Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Esther 5

Alò, li te vin rive nan twazyèm jou ke Esther te mete sou li vètman wayal la, e te kanpe nan 1lakou enteryè a palè wa a devan chanm wa yo, e wa a te chita sou twòn wayal li a nan chanm twòn anfas antre pale a. Lè wa a te wè Esther, rèn nan, te kanpe nan lakou a, 2li te twouve favè nan zye li. Konsa, 3wa a te lonje baton a wa a fèt an lò ki te nan men l lan, vè Esther. Pou sa, Esther te pwoche pre pou te touche pwent an wo baton an.

Epi wa a te di li: “Se kisa ki twouble ou, rèn Esther? Epi se kisa ke w ap mande? 4Menm jis mwatye wayòm mwen, li va bay a ou menm.”

Esther te di: “Si sa fè wa a plezi, ke wa a avèk Haman kapab vini nan menm jou sa a nan yon bankè ke m gen tan prepare pou li.”

Alò wa a te di: 5“Mennen Haman byen vit pou nou kapab fè kon Esther vle a.” Konsa, wa a avèk Haman te vini nan bankè ke Esther te prepare a.

Pandan yo t ap bwè diven nan bankè a, 6 wa a te di a Esther: “Se ki petisyon ke ou ap fè a, paske li va bay a ou menm. Kisa menm ou ap mande a? Menm jis mwatye wayòm nan, li va fèt.”

Konsa, Esther te reponn: “Men petisyon mwen an e sa ke m mande a: 7Si mwen twouve favè nan zye a wa a, e si sa fè l plezi pou ban mwen petisyon mwen an, e fè sa ke m mande a, ke wa a avèk Haman kapab parèt nan bankè ke m va prepare pou yo a, e demen mwen va fè selon sa ke wa a mande a.”

Alò, Haman te sòti nan jou sa a byen kontan avèk rejwisans nan kè l, men lè li te wè Mardochée 8 nan pòtal palè a wa a, e 9te wè li pa t leve, ni tranble devan l, konsa, Haman te ranpli avèk laraj kont Mardochée. Haman te kontwole tèt li menm malgre sa e te ale lakay li pou te voye chache zanmi li yo avèk madanm li, 10 Zérescha. Alò, Haman te rakonte yo glwa a richès li, fòs kantite pitit li yo, chak moman ke wa a te 11 leve li, e te fè l monte pi wo chèf avèk sèvitè a wa a.

Anplis, Haman te di: “Menm Esther, rèn nan pa t kite lòt moun sof ke mwen menm vini avèk wa a nan bankè ke li te prepare a; epi 12demen, ankò, mwen envite pa li menm avèk wa a. Malgre tout sa, mwen vin pa kontan chak fwa ke m wè Mardochée, Jwif ki chita nan 13pòtay a wa a.”

Epi Zéresch, madanm li an, te di li: 14“Fè yo prepare yon wo etaj senkant koude nan wotè, e demen maten, mande wa a pou pann Mardochée ladann. Epi apre, ale nan bankè a avèk jwa.” Konsèy la te fè Haman byen kontan e li te fè yo prepare etaj la.

Source notes (14)
  1. Cross-reference Est 4:11
  2. Cross-reference Est 2:9
  3. Cross-reference Est 4:11
  4. Cross-reference Est 7:2
  5. Cross-reference Est 6:14
  6. Cross-reference Est 7:2
  7. Cross-reference Est 7:3
  8. Cross-reference Est 2:19
  9. Cross-reference Est 3:5
  10. Cross-reference Est 6:13
  11. Cross-reference Est 3:1
  12. Cross-reference Est 5:8
  13. Cross-reference Est 5:9
  14. Cross-reference Est 6:4

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.