manke nan anyen a tout sa ke ou te pale yo.”
Konsa, Haman te pran vètman an avèk cheval la, te abiye Mardochée, te mennen li sou cheval la nan tout plas lavil la, e te fè pwoklamasyon devan l, “Se konsa li va fèt pou nonm ke wa a vle onore a.”
Konsa, Mardochée te retounen nan pòtay a wa a, men Haman te kouri byen vit pou rive lakay li avèk kri doulè, 7 ak tèt li kouvri. Haman te rakonte a 8Zéresch, madanm li avèk tout zanmi li yo tout sa ki te rive li yo. Epi mesye saj yo avèk Zéresch, madanm li an, te di li: “Si Mardochée, devan sila ou kòmanse tonbe a, sòti nan Jwif yo, anverite, ou p ap genyen sou li, men anverite, ou va tonbe devan li.” Pandan yo t ap toujou pale avèk li, enik a wa yo te rive e byen prese, yo te 9mennen Haman nan bankè ke Esther te prepare a.
Source notes (9)
- Cross-reference Det 6:16
- Cross-reference Est 2:21-22
- Cross-reference Est 5:14
- Cross-reference Est 6:7-11
- Cross-reference I Wa 1:33
- Cross-reference Jen 41:43
- Cross-reference II Sam 15:30
- Cross-reference Est 5:10
- Cross-reference Est 5:8
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.